Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

CHAPIT 2

Èske l posib pou w “pwoche bò kote Bondye”?

Èske l posib pou w “pwoche bò kote Bondye”?

1, 2. a) Ki sa k ta ka sanble yon bagay ki enposib pou anpil moun, men, ki garanti Bib la ban nou? b) Ki kalite relasyon Abraram te rive genyen ak Bondye, e poukisa relasyon sa a te sere sere konsa?

KÒMAN W t ap santi w si Kreyatè syèl la ak tè a t ap pale de ou e li di: “Men zanmi m nan”? Gen anpil moun ki met nan tèt yo sa se yon bagay ki enposib. Anfèt, kòman fè yon moun ki fèt ak pousyè ta ka vin zanmi Jewova? Men, se toutbon, Labib ban nou garanti li posib pou nou pwoche bò kote Bondye.

2 Abraram, yon moun ki t ap viv nan tan lontan, te rive vin gen yon relasyon konsa ak Bondye. Jewova te rele l: “Zanmi m.” ​(Izayi 41:8). Wi, Jewova te konsidere Abraram kòm zanmi l. Abraram te rive gen relasyon sere sere sa a ak Jewova paske li “te mete lafwa l nan Jewova”. (Jak 2:23.) Jodi a tou, Jewova toujou ap chèche rezon pou l “renmen” moun k ap sèvi l yo, e moun sa yo sèvi Jewova paske yo renmen l (Detewonòm 10:15). Men ankourajman Pawòl Bondye a bay: “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” ​(Jak 4:8). Nan pawòl sa yo, nonsèlman Jewova fè nou yon envitasyon, men tou li fè nou yon pwomès.

3. Ki envitasyon Jewova fè nou, e ki pwomès ki mache ak envitasyon sa a?

3 Jewova envite nou pwoche bò kote l. Li kontan aksepte nou kòm zanmi l e li vle nou vin zanmi l. Anmenmtan tou, li pwomèt nou si nou fè efò pou nou pwoche bò kote l, li menm tou l ap fè menm bagay la: l ap pwoche bò kote nou. Konsa, n ap ka vin gen yon relasyon sere sere avè l, n ap ka gen “bonjan zanmitay avèk Jewova” *. (Sòm 25:14.) “Bonjan zanmitay” bay ide de bon zanmi ki fè youn lòt konfyans e ki alèz pou yo pale ansanm.

4. Ki lè w ka di yon moun se yon bon zanmi, e ki jan Jewova montre li se yon zanmi konsa pou moun ki pwoche bò kote l?

4 Èske w gen yon bon zanmi ou fè konfyans e ou alèz pou w pale avè l? Yon zanmi konsa se yon moun ki gen sousi pou ou. Ou fè l konfyans paske li deja montre li se yon moun ki fidèl. Ou jwenn plis kè kontan lè w pataje sa k fè kè w kontan yo avè l. Lè w ap fè fas ak pwoblèm, ou ka santi w soulaje paske li pran tan pou l koute w avèk anpil konpasyon. Menm lè ta sanble pa gen moun ki konprann ou, li menm li konprann ou. Menm jan an tou, lè w vin pwòch ak Bondye, w ap vin gen yon bon zanmi ki apresye w, ki vrèman gen sousi pou ou e ki konprann ou toutbon (Sòm 103:14; 1 Pyè 5:7). Ou fè l konfyans pou w di l tout santiman ki nan fon kè w paske w konnen li fidèl ak moun ki rete fidèl anvè l (Sòm 18:25). Sepandan, li posib pou nou rive gen privilèj pou nou gen bonjan relasyon ak Bondye paske Bondye pèmèt sa.

Jewova ban nou posiblite pou nou pwoche bò kote l

5. Ki sa Jewova te fè pou l vin posib pou nou pwoche bò kote l?

5 Avèk pwòp efò pa nou, nou pa t ap janm ka rive pwoche bò kote Bondye paske nou se pechè (Sòm 5:4). Men sa apot Pòl te ekri: “Sepandan, men ki jan Bondye demontre lanmou li gen pou nou: Kris mouri pou nou pandan nou te pechè toujou.” ​(Women 5:8). Wi, Jewova te pran dispozisyon pou Jezi “bay nanm li kòm ranson pou anpil moun”. (Matye 20:28.) Lafwa nou gen nan ranson an fè l vin posib pou nou pwoche bò kote Bondye. Etandone se Bondye ki “te demontre lanmou pou nou an premye”, li ban nou posiblite pou nou vin zanmi l. — 1 Jan 4:19.

