Sa n bezwen konnen konsènan fason pou n evite gaspiyaj
NOU bezwen kouran oswa gaz pou n chofe kay nou, machin nou oswa pou fè yo vin fre. E nou bezwen yo tou pou anpil lòt aktivite nou abitye fè chak jou. Epoutan, toupatou sou tè a moun ap fè fas ak gwo pwoblèm kouran ak gaz.
Gary k ap viv ann Afrik disid fè konnen “zafè pri gaz k ap ogmante a” se yon gwo pwoblèm. Jennifer li menm k ap viv nan peyi Filipin di li enkyè poutèt pa gen yon sistèm ki bay bonjan kouran paske “se toutan gen blakawout”. Fernando, ki soti nan peyi Salvadò, di “efè sa ki pwodui kouran oswa gaz genyen sou anviwònman an fè l enkyè”. Plizyè kote sou tè a, sa ki nesesè pou pwodui kouran oswa gaz sal anviwònman an.
Nòmalman, ou ka ap mande tèt ou: ‘Ki jan mwen ka rive fè fas ak pwoblèm kouran oswa gaz la?’
Nou tout ka chwazi pa gaspiye kouran oswa gaz. Lè nou pa gaspiye yo, sa ap bon pou nou. Pa egzanp, lè nou boule mwens kouran oswa gaz, sa fè nou depanse mwens kòb. Mete sou sa, sa ede nou pwoteje anviwònman an, epi sa fè nou pa ajoute sou kantite moun ki deja bezwen kouran oswa gaz.
Annou egzamine twa aspè kote nou ka evite gaspiye kouran oswa gaz: lakay nou, transpò nou pran ak aktivite nou fè chak jou.
LAKAY
Limite fason nou sèvi ak klimatizè oswa chofaj. Gen yon etid yo fè nan youn nan peyi ann Ewòp yo ki montre, pi bon fason pou rive boule mwens kouran nan sezon ivè pandan ennan se jis desann tanperati aparèy ki chofe kay la pou pi piti de degre an mwens. Derek k ap viv nan peyi Kanada dakò ak sa. Men sa l di: “Lefètke nou mete chanday sou nou lè nou anndan kay la olye nou bay aparèy ki chofe kay la tout volim, sa fè fanmi nou boule mwens kouran oswa gaz.”
Se menm bagay la tou nan epòk chalè. Rodolfo, ki soti nan peyi Filipin, veye sou fason li itilize klimatizè l lè l byen kontwole sou ki volim l ap mete l. Poukisa l fè sa? Men sa l di: “Nou fè ekonomi e nou boule mwens kouran.”
Fèmen fenèt yo ak pòt yo lè klimatizè a oswa chofaj la ap mache *. Nou ka evite gaspiye kouran oswa gaz lè nou pa kite okenn kote pou lè sot deyò. Pa egzanp, si w ta kite yon pòt ouvè nan epòk li fè frèt sa ap fè w boule plis kouran pou w chofe yon kay.
Gen kèk moun, anplis de fèmen fenèt yo ak pòt yo, ki rive boule mwens kouran ak gaz toujou lefètke yo enstale yon seri fenèt espesyal ki anpeche lè ki anndan an soti deyò, e yo enstale pi bon sistèm izolasyon tou.
Sèvi ak anpoul ki boule mwens kouran. Men sa Jennifer nou te pale de li pi wo a di: “Nou te sispann sèvi ak anpoul nòmal yo e nou te kòmanse itilize anpoul ki boule mwens kouran.” Se vre, anpoul sa yo koute plis kòb, men alalong yo fè w fè ekonomi paske yo boule mwens kouran.
TRANSPÒ
Si posib, itilize transpò piblik. Men sa Andrew k ap viv Grann Bretay di: “Depi sa posib mwen pran tren oswa bisiklèt pou m al travay.” Gen yon liv ki fè konnen: “Pou chak grenn moun, yon machin boule pou piti twa fwa plis gaz pase yon bis oswa yon tren ki pa fè twòp distans.” — Energy: What Everyone Needs to Know.
Byen òganize vwayaj ou. Lè w planifye alavans, w ap ka redui kantite wout w ap fè, konsa, w ap rive boule mwens gaz, w ap fè ekonomi e w ap vin gen plis tan.
Jethro, ki soti nan peyi Filipin, kalkile konbyen kòb gaz l ap met nan machin li chak mwa. Men sa l di: “Sa ede m gentan pi byen planifye kote mwen bezwen ale yo.”
AKTIVITE NOU FÈ CHAK JOU
Limite kantite dlo cho n ap itilize. Selon sa yon etid fè konnen “bilding kote yo itilize dlo cho yo boule an mwayèn 1,3% nan kantite kouran oswa gaz chak vil ann Ostrali boule oswa 27% kantite kouran oswa gaz chak kay nan vil la boule”.
Etandone lè nou chofe dlo nou boule plis kouran oswa gaz, donk lè nou sèvi ak mwens dlo cho n ap boule mwens kouran oswa gaz. Victor ki soti ann Afrik disid gen rezon lè l di: “Nou eseye itilize mwens dlo cho posib pou n benyen.” Yon syantifik ki rele Steven Kenway fè konnen: “Se pa ti ekonomi moun fè lè yo sèvi ak mwens dlo cho. Sa fè yo itilize mwens kouran ak dlo, sa redui kantite kouran yo bezwen pou yo sèvi lakay yo ak nan zòn piblik yo, sa fè moun [....] fè ekonomi tou.”
Etenn yo. Sa gen ladan l limyè, aparèy chofaj ak klimatizè, aparèy elektwonik tankou televizyon ak òdinatè. Menm lè aparèy sa yo fèmen, anpil nan yo kontinye ap boule kouran. Gen kèk espesyalis ki fè konnen, li pi bon pou nou dekonekte aparèy sa yo oswa sèvi ak yon alonj ki gen yon ti bouton ladan l ki pèmèt nou koupe kouran an lè aparèy yo fèmen, konsa nou fè ekonomi kouran. Se sa Fernando, nou te pale de Fernando pi wo a, fè. Men sa l di: “Mwen etenn limyè yo epi m dekonekte aparèy yo lè m pap sèvi avèk yo.”
Nou gendwa pa fin byen konnen jis nan ki pwen nou boule kouran ak gaz, oswa jan sa detwi anviwònman an pou yo rive fè moun jwenn bagay sa yo, men, nou ka deside ki jan n ap byen sèvi avèk yo. Toupatou nan monn nan, anpil moun rive jwenn fason pou yo fè sa. Se vre, sa ka mande tan ak bonjan planifikasyon, men, panse ak jan sa ka ede nou. Men sa Valeria, yon dam k ap viv nan peyi Meksik, di: “Mwen fè ekonomi e m pwoteje anviwònman an.”
^ § 10 Byen suiv enstriksyon konpayi ki fè aparèy chofaj ak klimatizè yo bay sou fason pou nou byen itilize yo. Pa egzanp, gen kèk nan aparèy sa yo ki fèt yon fason espesyal e selon enstriksyon yo bay sou fason pou moun itilize yo nou ka bezwen kite yon pòt oswa yon fenèt ouvè.