Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT DOUZ

Ou ka venk pwoblèm ki nuizib pou fanmi

Ou ka venk pwoblèm ki nuizib pou fanmi

1. Ki pwoblèm kache ki egziste nan kèk fanmi ?

YO FÈK fin lave vye machin nan e yo byen siye l. Pou moun k ap pase yo li parèt byen klere, prèske tounèf. Men, anba douko a, wouy ap wonje kò machin nan. Se menm bagay la ki rive kèk fanmi. Malgre ann aparans tout bagay sanble anfòm, se laperèz ak soufrans ki kache dèyè vizaj souriyan moun yo genyen. Pa anba, gen yon seri de pwoblèm ki tankou wouy k ap detwi lapè nan fanmi an. De nan pwoblèm ki ka pwodui efè sa a, se alkolis ak vyolans.

PWOBLÈM NUIZIB ALKOLIS LAKÒZ

2. a) Ki pwennvi Bib la sou itilizasyon bwason ki gen alkòl ? b) Ki sa alkolis ye ?

2 Bib la pa kondane itilizasyon modere bwason ki gen alkòl, men li kondane lè moun bwè pou l sou (Pwovèb 23:20, 21 ; 1 Korentyen 6:9, 10 ; 1 Timote 5:23 ; Tit 2:2, 3). Sepandan, alkolis plis pase bwè pou w sou, se yon obsesyon kwonik yon moun genyen pou bwason ki gen alkòl e se bwè san moderasyon. Moun ki bwè a gendwa se yon granmoun. Malerezman, yo ka jèn tou.

3, 4. Dekri efè alkolis la genyen sou konjwen moun ki bwè a ak sou pitit li.

3 Depi lontan Bib la te montre mal sèvi ak bwason ki gen alkòl ka detwi lapè nan yon fanmi (Detewonòm 21:18-21). Se tout fanmi an nèt k ap santi efè destriksyon pwogresif alkolis la lakòz. Madanm nan gendwa ap fè anpil efò pou l wè si l a fè mari a sispann bwè oubyen pou l rive fè fas ak konpòtman enprevizib mari a genyen *. Li eseye sere boutèy bwason an, li jete l, li sere lajan mari a, li mande l pou l demontre lanmou pou fanmi an, lanmou pou lavi e menm pou Bondye, men mari a bwè pi rèd. Piske efò l ap fè pou l anpeche mari a bwè echwe plizyè fwa, li santi l fristre e li santi l enpuisan. Li ka kòmanse gen laperèz, li ankòlè, li santi l koupab, li enève, tèt li chaje e li santi l pèdi respè pou tèt li.

Timoun yo pa epaye anba efè sa genyen lè yon paran yo bwè. Gen kèk yo maltrete. Gen lòt yo fè agresyon seksyèl sou yo. Timoun yo ka menm santi yo koupab kòmsi se yo ki lakòz paran an bwè. Byen souvan, kapasite yo genyen pou yo fè lòt moun konfyans detwi akoz konpòtman moun ki bwè a ki toujou ap chanje. Piske timoun yo pa ka pale franchman sou sa k ap pase lakay yo, yo ka vin aprann frennen santiman yo, souvan avèk tout move konsekans fizik sa genyen (Pwovèb 17:22). Mank konfyans timoun sa yo gen nan yo menm oubyen mank respè yo gen pou tèt yo kapab pousuiv yo jiskaske yo granmoun.

KI SA FANMI AN KA FÈ ?

5. Kòman yo ka rive metrize efè alkolis la, e poukisa sa difisil ?

5 Byenke anpil espesyalis di yo pa ka geri alkolis, pifò dakò, nan yon sèten mezi, yon retablisman posib grasa yon pwogram kote moun nan fè yon abstinans total (gade Matye 5:29). Sepandan, rive fè yon moun ki bwè aksepte èd, se yon bagay ki pi fasil pou di pase pou l fèt, paske an jeneral, moun ki bwè a refize admèt li gen yon pwoblèm. Toutfwa, lè moun ki nan fanmi an pran dispozisyon pou yo konbat efè alkolis la gen sou yo, li ka kòmanse rann li kont li gen yon pwoblèm. Yon doktè ki gen abitid ede moun ki bwè ansanm ak fanmi yo di : “ Mwen panse bagay ki pi enpòtan se pou moun ki nan fanmi an annik mennen aktivite yo nan lavi a fason ki ka pi pwofitab la. Moun ki bwè a ap vin pran konsyans tikras pa tikras jan gen yon gwo diferans ant li menm ak rès fanmi an. ”