6, 7. a) Kòman nou fè konnen Jewova pa yon Bondye ki kache kiyès li ye e li pa yon Bondye nou pa ka rive konnen? b) Bay kèk fason Jewova fè nou konnen l.

6 Gen yon lòt bagay ankò Jewova fè pou ede nou pwoche bò kote l: Li fè nou konnen l. Pou w ka vin bon zanmi yon moun, li enpòtan pou w vrèman konnen moun sa a, pou w apresye kalite l yo ak fason l aji. Donk, si Jewova te kache kiyès li ye, si l te yon Bondye nou pa ka rive konnen, nou pa t ap janm ka pwoche bò kote l. Sepandan, Jewova pa konsa. Li vle nou konnen l (Izayi 45:19). Anplis de sa, sa Jewova fè nou konnen sou li yo pa kache pou pèsonn, menm pou moun monn nan pa bay anpil valè. — Matye 11:25.

Jewova fè nou konnen l grasa sa li kreye yo e grasa Pawòl li a.

7 Ki jan Jewova fè nou konnen l? Grasa bagay Jewova kreye yo, li fè nou konnen kiyès li ye. Bagay li kreye yo fè nou konnen kèk bagay sou ki jan de Moun li ye: li se yon Bondye ki gen anpil pisans, li chaje ak sajès e li plen ak lanmou (Women 1:20). Men, se pa sa sèlman. Jewova se Moun ki pi konn kominike ak lòt moun, se sa k fè li fè ekri Labib, Pawòl li a, pou l fè nou konnen l.

Jewova “pa sispann ban nou favè” l

8. Lefètke Jewova ban nou Labib, poukisa nou ka di sa montre aklè li renmen nou?

8 Labib se prèv ki montre aklè Jewova renmen nou. Nan Pawòl li a, li fè nou konnen kiyès li ye e li itilize langaj nou ka konprann. Lefètke li fè sa, nonsèlman sa montre aklè li renmen nou, men tou, li vle nou konnen kiyès li ye e li vle nou renmen l. Sa nou li nan Bib la, yon liv ki gen anpil valè, ede nou aprann Jewova “pa sispann ban nou favè” l e sa fè nou anvi pwoche bò kote l (Sòm 27:4, Bib la). Ann egzamine kèk bèl fason Jewova fè nou konnen kiyès li ye grasa Pawòl li a.

9. Bay kèk vèsè ki fè nou konnen kalite Bondye genyen yo.

9 Gen anpil vèsè nan Bib la ki fè nou konnen kalite Bondye genyen. Men kèk egzanp: “Jewova renmen jistis.” ​(Sòm 37:28). “Pisans li gran anpil.” ​(Jòb 37:23). “Se [li] sèl ki fidèl.” ​(Revelasyon 15:4). “Li gen sajès nan kè l.” ​(Jòb 9:4). Li se “yon Dye ki gen mizèrikòd ak konpasyon, ki pa fè kòlè fasil, ki gen anpil lanmou, ki fidèl, ki toujou di laverite”. (Egzòd 34:6.) “Ou se Bondye ki konn padonnen.” ​(Neyemi 9:17, Bib la). Jan nou te wè sa nan chapit anvan an, Bondye gen yon kalite ki pi fò lakay li: “Bondye se lanmou.” ​(1 Jan 4:8). Lè w ap reflechi sou bèl kalite sa yo, èske sa pa fè w anvi pwoche bò kote yon Bondye konsa ki san parèy?

Bib la ede nou pwoche bò kote Jewova.

10, 11. a) Ki sa Jewova mete nan Pawòl li a pou ede nou konnen l pi byen? b) Ki egzanp nou jwenn nan Bib la ki ede nou imajine jan Bondye itilize pisans li?

