Sa gen 100 an — 1916
NAN kòmansman ane 1916 la, Gwo lagè yo te vin rele Premye Gè mondyal annapre a te gentan gen plis pase ennan depi l te kòmanse. Anpil moun te pèdi lavi yo nan toule de kan yo.
Men sa Toudegad 1ye janvye 1916 te fè konnen: “Youn nan efè gwo gè ki t ap ravaje zòn Ewòp la te genyen sèke l te fè anpil moun vin ap reflechi ak zafè relijyon, epi yo te kòmanse ap poze tèt yo kesyon konsènan lavni.” Men sa Toudegad la di ankò: “Ann viv pou privilèj ak opòtinite nou genyen yo san nou pa fè kapon toutpandan nou zele pou Bondye ansanm ak mesaj li a.”
Tèks pou ane 1916 la te ankouraje frè yo pou yo “djanm nan lafwa” selon jan yo tradui Women 4:20 nan Labib Wa Jak la (anglè). Gen anpil nan Etidyan Labib yo ki te fè sa e yo te jwenn anpil benediksyon nan men Jewova.
Pèleren yo te bay ankourajman
Yo te konn rele reprezantan itineran Watch Tower Society yo pèleren, e frè sa yo te konn vwayaje vil an vil pou yo
ankouraje Etidyan Labib yo epi anseye yo. An 1916, gen omwen 69 pèleren ki te fè 800 000 kilomèt ap vwayaje pou yo fè travay sa a.Men ki jan Walter Thorn, ki te yon pèleren, te konpare konba kretyen yo ladan l lan ak Gwo gè a pandan l t ap bay yon diskou nan yon kongrè ki te fèt nan Nòfòlk, nan Vijini: “Selon kalkil ki fèt, sanble kounye a gen ant 20 ak 30 milyon moun k ap patisipe nan gè a.... Men, gen yon lòt gwoup [sòlda] okenn moun nan monn nan pa konnen. Moun sa yo se sòlda Seyè a, epi, menm jan ak mesye ki te ak Jedeyon yo, yo menm tou yo nan yon konba, men, yo pap goumen ak vrè zam. Y ap goumen pou laverite ak lajistis e y ap goumen nan bon konba lafwa a.”
Y ap sèvi malgre pwoblèm gè a te lakòz
Nan peyi Lafrans, gen plis pase yon milyon gason ki te blese oswa ki te mouri nan Premye batay ki te fèt nan yon zòn yo rele Sòm pandan sis dènye mwa nan ane 1916 la. Nan lòt zòn peyi Lafrans yo, frè yo te travay di pou yo ede
klas yo, oswa kongregasyon yo, menm lè kondisyon yo te difisil pandan gè a. Nan Toudegad 15 janvye 1916 la, yo te enprime yon lèt Joseph Lefèvre te ekri. Frè Lefèvre te yon Etidyan Labib ki te oblije kouri kite Denain, nan peyi Lafrans, zòn kote l t ap viv la an 1914, lè lame Alman an te anvayi zòn nan. Li t al viv nan sid vil Pari e l te kòmanse asosye l ak sèl klas Etidyan Labib ki te gen nan vil sa a. Byenke sante l pa t fin anfòm, sa pa t pran tan pou se li menm ki t ap kondui tout reyinyon yo.Annapre, Théophile Lequime, yon frè ki te kouri kite Denain tou, t al jwenn Joseph. Toudabò, frè Lequime t al viv Auchel, an Frans, kote l te kòmanse tradui kèk atik nan Toudegad e l te voye yo pa lapòs pou kèk frè ki t ap viv nan kèk lòt zòn an Frans ki pa t anba okipasyon. Otorite militè yo te fòse l kite Auchel piske yo te kòmanse vin gen dout sou aktivite l yo. Frè Lefèvre te santi vini frè Lequime te vin Pari a se yon repons pou priyè l yo.
Jewova te beni travay yo te fè nan vil Pari a. Men sa frè Lefèvre fè konnen: “Kounye a, nou gen yon klas ki gen anviwon 45 moun.... Gen anpil nan yo ki te gen bèl privilèj pou yo konsakre tèt yo e yo te fè anpil pwogrè nan domèn espirityèl. Prèske tout moun asiste reyinyon pou bay temwayaj la chak semèn.”
Yo pa t mele nan zafè monn nan
Toutpandan gè a t ap fè raj, gen anpil nan frè nou yo ki te dwe pwouve yo pa mele nan zafè monn nan. Nan Grann Bretay, yo te siyen yon dekrè ki te oblije tout gason ki gen ant 18 ak 40 an al fè sèvis militè. Sepandan, gen anpil Etidyan Labib ki te kenbe fèm e yo pa t vle mele nan zafè monn nan.
Pa egzanp, nan Toudegad 15 avril 1916, yo te pibliye yon lèt W. O. Warden, ki moun peyi Ekòs, te ekri. Men sa l te di: “Gen youn nan pitit gason m yo ki gen 19 an kounye a. Jiska prezan, li bay yon bon temwayaj pou Seyè a paske l refize enskri nan lame, e si yo ta di y ap touye l si l kontinye refize antre nan lame a, m gen konfyans Jewova ap ede l kontinye
kenbe prensip li aprann sou laverite ak sa ki dwat yo byen djanm.”James Frederick Scott, yon jèn kòlpòtè nan vil Edinburgh, nan peyi Ekòs, te oblije parèt devan tribinal paske l pa t al enskri. Sepandan, apre jij yo te fin tande tout agiman l te bay yo, yo te fè konnen ka frè Scott la se yon “eksepsyon dapre lwa peyi a e li pa koupab”.
Sepandan, yo te refize fè eksepsyon sa a pou yon pakèt lòt frè. Rive nan mwa septanm, pami 264 frè ki te aplike pou eksepsyon sa a, gen 23 ki te jwenn asiyasyon pou yo fè yon sèvis kote yo pa al nan lagè. Selon sa yon rapò ki te parèt nan Toudegad 15 oktòb 1916 la fè konnen, yo te mande rès frè yo, pou yo fè “travay k ap itil peyi a tankou fè wout, fouye pou pran wòch, elatriye”, e kèk nan yo te “sibi anpil gwo pinisyon”. Se sèlman senk nan frè yo ki te jwenn pèmisyon pou yo pa fè sèvis militè.
Charles Taze Russell mouri
Jou ki te 16 oktòb 1916 la, Charles Taze Russell, ki te alatèt Etidyan Labib yo nan epòk la, te kòmanse vwayaje toupatou nan lwès peyi Etazini pou l al bay yon seri diskou. Li pa t janm retounen lakay li ankò. Nan jou madi 31 oktòb la, nan aprèmidi, frè Russell te mouri a 64 an pandan l te nan tren nan zòn Pampa, o Tegzas.
Gen anpil nan frè yo ki pa t ka imajine okenn lòt moun nan plas frè Russell. Jan sa te parèt nan Toudegad 1ye desanm 1916 la, volonte frè Russell se te pou yo kontinye fè travay li t ap dirije depi lontan an. Sepandan, gen yon kesyon ki te soulve: Kiyès ki t apral ranplase l nan travay sa a?
Kesyon sa a t apral jwenn yon repons nan reyinyon ànyèl Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania a ki te gen pou fèt nan kòmansman ane 1917 la. Tout moun nan asistans lan te vote epi yo tout te chwazi menm moun nan. Sepandan, mwa ki te vin apre yo montre se pa yo tout ki t ap kontinye dakò ak moun sa a epi frè yo t apral jwenn anpil gwo eprèv.