6. Ki pi bon sous konsèy pou fanmi ki gen yon moun ki bwè ladan l ?

6 Si gen yon moun ki bwè nan fanmi w, konsèy enspire ki nan Bib la ka ede w viv fason ki pi pwofitab la (Izayi 48:17 ; 2 Timote 3:16, 17). Ann egzamine kèk prensip ki te ede kèk fanmi reyisi fè fas ak pwoblèm alkolis la.

7. Si yon moun nan fanmi an bwè, kiyès ki responsab ?

7 Sispann rann tèt ou koupab. Bib la di : “ Chak moun ap pote pwòp chay pa l ”, e “ nou chak pral rann Bondye kont pou tèt nou ”. (Galat 6:5 ; Women 14:12.) Moun ki bwè a ka eseye fè konprann se moun nan fanmi an ki responsab. Pa egzanp, li ka di : “ Si nou te boule pi byen avè m, mwen pa t ap bwè. ” Si lòt moun sanble ba l rezon, y ap ankouraje l kontinye bwè. Sepandan, menmsi nou viktim akoz sikonstans yo oubyen nou viktim akoz lòt moun, nou tout responsab zak nou fè, moun ki bwè a tou. — Gade Filipyen 2:12.

8. Site kèk bagay moun yo ka fè pou yo ede moun ki bwè a fè fas ak konsekans pwoblèm li an.

8 Pinga ou santi w oblije toujou pwoteje moun ki bwè a anba konsekans bwè l ap bwè a. Gen yon pwovèb biblik sou moun k ap fè gwo kòlè ki ka aplike nan ka moun ki bwè tou, li di : “ Si w ta delivre l, se pa ni youn ni de fwa w ap gen pou w kontinye fè sa ankò. ” ​(Pwovèb 19:19). Kite moun ki bwè a sibi konsekans bwè l ap bwè a. Kite l netwaye tèt li poukont li apre li fin sal kò l, oubyen kite se li ki rele patwon travay li demen maten apre li te fin dòmi sou.

9, 10. Poukisa fanmi ki gen yon moun ki bwè ladan l ta dwe aksepte èd, e èd kiyès an patikilye yo ta dwe chèche ?

9 Aksepte èd lòt moun. Pwovèb 17:17 di : “ Yon vrè konpayon renmen tout tan, e se yon frè ki fèt pou lè gen malè. ” Lè gen yon moun ki bwè nan fanmi w, gen malè. Ou bezwen èd. Pa ezite konte sou ‘ vrè konpayon yo ’pou w jwenn sipò (Pwovèb 18:24). Si w pale ak lòt moun ki konprann pwoblèm nan oubyen moun ki te rankontre menm sitiyasyon an, sa ka fè w jwenn konsèy pratik sou sa pou w fè ak sa pou w pa fè. Men se pou w gen ekilib. Pale ak moun ou fè konfyans, moun k ap kenbe ‘ pawòl ou konfidansyèl ’. — Pwovèb 11:13.

10 Aprann fè ansyen yo konfyans. Ansyen nan kongregasyon an kapab yon gwo sous èd. Mesye sa yo, ki gen matirite, konnen Pawòl Bondye a e yo gen eksperyans sou fason pou yo aplike prensip ki ladan l yo. Yo kapab “ tankou yon kachèt kont van, tankou yon refij kont tanpèt lapli, tankou rigòl dlo nan yon tè sèk, tankou lonbray yon wòch masif nan yon tè ki depafini ”. (Izayi 32:2.) Nonsèlman ansyen yo ap pwoteje kongregasyon an antanke gwoup kont move enfliyans, men tou yo rekonfòte chak moun ki gen pwoblèm, yo fòtifye yo, e yo enterese pèsonèlman nan yo. Pwofite èd yo omaksimòm.

11, 12. Kiyès ki bay fanmi ki gen moun ki bwè ladan yo pi gwo èd, e kòman li ba yo sipò sa a ?