10 Jewova pa sèlman fè nou konnen kalite l genyen yo, men tou, nan Pawòl li a, li mete bonjan egzanp ki ka ede nou konprann fason li demontre kalite l yo. E grasa egzanp sa yo, nou ka vin pi byen imajine jan Bondye demontre plizyè aspè li gen nan pèsonalite l. Lè nou fè sa, sa ede nou pwoche bò kote l. Ann pran yon egzanp.

11 Bib la fè konnen Bondye “gen anpil pisans”. (Izayi 40:26.) Li nou li sa nan Bib la se youn, men konprann sa sa vle di vre se de. Lè nou wè jan Bondye te delivre Izrayelit yo lè l te fè yo travèse lanmè Wouj la, e lè nou wè jan li te fè yo rete vivan nan dezè a pandan 40 an, nou ka pi byen konprann sa sa vle di Bondye gen pisans. Nou ka imajine gwo lanmè sa a k ap fann an de e nasyon sa a, petèt ki te gen 3 000 000 moun, k ap travèse lanmè a sou yon tè sèk toutpandan dlo lanmè a kanpe tankou de gwo miray sou toule de bò yo (Egzòd 14:21; 15:8). Nou ka wè aklè jan Bondye te pwoteje yo e li te pran swen yo nan dezè a. Li te fè dlo sot nan wòch pou yo. Li te ba yo manje ki te gen koulè blan e ki te sanble ak grenn pitimi, e yo te vin jwenn manje sa a atè (Egzòd 16:31; Nonb 20:11). Aksyon sa yo fè nou konnen nonsèlman Jewova gen pisans, men li itilize pisans li pou l ede pèp li a. Èske sa pa fè nou kontan lefètke nou konnen priyè nou yo al jwenn yon Bondye ki gen anpil pisans e ki se ‘tout pwoteksyon nou, tout fòs nou e ki toujou pare pou ban nou sekou lè nou anba tray’? — Sòm 46:1, Bib la.

12. Ki jan Jewova itilize langaj nou ka konprann pou l ede nou “wè” l?

12 Jewova, ki se yon espri, ban nou plis bagay toujou pou ede nou konnen l. Antanke moun, nou pa ka wè tout bagay Bondye kreye yo. Sa nou ka wè sèlman se sa je nou pèmèt nou wè, e se pou rezon sa a nou pa ka wè monn envizib la. Si Bondye ta itilize langaj zanj yo pou l pale de tèt li ban nou, se kòmsi ou t ap bay yon moun ki fèt tou avèg detay sou aparans ou, tankou ki koulè je w genyen oubyen ou t ap ba l detay sou figi yon moun ki pentle. Jewova pa itilize langaj zanj pou l pale de tèt li, olye de sa, avèk bonte, li itilize yon langaj nou ka konprann pou l ede nou “wè” l. Pafwa, pou Jewova pale de tèt li, li konn itilize konparezon. Yon lòt fason li konn itilize ankò pou l pale de tèt li se metafò, ki se yon konparezon ki mete aksan sou resanblans ki genyen ant de bagay ki trè diferan. Konsa, li konpare tèt li ak bagay nou abitye avèk yo. Li menm dekri tèt li pa mwayen kèk pati nou gen nan kò nou *.

13. Ki bèl bagay Izayi 40:11 fè vin nan lespri w, e ki efè sa gen sou ou?

13 Men sa Labib fè konnen konsènan Jewova nan Izayi 40:11: “Tankou yon bèje, l ap pran swen twoupo pa l la. Ak bra pa l l ap sanble ti mouton yo e l ap pote yo sou lestomak li.” Nan vèsè sa a, yo konpare Jewova ak yon bèje k ap pran mouton l yo nan “bra” l. Sa montre kapasite Bondye genyen pou l ede pèp li a, pou l pwoteje yo, e l ap fè sa menm pou sila yo ki san defans. Si nou fidèl anvè Jewova, n ap santi nou an sekirite nan bra l ki gen anpil fòs, e li pap janm lage nou (Women 8:38, 39). Gran Bèje a pote mouton yo “sou lestomak li”. Ekspresyon sou lestomak li a fè referans ak twal bèje yo te konn mete pa anlè rad yo, kote pafwa yo te konn pote yon timouton ki fèk fèt. Donk, sa ban nou garanti Jewova renmen nou e li pran swen nou avèk anpil tandrès. Se yon bagay ki toutafè nòmal pou nou anvi pwoche bò kote l.

