Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lespri a ak lespri nou ap bay temwayaj

Lespri a ak lespri nou ap bay temwayaj

“Lespri a li menm ansanm ak lespri pa nou bay temwayaj nou se pitit Bondye.” — WOM. 8:16.

KANTIK: 109, 108

1-3. Ki evènman ki te fè jou Pannkòt la se yon jou espesyal, e ki fason evènman sa yo te reyalize sa Ekriti yo te predi? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)

SE TE yon jou dimanch maten e l te anviwon nevè. Jou dimanch sa a te yon jou espesyal pou moun Jerizalèm yo. Se te yon jou fèt e l te yon saba tou. Sandout yo te deja fin ofri sakrifis yo te konn ofri chak maten nan tanp lan. Kounye a, kè tout moun kontan pandan gran prèt la ap prepare l pou l fè ofrann manje angren an ki se de pen ki fèt ak manje angren yo fèk rekòlte e ki gen ledven (Lev. 23:15-20). Ofrann sa a te montre sezon rekòt ble a kòmanse. Se te nan ane 33 epòk nou an e se te jou Pannkòt la.

2 Toutpandan tout evènman sa yo t ap pase nan tanp lan, gen yon lòt bagay ki pi enpòtan toujou ki t ap fèt nan yon chanmòt nan vil la, se pa t nan tanp lan sa te rive. Gen yon gwoup ki gen anviwon 120 kretyen ki te rasanble pou yo “pèsevere nan lapriyè”. (Tra. 1:13-15). Sa k t apral rive yo a te gen rapò dirèkteman ak sa gran prèt la te konn fè nan jou Pannkòt la. Anplis de sa, sa te akonpli yon pwofesi pwofèt Jowèl te bay anviwon 800 an anvan jou sa a (Jow. 2:28-32; Tra. 2:16-21). Ki sa petèt ki te ka pase nan jou sa a ki t ap gen kokenn enpòtans sa a?

3 Li Travay 2:2-4. Lespri sen Bondye te desann sou gwoup kretyen sa yo ki te rasanble nan chanmòt la (Tra. 1:8). Yo te kòmanse pwofetize oswa bay temwayaj konsènan bèl bagay yo te wè e yo te tande yo. Apot Pyè te fè yon foul moun ki te vin rasanble konnen siyifikasyon sa k te pase a. Apre sa, li te di moun yo: “Se pou nou repanti, e se pou nou chak batize nan non Jezi Kris pou nou jwenn padon pou peche nou, e n ap resevwa lespri sen kòm kado.” Antou, gen anviwon 3 000 moun ki te aksepte envitasyon an jou sa a, yo te batize e yo te resevwa lespri sen. — Tra. 2:37, 38, 41.

4. a) Poukisa sa k te pase nan jou Pannkòt la ta dwe enterese nou? b) Ki lòt evènman enpòtan ki te gendwa rive nan menm jou a plizyè ane anvan sa? (Gade nòt la.)

4 Poukisa jou Pannkòt ane 33 epòk nou an se yon jou ki enpòtan anpil pou nou? Sa klè, se pa akoz sa k te pase nan tanp Jerizalèm nan ki fè jou sa a enpòtan pou nou konsa. Men, se paske Jezi Kris, antanke Gran Prèt, te akonpli pwofesi ki gen rapò ak sa yo te konn fè nan tanp lan. [1] Nan jou sa a, gran prèt la te ofri Jewova de pen senbolik. Pen ki gen ledven yo te ofri nan tanp lan te reprezante disip Bondye te chwazi pa mwayen lespri sen l nan mitan lèzòm ki enpafè pou yo vin pitit li adopte. Konsa, Bondye te ouvri chemen pou “premye moun li chwazi” pami lèzòm yo rive al nan syèl la epi pou yo vin fè pati Wayòm nan ki pral pote yon pakèt byenfè pou tout rès moun ki obeyisan yo (Jak 1:18; 1 Pyè 2:9). Donk, kit nou gen esperans pou n al viv nan syèl la ak Jezi, kit nou gen esperans pou n viv pou toutan nan yon paradi sou tè a, evènman ki te pase nan jou sa a gen yon gwo efè sou lavi nou!