11 Avantou, pran fòs nan Jewova. Bib la ban nou asirans rekonfòtan sa a : “ Jewova toupre moun ki gen kè yo brize. E li sove moun ki gen lespri yo kraze. ” ​(Sòm 34:18). Si w santi kè w brize oubyen lespri w kraze akoz presyon ou genyen lefètke w ap viv ak yon moun nan fanmi an ki bwè, se pou w konnen “ Jewova toupre ”. Li konprann jan sitiyasyon fanmi pa w la difisil. — 1 Pyè 5:6, 7.

12 Kwè sa Jewova di nan Pawòl li a ka ede w fè fas ak enkyetid (Sòm 130:3, 4 ; Matye 6:25-34 ; 1 Jan 3:19, 20). Lè w etidye Pawòl Bondye a epi ou viv ann amoni ak prensip ki ladan l yo, sa ap pèmèt ou resevwa èd lespri sen Bondye, e lespri sen ap ba w “ pisans ki depase sa ki nòmal la ” pou w afwonte lavi a jou apre jou. — 2 Korentyen 4:7  *.

13. Ki dezyèm pwoblèm ki nuizib pou anpil fanmi ?

13 Itilizasyon alkòl san kontwòl ka mennen nan yon lòt pwoblèm ki nuizib pou anpil fanmi : vyolans nan fanmi.

PWOBLÈM NUIZIB VYOLANS NAN FANMI LAKÒZ

14. Ki lè vyolans nan fanmi te kòmanse, e kòman sitiyasyon an ye jodi a ?

14 Premye zak vyolans ki te fèt nan listwa lèzòm se te yon zak vyolans nan fanmi ki te konsène de frè, Kayen ak Abèl (Jenèz 4:8). Depi lè a, vyolans nan fanmi gaye sou tout fòm pami lèzòm. Mari bat madanm, madanm atake mari, paran bat pitit yo avèk britalite, e timoun ki vin gran maltrete paran yo ki aje.

15. Kòman vyolans nan fanmi afekte moun ki nan fanmi an nan domèn afektif ?

15 Pwoblèm nuizib vyolans nan fanmi lakòz pi pwofon pase mak sou kò. Yon madanm ki gen mari l ki konn bat li di : “ Ou dwe lite kont lawont ansanm ak santiman koupab ou genyen. Prèske chak maten, ou jis ta renmen ret nan kabann ou, avèk espwa se te yon move rèv sa te ye. ” Timoun k ap gade oubyen ki sibi vyolans nan fanmi yo ka vin vyolan lè yo gran e yo gen pwòp fanmi pa yo.

16, 17. Ki sa vyolans afektif la ye, e ki efè li genyen sou moun ki nan yon fanmi ?

16 Vyolans nan fanmi pa gen move tretman fizik sèlman ladan l. Byen souvan, vyolans lan fèt ak pawòl. Pwovèb 12:18 di : “ Gen moun ki pale san reflechi, tankou se avèk kout epe. ” “ Kout epe ” sa yo ki karakterize vyolans nan fanmi gen ladan yo : bay moun vye non, rele sou moun, plede fè moun repwòch, di moun mo sal, fè moun menas pou w fè vyolans fizik sou yo. Blesi vyolans afektif fè sou moun pa vizib e souvan yo pase inapèsi nan je lòt moun.

17 Yon bagay espesyalman ki bay lapèn se vyolans afektif sou timoun, tankou plede fè yo repwòch, denigre kapasite yo, entèlijans yo, oubyen valè yo genyen antanke moun. Vyolans sa yo ki fèt ak pawòl ka detwi konfyans timoun nan gen nan tèt li. Se vre, tout timoun bezwen disiplin. Men Bib la bay papa yo lòd sa a : “ Pa irite pitit nou yo pou yo pa dekouraje. ” — Kolosyen 3:21.

FASON POU NOU EVITE VYOLANS NAN FANMI

Mari ak madanm ki kretyen, ki renmen youn lòt, e ki gen respè youn pou lòt, aji rapidman pou yo rezoud pwoblèm yo genyen.