“Pitit la vle fè konnen l”

14. Poukisa nou ka di se pa mwayen Jezi Jewova ede nou pi byen konnen l?

14 Jewova ede nou pi byen konnen l nan Pawòl li a pa mwayen Jezi, Pitit li renmen anpil la. Pa gen yon moun ki ka gen menm panse, menm santiman ak Bondye pi byen pase Jezi e pa gen yon moun ki ka ede nou konprann jan Jewova t ap aji pi byen pase Jezi. Anfèt, premye Pitit sa a te fè anpil tan ap viv bò kote Papa l anvan lòt zanj yo te vin egziste e anvan linivè nou ka wè a te vin egziste (Kolosyen 1:15). Jezi te pwòch anpil ak Jewova. Se poutèt sa li te ka di: “Pèsonn pa konn kiyès Pitit la ye, eksepte Papa a, e pèsonn pa konn kiyès Papa a ye, eksepte Pitit la ak moun Pitit la vle fè konnen l.” ​(Lik 10:22). Gen de fason enpòtan Jezi ede nou konnen Papa l pandan l te sou tè a.

15, 16. Bay de fason Jezi te ede nou konnen Papa l.

15 Premye fason enpòtan Jezi ede nou konnen Papa l se pa mwayen ansèyman l. Jezi te itilize bèl pawòl ki touche kè nou pou l pale de Jewova. Pa egzanp, pou Jezi esplike jan Bondye demontre mizèrikòd anvè moun ki repanti pou peche yo fè, Jezi konpare Jewova ak yon papa ki te demontre mizèrikòd anvè yon pitit gason papa sa a genyen ki te gaspiye tout byen l. Lè papa sa a te wè pitit gason l lan ap retounen vin jwenn li, kè l te tèlman fè l mal pou pitit li a, li kouri al rankontre l, li ba l yon bèl akolad e li bo l avèk tandrès (Lik 15:11-24). Anplis de sa, Jezi ede nou wè Jewova kòm yon Bondye k ap “rale” moun ki gen bon kè yo vin jwenn li, e Bondye fè sa paske li renmen yo chak (Jan 6:44). Bondye menm konnen lè yon tikit tonbe atè. Men sa Jezi te fè konnen: “Nou pa bezwen pè: nou gen plis valè pase yon bann tikit met ansanm.” ​(Matye 10:29, 31). Nou pa ta ka pa santi nou vle pwoche bò kote yon Bondye konsa ki gen sousi pou nou.

16 Dezyèm fason enpòtan Jezi ede nou konnen Papa l se pa mwayen aksyon l. Aksyon Jezi te poze yo montre nou kòman Jewova t ap aji. Jezi te tèlman byen imite Papa l li te ka di: “Moun ki wè m wè Papa a tou.” ​(Jan 14:9). Donk, nan Evanjil yo, lè nou wè fason Jezi te boule ak lòt moun e lè nou wè jan l te renmen yo, nan yon sans, nou wè kòman Papa l t ap reyaji e nou wè jan Papa l renmen moun tou. Pa gen yon lòt pi bon fason Jewova te ka ede nou byen konnen kalite li genyen yo. Poukisa nou di sa?

17. Bay yon egzanp ki montre sa Jewova fè pou l ede nou konnen kiyès li ye.

17 Ann pran yon egzanp: Imajine w ap eseye esplike yon moun ki sa bonte ye. Petèt, ou eseye esplike l sa mo sa a vle di. Men, si w te ka montre l sa bonte vle di pandan yon lòt moun ap aji ak bonte, ou t ap ka di l: “Men yon egzanp ki montre sa bonte ye.” Mo “bonte” a t ap vin gen plis sans pou moun nan e, grasa egzanp sa a, li t ap pi fasil pou l konprann sa bonte ye. Se konsa Jewova aji pou l ede nou pi byen konnen ki jan de moun li ye. Nonsèlman li itilize mo pou l esplike nou kiyès li ye, men tou, li ede nou konnen kiyès li ye grasa aksyon Pitit li a te poze. Nou ka wè kalite Bondye genyen lakay li yo nan aksyon Jezi te poze yo. Anfèt, lè n ap li Evanjil yo ki pale sou lavi Jezi, se kòmsi Jewova ap di nou: “Men ki moun mwen ye.” Ki jan Bib la pale de Jezi lè Jezi te sou tè a?