FASON YON MOUN VIN GEN ESPERANS SA A

5. Ki jan n fè konnen tout moun Bondye chwazi yo pa resevwa apèl yo a egzakteman menm jan?

5 Si w te pami disip yo lè yon bann lang ki tankou dife te parèt e yo t al poze sou tèt yo a, ou pa t ap janm bliye jou sa a. Ou pa t ap gen okenn dout ou se yon moun Bondye chwazi pa mwayen lespri sen l, sitou si w te resevwa don pou w pale nan lang tou (Tra. 2:6-12). Men, èske tout moun Bondye chwazi pa mwayen lespri sen l yo resevwa apèl yo a menm fason espesyal ak premye gwoup moun ki te anviwon 120 disip la? Non. Rès moun ki te Jerizalèm yo nan jou sa a te resevwa apèl yo a pandan y ap batize (Tra. 2:38). Pa t gen okenn lang ki tankou dife ki te vin poze sou tèt yo. Mete sou sa, se pa tout kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl la ki resevwa apèl yo a pandan y ap batize. Samariten yo te resevwa apèl yo a pa mwayen lespri sen kèk tan apre yo fin batize (Tra. 8:14-17). Yon lòt bò, Bondye te fè yon bagay espesyal nan ka Kònèy ak fanmi l paske l te chwazi yo pa mwayen lespri sen l anvan menm yo te batize. — Tra. 10:44-48.

6. Ki sa tout moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo resevwa, e ki efè sa gen sou yo?

6 Kidonk, Bondye pa chwazi yo tout egzakteman menm jan. Gen kèk nan yo ki ka vin konn apèl yo a bridsoukou alòske gen lòt se tikras pa tikras yo vin konn sa. Sepandan, kèlkeswa fason yo resevwa apèl yo a, yo chak gen menm santiman apot Pòl te dekri a: “Apre nou te fin kwè, Bondye te poze yon so sou nou tou, anpalan de lespri sen li te pwomèt la, ki se yon garanti davans sou eritaj nou an.” ​(Efe. 1:13, 14). Fason espesyal sa a lespri sen aji sou yo a vin tankou yon avalwa oswa yon garanti sou sa k gen pou vini an. Yon kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl vin gen yon konviksyon nan kè l grasa garanti sa a li resevwa a. — Li 2 Korentyen 1:21, 22; 5:5.

7. Ki sa chak kretyen Bondye chwazi dwe fè pou l resevwa rekonpans li nan syèl la?

7 Èske lefètke yon kretyen resevwa apèl sa a sa vle di wè pa wè li pral nan syèl? Non. Moun sa a se yon moun ki sèten yo envite l. Men, pou l konnen si l ap resevwa rekonpans li an nan syèl la oswa si l pap resevwa l, sa depann de fidelite l ak Jewova. Men ki fason apot Pyè te esplike sa: “Se pou rezon sa a, frè m yo, se pou nou fè plis efò toujou pou nou asire ni apèl nou ni chwazi yo chwazi nou an. Paske, si nou kontinye fè bagay sa yo, nou pa gendwa janm echwe. Anfèt, se konsa y ap fè nou antre avèk glwa nan Wayòm Seyè nou an, Sovè nou an, Jezi Kris, yon Wayòm k ap la pou toutan.” ​(2 Pyè 1:10, 11). Donk, chak kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl dwe fè gwo efò pou l ret fidèl, si l pa fè sa, apèl oswa envitasyon yo fè l la pap itil li anyen. — Ebre 3:1; Rev. 2:10.

KI JAN YON MOUN FÈ KONN SA?

8, 9. a) Poukisa pifò moun pa ka konprann ki sa k rive lè yon moun gen esperans pou l al nan syèl? b) Ki jan yon moun fè konnen li jwenn envitasyon pou l al nan syèl?