18. Ki kote vyolans nan fanmi pran rasin, e dapre sa Bib la montre ki fason pou l sispann ?

18 Vyolans nan fanmi pran rasin nan kè ak nan lespri, fason nou aji depann de fason nou panse (Jak 1:14, 15). Pou moun ki vyolan an sispann fè vyolans, li bezwen chanje fason l panse (Women 12:2). Èske sa posib ? Wi. Pawòl Bondye a gen pouvwa pou l chanje moun. Menm konsepsyon ki lakòz gwo domaj ki “ anrasinen solidman ” li ka derasinen yo (2 Korentyen 10:4 ; Ebre 4:12). Konesans egzak ki nan Bib la ka fè yon chanjman ki tèlman konplè lakay yon moun, sa fè yo di se abiye moun nan abiye ak yon nouvo pèsonalite. — Efezyen 4:22-24 ; Kolosyen 3:8-10.

19. Kòman yon kretyen dwe konsidere konjwen l e kòman l dwe trete l ?

19 Fason w konsidere konjwen w. Pawòl Bondye a di : “ Mari yo dwe renmen madanm yo tankou pwòp kò yo. Moun ki renmen madanm li se tèt li l renmen. ” ​(Efezyen 5:28). Bib la di tou yon mari dwe bay madanm li “ onè tankou yon veso ki pi fèb ”. (1 Pyè 3:7.) Yo rekòmande madanm yo “ pou yo renmen mari yo ” e pou yo gen “ gwo respè ” pou yo (Tit 2:4 ; Efezyen 5:33). Se sèten, pa gen okenn mari ki gen krentif pou Bondye ki ka pretann onètman li onore madanm li si l fè vyolans sou li swa fizikman swa an pawòl. E pa gen okenn madanm k ap rele sou mari l, k ap pale ak li sou yon ton pou moke l, oubyen ki toujou ap raboure l, ki ka di li vrèman renmen mari l e li respekte l.

20. Devan kiyès paran yo responsab pou timoun yo, e poukisa paran yo pa ta dwe atann de timoun yo bagay ki pa reyalis ?

20 Yon pwennvi kòrèk sou timoun. Timoun yo merite, wi yo bezwen lanmou ak atansyon nan men paran yo. Pawòl Bondye a rele timoun yo “ yon eritaj Jewova bay ” e “ yon rekonpans ”. (Sòm 127:3.) Paran yo responsab devan Jewova pou yo pran swen eritaj sa a. Bib la pale de “ trè timoun piti a ” ansanm ak “ sotiz ” yon tigason (1 Korentyen 13:11 ; Pwovèb 22:15). Paran yo pa ta dwe sezi si yo jwenn sotiz lakay pitit yo. Jèn yo pa granmoun. Paran yo pa ta dwe egzije timoun yo plis pase sa ki rezonab pou laj yo, pou sitiyasyon familyal yo ak kapasite yo. — Gade Jenèz 33:12-14.

21. Ann amoni ak volonte Bondye, kòman pou nou konsidere paran nou yo ki aje e kòman pou nou trete yo ?

21 Fason w konsidere paran w yo ki aje. Levitik 19:32 di : “ Ou dwe leve kanpe devan cheve gri, e ou dwe montre konsiderasyon pou moun ki aje. ” Konsa, Lwa Bondye a ankouraje moun pou yo respekte moun ki aje e pou yo gen anpil estim pou yo. Sa ka difisil lè paran w yo ki aje sanble twò egzijan oubyen yo malad e petèt yo pa ka deplase vit, ni yo pa ka reflechi vit. Toutfwa, yo fè timoun yo sonje pou yo “ kontinye bay paran yo [...] yon konpansasyon pou sa yo dwe yo ”. (1 Timote 5:4.) Sa vle di, trete yo avèk diyite e avèk respè, petèt menm pran swen yo nan domèn finansye. Maltrete fizikman paran nou yo ki aje, oubyen nenpòt lòt fason, totalman kontrè ak fason Bib la mande nou pou nou aji.

22. Site yon kalite ki enpòtan pou moun venk vyolans nan fanmi, e kòman yo ka egzèse l ?

22 Kiltive metriz. Pwovèb 29:11 di : “ Yon moun ki san konprann kite tout lespri l soti, men moun ki saj la kenbe l kalm jiskobou. ” Kòman w ka kontwole espri w ? Olye pou w kite fristrasyon anvayi w, aji vit pou w rezoud pwoblèm ki poze yo (Efezyen 4:26, 27). Si w santi w ap pèdi metriz ou, deplase. Priye pou lespri sen Bondye pwodui metriz nan ou (Galat 5:22, 23). Al fè ti mache, oubyen fè nenpòt egzèsis fizik, sa ka ede w kontwole emosyon w (Pwovèb 17:14, 27). Fè efò pou w “ pa prese fè kòlè ”. — Pwovèb 14:29.