18. Kòman Jezi te demontre li gen pisans, jistis ak sajès?

18 Nan fason Jezi te aji, nou ka wè kat kalite prensipal Bondye gen lakay li. Nou ka wè pisans Jezi te genyen nan pouvwa li te genyen sou maladi, grangou ak lanmò. Sepandan, Jezi pa t tankou lèzòm ki egoyis e ki konn itilize pouvwa yo pou yo toupizi lòt moun. Li pa t janm itilize pisans li pou l fè byen pou tèt pa l oubyen pou l fè lòt moun mal (Matye 4:2-4). Jezi te renmen jistis. Lè l te wè machann yo ki t ap fè kont mal taye nan tanp lan, sa te fè l mal e li te vin fache (Matye 21:12, 13). Fason l te boule ak moun ki pòv yo e fason l te boule ak moun sosyete a t ap toupizi yo te montre li pa t gen patipri nan fason l boule ak moun. Li te ede moun sa yo “jwenn fòs” pou nanm yo (Matye 11:4, 5, 28-30). Sa Jezi te anseye yo te gen yon sajès ki san parèy, li te plis “pase Salomon”. (Matye 12:42.) Men, Jezi pa t janm nan fè wè pou l montre li gen anpil sajès. Etandone pawòl li yo te senp, yo te klè, e yo te itil moun yo, pawòl li yo te rive touche kè mas pèp la.

19, 20. a) Nan ki sans Jezi se yon egzanp estrawòdinè nan demontre lanmou? b) Lè n ap li istwa sou lavi Jezi e n ap reflechi sou aksyon l te poze yo, ki sa nou bezwen sonje?

19 Jezi se yon egzanp estrawòdinè nan demontre lanmou. Nan travay preche bon nouvèl la, nan plizyè fason, li te demontre li gen lanmou, tankou li te gen konpasyon pou moun, e li te konn mete l nan plas lòt moun. Lè li te wè moun k ap soufri, li te gen pitye pou yo. Etandone li te konn mete l nan plas lòt moun, se pa ni de ni twa fwa sa te pouse l aji (Matye 14:14). Byenke Jezi te konn geri moun ki malad e li te konn bay moun ki grangou manje, li te montre li gen konpasyon yon fason ki pi enpòtan toujou. Li te ede moun yo konnen verite sou Wayòm Bondye a, e se Wayòm sa a ki pral pote benediksyon pou limanite. Li te ede yo aksepte verite sa yo epi renmen yo (Mak 6:34; Lik 4:43). Sa k pi enpòtan an, Jezi te pare pou l mouri pou nou paske li renmen nou. — Jan 15:13.

20 Èske nou sezi lefètke nou aprann moun tout laj ak moun ki soti tout kote te anvi pwoche bò kote Jezi, yon moun ki gen tandrès e ki renmen moun anpil (Mak 10:13-16)? Sepandan, lè n ap li istwa sou lavi Jezi e n ap reflechi sou aksyon l te poze yo, li bon pou nou sonje aksyon Pitit la te poze yo montre aklè kòman Papa l t ap aji. — Ebre 1:3.

Yon liv ki ka ede nou

21, 22. Pou nou chèche Jewova, ki sa sa mande, e ki sa n ap jwenn nan liv sa a k ap ede nou chèche Jewova?

21 Etandone Jewova fè nou konnen l byen grasa sa nou li nan Pawòl li a, sa montre toutbonvre li vle nou pwoche bò kote l. Anmenmtan, li pa fòse pèsonn chèche gen favè l. Se nou chak ki responsab pou nou chèche Jewova “pandan nou ka jwenn li an”. (Ezayi 55:6, Bib la.) Pou nou chèche Jewova, li enpòtan pou nou vin konnen kalite l yo ak fason l aji, jan Labib fè nou konn sa. Yo te fè liv sa a ki nan men w lan pou ede w fè sa.