8 Jodi a, pifò sèvitè Bondye yo ka twouve l difisil pou yo konprann fason yon moun vin gen esperans pou l al nan syèl, e yo gen rezon pou sa paske se pa yon eksperyans yo te fè. Okòmansman, objektif Bondye se te pou lèzòm viv pou toutan sou tè a (Jen. 1:28; Sòm 37:29). Zafè chwazi kèk moun pou al nan syèl pou dirije antanke wa ak prèt la pa t ladan l. Li se yon dispozisyon espesyal. Lè Bondye chwazi yon moun, apèl sa a vin lakòz yon gwo chanjman nan fason moun nan panse, nan fason l wè bagay yo ak nan esperans li genyen. — Li Efezyen 1:18.

9 Men, ki jan yon moun fè konnen l gen esperans pou l al nan syèl, sa vle di l resevwa apèl sa a? Yon fason klè, nou jwenn repons lan nan pawòl Pòl te di frè Bondye te chwazi nan vil Wòm yo anpalan de “moun yo [te] rele pou vin sen yo”. Men sa l te di yo: “Nou pa t resevwa yon lespri ki fè nou vin esklav e ki fè nou vin pè ankò, men nou resevwa yon lespri ki pèmèt Bondye adopte nou antanke pitit li, e se lespri sa a ki fè n ap di byen fò: ‘O Papa, Papa!’ Lespri a li menm ansanm ak lespri pa nou bay temwayaj nou se pitit Bondye.” ​(Wom. 1:7; 8:15, 16). Yon fason senp, nou ka di pa mwayen lespri sen l, Bondye fè moun sa a konnen byen klè li envite l pou l vin patisipe nan dispozisyon l pran pou Wayòm nan. — 1 Tes. 2:12.

10. Ki sa 1 Jan 2:27 vle di lè l di yon kretyen Bondye chwazi pa bezwen pèsonn anseye l la?

10 Moun Bondye fè envitasyon espesyal sa a pa bezwen okenn lòt moun di yo sa. Yo pa bezwen okenn lòt moun verifye sa k rive yo a. Jewova pa kite okenn dout nan kè yo ak nan lespri yo. Men sa apot Jan te di kretyen Bondye chwazi yo: “Nou gen yon onksyon ki soti nan Bondye ki sen an. Nou tout gen konesans.” Mete sou sa, li te di: “Kanta pou nou menm, onksyon nou te resevwa nan men l lan rete nan nou, e nou pa bezwen pèsonn anseye nou. Men, onksyon sa a anseye nou sou tout bagay, e li se laverite, li pa yon manti. Menm jan li anseye nou an, se pou nou rete ann inyon ak sila a ki te bay li a.” ​(1 Jan 2:20, 27). Moun sa yo bezwen enstriksyon nan domèn espirityèl menm jan ak tout lòt moun. Men, yo pa bezwen okenn moun valide apèl yo a. Se fòs ki pi pisan nan linivè a ki fè yo gen konviksyon sa a!

FASON YON MOUN “FÈT YON LÒT FWA ANKÒ”

11, 12. Ki kesyon yon kretyen Bondye chwazi ka poze tèt li, men, sou ki sa l pap janm gen dout?

11 Lè lespri sen fin bay yon kretyen Bondye chwazi pou al nan syèl konviksyon sa a, gen anpil gwo chanjman ki vin fèt nan lavi kretyen sa a. Jezi te pale de chanjman sa a ki fèt anndan moun nan tankou se fèt li “fèt yon lòt fwa ankò”. [2] (Jan 3:3, 5.) Li te bay plis esplikasyon lè l te di: “Pa sezi poutèt mwen di w: Nou dwe fèt yon lòt fwa ankò. Van vante kote l vle, e ou tande bri l, men w pa konnen ki kote l soti, ni ki kote l prale. Se konsa tout moun ki fèt pa mwayen lespri a ye.” ​(Jan 3:7, 8). Sa klè, li enposib pou yo byen esplike moun ki pa gen esperans sa a ki sa apèl la ye toutbon.

