Ki sa Bib la di nou?
“Sa se istwa syèl la ak tè a lè [yo] te kreye yo.” (Jenèz 2:4). Avèk pawòl sa yo, Bib la rezime fason planèt nou an te vin parèt. Èske sa Bib la di yo ann amoni ak sa lasyans fè konnen? Ann konsidere kèk egzanp.
Èske linivè te toujou egziste?
Jenèz 1:1 di: “Okòmansman, Bondye te kreye syèl la ak tè a.”
Jiska dezyèm mwatye ventyèm syèk la, anpil syantifik moun byen konnen te kwè linivè te toujou egziste. Men, sou baz dènye dekouvèt yo fè yo, pifò syantifik vin dakò linivè nou an te gen yon kòmansman.
Ak ki sa tè a te sanble okòmansman?
Jenèz 1:2, 9 fè konnen okòmansman “tè a te vid, li te san fòm” e l te kouvri ak dlo.
Deskripsyon sa a ann amoni ak dekouvèt modèn syantifik yo fè. Patrick Shih, yon byolojis fè konnen okòmansman planèt nou an pa t gen “yon atmosfè moun te ka respire ladan l, li te san oksijèn. [...] An gwo li te plis sanble ak yon peyizaj ki nan syans fiksyon”. Peryodik Astronomy an rapòte: “Nouvo rechèch yo fè konnen tè ki te la lontan an te chaje ak dlo, moun prèske pa t ka wè tè ditou.”
Ki fason atmosfè nou an te chanje avèk letan?
Jenèz 1:3-5 montre lè limyè te kòmanse antre nan atmosfè a, detan sou tè a, sous limyè a pa t ap ka parèt byen klè. Se sèlman annapre solèy la ak lalin nan t ap vin byen vizib sou tè a. — Jenèz 1:14-18.
Bib la pa di yo te kreye tout sa ki vivan sou tè a nan sis jou ki gen 24 èdtan
Dapre Smithsonian Environmental Research Center, okòmansman atmosfè nou an te sèlman kite yon ti limyè epapiye sou tè a. Li di: “Te gen yon seri gout metàn ki te vlope tè a ki te tou jèn nan yon gwo vapè. [Apre sa], metàn nan te vin eklèsi, e syèl la te vin parèt tou ble.”
Nan ki lòd sa ki vivan yo te parèt sou tè a?
Jenèz 1:20-27 fè konnen yo te kreye pwason yo, zwazo yo, bèt ki viv sou tè yo e finalman yo te kreye lèzòm. Syantifik yo kwè premye pwason an te parèt byen lontan anvan premye mamifè yo e se byen lontan apre sa lèzòm te vin parèt.
Bib la pa di pa ka gen kèk chanjman nan sa ki vivan yo avèk letan
Ki sa Bib la pa di?
Gen moun ki di Bib la pa ann amoni ak dènye dekouvèt lasyans fè yo. Sepandan, moun k ap di bagay sa yo baze sou move konpreyansyon yo genyen sou sa Bib la di toutbon.
Bib la pa di linivè a oswa tè a gen sèlman 6 000 an depi yo fèt. Olye de sa, li senpleman di “okòmansman” yo te kreye tè a ak linivè a (Jenèz 1:1). Bib la pa di egzakteman depi ki lè sa te fèt.
Bib la pa di yo te kreye tout sa ki vivan sou tè a nan sis jou ki gen 24 èdtan. Olye de sa, li itilize mo “jou” a pou pale de yon peryòd tan. Pa egzanp, li fè konnen sis “jou” kreyasyon yo pale de yo nan Jenèz chapit 1 an, pandan y ap dekri kreyasyon planèt nou an ak lavi ki gen sou li,” se yon peryòd tan yo rele “jou [Jewova a Dye] te fè tè a ak syèl la”. (Jenèz 2:4.) Donk, chak jou ki nan sis “jou” Bondye te pran pou prepare tè a ak lavi ki t apral vin gen sou tè a ka koresponn ak yon peryòd tan ki byen long.
Bib la pa di pa ka gen kèk chanjman nan sa ki vivan yo avèk letan. Liv Jenèz la fè konnen yo te kreye bèt yo “selon gwoup yo ye a”. (Jenèz 1:24, 25.) Mo “gwoup” ki nan Bib la pa yon mo syantifik, men sanble li fè referans ak yon gwo gwoup ki gen plizyè fòm lavi ladan l. Se sa k fè, yon sèl “gwoup” ka gen plizyè espès ak varyete ladan l. Ekspresyon sa a bay posiblite pou anndan yon “gwoup”, gen chanjman ki fèt nan varyete ak diferan espès k ap viv nan menm kominote a avèk letan.
Ki sa w panse?
Jan nou te wè sa pi wo a, Bib la dekri fason linivè te kòmanse, ki jan latè te ye okòmansman ak fason lavi te vin parèt yon fason ki senp e ki byen klè. Nan ka sa a, èske Bib la pa ta byen idantifye moun ki te kreye bagay sa yo tou? Men ki deklarasyon Encyclopædia Britannica fè: “Ide pou lavi ta soti nan yon evènman sinatirèl la, jan anpil moun konprann li an, pa ann amoni ak konesans syantifik nou gen nan epòk nou an.” b