SEPARE OUBYEN RET ANSANM ?

23. Ki sa ki ka rive si yon moun nan kongregasyon an, san li pa repanti, ap plede fè kòlè san kontwòl, petèt li konn maltrete moun nan fanmi l ?

23 Bib la klase “ rayisman, fè kont, [...] fè kòlè ” pami zèv Bondye kondane e li di “ moun k ap pratike bagay sa yo pap eritye wayòm Bondye a ”. (Galat 5:19-21.) Kidonk, nenpòt moun ki pretann li se kretyen ki plede fè kòlè san kontwòl, petèt ki konn maltrete konjwen l oubyen pitit li e ki pa repanti, kapab eskominye nan kongregasyon kretyen an (gade 2 Jan 9, 10). Konsa, kongregasyon an pwoteje kont moun ki vyolan. — 1 Korentyen 5:6, 7 ; Galat 5:9.

24. a) Ki sa yon moun ki gen konjwen l ap maltrete l ka chwazi fè ? b) Kòman zanmi ak ansyen ki sousye de viktim sa a ka ede l, men ki sa yo pa dwe fè ?

24 Bon, e kretyen ki toutan ap pran baton nan men yon konjwen vyolan ki pa montre okenn siy chanjman ? Gen moun pou yon rezon oubyen yon lòt ki chwazi rete ak konjwen vyolan an. Gen lòt ki chwazi kite l, piske yo santi sante yo fizikman, mantalman, espirityèlman, e petèt menm lavi yo an danje. Sa yon konjwen ki viktim vyolans nan fanmi l chwazi fè nan sikonstans sa yo, se yon desizyon pèsonèl devan Jewova (1 Korentyen 7:10, 11). Zanmi ki gen bon entansyon, fanmi oubyen ansyen yo, sandout ka chèche ede viktim nan e yo ka konseye l, men, yo pa dwe fè presyon sou li pou l aji tèl ou tèl jan. Se li menm ki dwe pran pwòp desizyon l. — Women 14:4 ; Galat 6:5.

TOUT PWOBLÈM NUIZIB PRAL FINI

25. Ki objektif Jewova genyen pou fanmi ?

25 Lè Jewova te marye Adan ak Èv, li pa t janm gen nan objektif li pou fanmi te kraze akoz pwoblèm nuizib tankou alkolis ak vyolans (Efezyen 3:14, 15). Fanmi te dwe yon kote lanmou ak lapè fleri, yon kote bezwen entèlektyèl, afektif e espirityèl chak moun ki ladan l konble. Sepandan, avèk peche ki met pye a, lavi fanmi vin deteryore rapidman. — Gade Eklezyas 8:9.

26. Ki avni k ap tann moun ki fè efò pou yo viv ann amoni ak sa Jewova mande ?

26 Erezman, Jewova pa abandone objektif li genyen pou fanmi. Li pwomèt pou l enstore yon monn nouvo pezib kote moun “ ap abite an sekirite, san pèsonn pap fè yo tranble ”. (Ezekyèl 34:28.) Lè sa a, alkolis, vyolans nan fanmi ak tout lòt pwoblèm ki nuizib pou fanmi jodi a pral bagay pase. Moun pral souri, pa pou yo kache laperèz ak soufrans, men paske yo jwenn “ tout plezi yo nan abondans lapè ”. — Sòm 37:11.

^ § 3 Byenke nou itilize gason pou nou pale de moun ki bwè a, prensip nou esplike la yo valab tou pou fi ki bwè.

^ § 12 Nan kèk peyi, gen sant, lopital, pwogram espesyalize, pou ede moun ki bwè yo ansanm ak fanmi yo. Se chak moun ki pou deside si pou l chèche yon èd konsa ou non. Temwen Jewova yo pa rekòmande okenn tretman an patikilye. Toutfwa, yon moun k ap chèche èd dwe pran prekosyon pou l pa vin enplike nan aktivite k ap mennen l fè konpwomi ak prensip ki nan Ekriti yo.