Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sean Gladwell/Moment via Getty Images

KONTINYE VEYE!

Gouvènman toupatou sou tè a depanse plis pase 2 mil milya dola pou lame yo — Ki sa Bib la di?

Gouvènman toupatou sou tè a depanse plis pase 2 mil milya dola pou lame yo — Ki sa Bib la di?

 Pandan ane 2022 a, gouvènman toupatou sou tè a te depanse plis pase 2, 24 mil milya dola ameriken pou lame yo. Yo pa t janm depanse tout kòb sa a anvan sa pou lame yo. Rezon ki plis fè yo depanse kòb sa a se akoz Larisi anvayi Ikrèn. Ann avril 2023, gen yon enstiti yo rele SIPRI (Stockholm International Peace Research Institute) ki te soti yon rapò kote li fè konnen pandan ane 2022 a:

  •   Depans gouvènman ann Ewòp yo fè pou lame yo “ogmante 13 pousan pandan ane a. Se pi gwo ogmantasyon nan depans gouvènman ann Ewòp yo fè depi gè fwad la te fini an 1991.”

  •   “Depans Larisi […] ogmante anviwon 9,2 pousan. Sa ki fè kounye a li se twazyèm peyi nan monn nan ki depanse plis kòb pou lame, alòske anvan sa li te senkyèm peyi.”

  •   Etazini rete peyi ki depanse plis kòb pou lame paske “li te depanse 39 pousan kòb anplis pase kantite kòb yon tyè gouvènman toupatou sou tè a te depanse pou lame”.

 “Reyalite a sèke, lefèkte gouvènman yo kontinye ap ogmante kantite kòb yo depanse pou lame yo nan dènye ane yo, sa montre n ap viv nan yon monn ki vin pi danjere chak jou.” Se sa doktè Nan Tian, youn nan moun ki te ekri rapò SIPRI a, te di.

 Bib la te deja fè konnen t ap vin gen plis konfli ant gouvènman ki gen plis pouvwa sou tè a, men li te fè konnen tou sèl bagay ki ka pote vrè lapè a.

Bib la te anonse t ap vin gen plis konfli ant lame yo sou tè a

  •   Bib la rele epòk n ap viv la “tan lafen an”.Dànyèl 8:19.

  •   Liv Dànyèl la te anonse nan epòk sa a, pisans nan monn nan t ap an konpetisyon youn ak lòt. Pisans mondyal sa yo t ap nan “lit” youn ak lòt paske yo chak t ap vle pou se yo menm ki gen plis pouvwa. Lit sa a t ap lakòz yo depanse anpil kòb nan “trezò” yo. — Dànyèl 11:40, 42, 43.

 Pou nou ka aprann plis sou bèl pwofesi sa a nan Bib la, gade videyo Pwofesi a reyalize — Dànyèl chapit 11.

Ki fason ap rive gen vrè lapè?

  •   Bib la di Bondye pral retire gouvènman lèzòm yo. L ap “tabli yon wayòm ki pap janm kraze. E wayòm sa a pap vin anba men okenn lòt pèp. L ap kraze tout wayòm sa yo, l ap elimine yo, e se li menm sèl k ap rete pou toutan.” — Dànyèl 2:44.

  •   Talè konsa, Jewova a Dye pral fè sa lèzòm pa kapab fè, li pral fè gen vrè lapè k ap dire a. Ki jan? Wayòm li an, yon gouvènman ki nan syèl, pral elimine tout zam epi fini ak tout vyolans. — Sòm 46:8, 9.

 Pou w ka aprann plis sou sa Wayòm Bondye a pral fè, li atik “Lè Wayòm Bondye a ap dirije tè a, “lapè ap blayi tout kote”

a Jewova se non Bondye. — Sòm 83:18.