12 Yon moun ki jwenn envitasyon sa a gendwa mande tèt li: ‘Poukisa Bondye chwazi m? Poukisa se pa yon lòt moun li chwazi?’ Yo ka menm mande tèt yo si yo merite sa. Men, yo pap poze kesyon sou si yo jwenn envitasyon sa a toutbonvre. Kè yo vin ranpli ak lajwa ak rekonesans. Yo santi yo menm jan ak Pyè lè Bondye te pouse l di: “Louwanj pou Sila a ki Bondye Seyè nou an, Jezi Kris, e ki Papa li, paske, selon mizèrikòd li ki gran, li fè nou fèt yon lòt fwa ankò pou nou vin gen yon esperans ki vivan, grasa rezirèksyon Jezi Kris pami mò yo, e pou nou vin gen yon eritaj ki pa ka ni gate, ni sal, ni fennen. Eritaj sa a rezève nan syèl la pou nou.” ​(1 Pyè 1:3, 4). Lè moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo li pawòl sa yo, yo pa gen okenn dout se avèk yo menm pèsonèlman Papa yo ki nan syèl la ap pale.

13. Ki jan fason yon moun panse chanje lè Bondye chwazi l pa mwayen lespri sen l, e ki sa k lakòz chanjman sa a?

13 Anvan lespri Bondye te fè kretyen sa yo konnen Bondye chwazi yo, petèt yo te gen esperans pou yo viv sou tè a. Yo te swaf pou yo wè moman kote Jewova pral netwaye tè a e yo te vle jwi benediksyon ki pral vini yo. Petèt yo te menm konn imajine yo menm k ap akeyi moun yo renmen yo lè y ap sot nan tonm nan. Yo t ap tann pou yo abite nan kay yo bati epi pou yo manje fwi pyebwa yo te plante (Eza. 65:21-23). Poukisa panse yo vin chanje? Se pa paske yo vin pa renmen esperans sa a ankò. Se pa strès oswa pwoblèm ki fè yo vin chanje fason yo panse. Yo pa bay tè sa a vag kòmsi bridsoukou yo vin santi zafè viv pou toutan sou tè a se yon bagay k ap fatigan oswa k ap raz, ni yo pa jis vle konnen ki jan lavi a ye nan syèl la. Okontrè, yo vin chanje paske fason lespri Bondye aji nan yo a pa sèlman fè yo konnen yo rele yo oswa yo envite yo, men, li chanje fason yo panse ak esperans yo genyen.

14. Ki fason moun Bondye chwazi yo konsidere lavi yo sou tè a?

14 Nan ka sa a, èske n ta dwe panse moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo vle mouri? Men ki fason Bondye te fè Pòl reponn kesyon sa a: “Anfèt, nou menm ki nan tant sa a, n ap plenn, nou akable. Paske, se pa vle nou vle retire l, men se mete nou vle mete lòt la, dekwa pou lavi ka fini ak sa ki ka mouri a.” ​(2 Kor. 5:4). Se pa plezi yo pa pran nan lavi sa a, kòmsi yo vle l fini vit. Olye de sa, yo chofe pou yo pase chak jou y ap viv nan sèvis Jewova a ansanm ak zanmi yo ak fanmi yo. Sepandan, kèlkeswa sa yo fè, yo pap ka sispann panse ak esperans ki gen glwa k ap tann yo alavni an. — 1 Kor. 15:53; 2 Pyè 1:4; 1 Jan 3:2, 3; Rev. 20:6.

ÈSKE BONDYE RELE W?

15. Ki bagay ki pa vle di Bondye chwazi yon moun pa mwayen lespri sen l?

15 Petèt ou konn mande tèt ou si w resevwa bèl envitasyon sa a. Si w ta panse sa, reflechi sou kesyon enpòtan sa yo. Èske w santi w chofe anpil pou travay predikasyon an? Èske w se yon bon etidyan Pawòl Bondye a ki renmen fouye nan “bagay pwofon Bondye yo”? (1 Kor. 2:10.) Èske w santi Jewova beni w espesyalman nan travay predikasyon an? Èske w gen yon anvi cho pou w fè volonte Jewova? Èske w gen yon anvi fò lakay ou ki fè w santi w gen responsablite pou w ede lòt moun nan domèn espirityèl? Èske w wè prèv ki montre Jewova te ede w pèsonèlman nan lavi w? Si kesyon sa yo se wi, èske sa vle di Bondye rele w pou w al nan syèl? Non, sa pa vle di sa. Sa k fè sa? Ebyen, se paske se pa moun Bondye rele yo sèlman ki konn santi yo konsa. Lespri Jewova ap travay ak menm fòs la lakay moun ki gen esperans pou yo viv pou toutan sou tè a. Anfèt, si w ap mande tèt ou si wi ou non w resevwa apèl pou w al viv nan syèl la, sa sèlman se yon prèv ki montre w pa resevwa apèl sa a. Moun Jewova rele yo pa nan mande tèt yo si wi ou non yo envite yo! Yo konn sa!