22 W ap remake yo divize liv sa a an plizyè pati, e chak pati pale sou youn nan kat kalite prensipal Jewova yo, anpalan de pisans, jistis, sajès ak lanmou. Nan premye chapit ki nan chak pati, yo fè yon ti pale sou kalite y ap egzamine nan pati a. Plizyè chapit ki vin annapre pale sou fason Jewova demontre kalite sa a nan plizyè aspè. Anplis de sa, nan chak pati, gen yon chapit ki montre kòman Jezi te byen demontre kalite sa a. Gen yon chapit tou ki montre kòman nou ka demontre kalite sa a nan lavi nou.

23, 24. a) Esplike kòman nou dwe itilize kare ki gen tit “Kesyon pou nou medite sou yo” a. b) Lè nou pran tan pou nou medite, kòman sa ede nou vin pi pwòch Bondye?

23 Apati chapit sa a, gen yon kare ki gen tit: “Kesyon pou nou medite sou yo”. Pa egzanp, gade kare ki nan paj 28 la. Yo pa mete vèsè yo ak kesyon yo pou nou fè revizyon sou chapit la. Okontrè, objektif yo se pou ede nou medite sou pwen enpòtan ki nan sijè yo te egzamine a. Kòman w ka byen itilize kare nan fen chapit yo? Gade vèsè yo bay kòm referans yo e byen pran san w pou w li yo. Epi egzamine kesyon yo mete bò kote vèsè sa yo. Apre sa, byen reflechi sou repons yo. Sa ka mande pou w fè rechèch. Anplis de kesyon sa yo, poze tèt ou kèk lòt kesyon tankou: ‘Ki sa enfòmasyon m sot li la a aprann mwen sou Jewova? Ki jan m ka itilize l nan lavi m? Kòman m ka itilize l pou m ede lòt moun?’

24 Lè nou medite sou kesyon sa yo, sa ka ede nou vin pi pwòch Jewova. Poukisa nou di sa? Labib fè konnen gen yon rapò dirèk ant meditasyon ak kè nou (Sòm 19:14). Lè nou medite avèk rekonesans sou sa nou aprann sou Bondye, enfòmasyon yo ap rantre pi fon nan kè senbolik nou, sa ki ka gen efè sou panse nou ak santiman nou, e konsa sa ap pouse nou aji. Lanmou nou gen pou Bondye ap vin pi fò, e lanmou sa a ap fè nou anvi fè l plezi antanke pi bon Zanmi nou (1 Jan 5:3). Pou nou vin gen yon relasyon konsa ak Jewova, nou dwe vin konnen kalite l genyen yo ak fason l aji. Men, anvan sa, annou egzamine youn nan aspè nan pèsonalite Bondye ki ban nou yon bon rezon pou nou pwoche bò kote l: Li sen.

^ § 3 Yon bagay ki enteresan sèke nan Amòs 3:7, nou jwenn menm mo ebre lè yo tradui l ki bay ekspresyon “bonjan zanmitay” la. Nan vèsè sa a, yo fè konnen Souvren Seyè Jewova pap fè yon bagay san li pa “devwale sekrè” li bay sèvitè l yo. Konsa, li fè yo konnen alavans sa li gen entansyon fè.

^ § 12 Pa egzanp, Bib la pale de figi Bondye, je l, zòrèy li, nen l, bouch li, men l ak pye l (Sòm 18:15; 27:8; 44:3; Izayi 60:13; Matye 4:4; 1 Pyè 3:12). Lè yo itilize ekspresyon sa yo nan Bib la, nou pa dwe panse Bondye genyen pati sa yo toutbonvre menm jan ak nou. Nan kèk vèsè, yo pale de Jewova tankou “Mas Wòch la” oubyen “yon boukliye”. Men, nou konnen Jewova pa ni yon wòch ni yon boukliye toutbonvre. — Detewonòm 32:4; Sòm 84:11.