16. Ki jan n fè konnen se pa tout moun ki resevwa lespri Bondye ki resevwa envitasyon pou y al nan syèl?

16 Nan Ekriti yo, nou jwenn egzanp anpil gason ki te gen lafwa e lespri sen te aji sou yo. Sepandan, yo pa t gen esperans pou y al viv nan syèl. Jan ki konn batize moun nan te youn nan moun sa yo. Jezi te fè anpil lwanj pou li, men, li te fè konnen Jan pa t ap gen pou l vin wa nan Wayòm syèl la (Mat. 11:10, 11). Menm jan an tou, lespri sen te aji sou David (1 Sam. 16:13). Li te yon moun ki te espirityèl anpil e lespri sen te menm pouse l ekri kèk pati nan Bib la (Mak 12:36). Aktout sa, nan jou Pannkòt la, Pyè te fè konnen David “pa t monte nan syèl”. (Tra. 2:34.) Lespri sen te aji ak anpil pisans nan moun sa yo, men, li pa t ba yo temwayaj espesyal ki fè konnen yo chwazi yo pou y al viv nan syèl la. Sa pa vle di kòmkwa yo pa t diy pou sa oswa yo pa t kalifye. Sa tou senpleman vle di Jewova t ap resisite yo pou yo viv nan yon paradi sou tè a. — Jan 5:28, 29; Tra. 24:15.

17, 18. a) Ki rekonpans pifò moun k ap sèvi Bondye jodi a ap tann? b) Ki kesyon nou pral reponn nan atik ki vin apre a?

17 Jodi a, pifò moun k ap sèvi Bondye yo pa resevwa apèl selès la. Yo gen menm esperans ak David, ak Jan ki konn batize moun nan ansanm ak lòt gason ak fi fidèl ki t ap viv nan tan lontan yo. Menm jan ak Abraram, y ap tann pou yo viv anba dominasyon Wayòm nan (Ebre 11:10). Se sèlman yon ti rès pami moun Bondye chwazi pou al viv nan syèl la ki rete sou tè a nan tan sa a ki prèske rive nan bout li a (Rev. 12:17). Sa vle di pifò moun nan 144 000 moun Bondye chwazi yo gentan mouri fidèlman.

18 Donk, nan ka sa a, ki jan moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a ta dwe konsidere moun ki fè konnen yo gen esperans pou y al viv nan syèl la? Ki jan w dwe reyaji si yon moun nan kongregasyon w lan kòmanse manje nan pen an epi bwè nan diven an pandan Soupe Seyè a? Èske w ta dwe ap enkyete w pou nenpòt ogmantasyon w wè nan kantite moun ki fè konnen yo gen apèl selès la? Nou pral reponn kesyon sa yo nan atik ki vin apre a.

^ [1] (paragraf 4) Li posib pou jou Pannkòt la te koresponn ak jou Jewova te bay Lalwa nan mòn Sinayi a (Egz. 19:1). Si se sa, menm jan Jewova te sèvi ak Moyiz pou l te fè alyans Lalwa a ak pèp Izrayèl la, se konsa tou, kounye a, nan menm jou sa a, Jezi Kris te fè yon nouvo nasyon, Izrayèl espirityèl la, vin fè pati nouvo alyans lan.

^ [2] (paragraf 11) Pou n jwenn plis esplikasyon sou sa fèt yon lòt fwa ankò a vle di, gade Toudegad 1ye avril 2009, paj 21-30.