Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

ATIK ETID 49

Sa n aprann nan liv Levitik la sou fason pou n aji ak lòt moun

Sa n aprann nan liv Levitik la sou fason pou n aji ak lòt moun

“Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou.” — LEV. 19:18.

KANTIK 109 Nou dwe renmen lòt moun ak tout kè nou

SA NOU PRAL WÈ *

1-2. Ki sa nou te wè nan atik anvan an, e ki sa nou pral wè nan atik sa a?

NAN atik anvan an, nou te pale sou kèk konsèy nou jwenn nan Levitik chapit 19 ki kapab ede nou. Pa egzanp, jan nou te wè nan vèsè 3 a, Jewova te mande Izrayelit yo pou yo respekte paran yo. Nou te wè ki jan nou ka aplike konsèy sa a jodi a, lè nou ede paran nou jwenn sa yo bezwen pou yo viv, lè nou ankouraje yo e nou konsole yo, epi lè nou ede yo rete pwòch ak Jewova. Nan menm vèsè sa a, yo te fè pèp Bondye a sonje jan l enpòtan pou yo obsève saba. Nou te aprann, byenke jodi a nou pa gen pou n obeyi lwa sou saba a, nou kapab aplike prensip ki ladan l lan lè nou rezève tan pou n fè yon bagay pou Jewova chak jou. Lè nou fè sa, n ap montre n ap fè efò pou n vin sen, jan Levitik 19:2 ak 1 Pyè 1:15 mande sa.

2 Nan atik sa a, nou pral kontinye egzamine Levitik chapit 19. Ki sa nou ka aprann nan chapit sa a sou fason pou nou byen aji ak moun ki andikape, pou nou onèt nan kesyon biznis, e pou n demontre lanmou pou pwochen nou? Nou vle sen paske Bondye sen, kidonk, ann wè sa nou ka aprann.

BYEN AJI AK MOUN KI ANDIKAPE

Ki sa Levitik 19:14 di konsènan fason pou n aji ak yon moun ki soud oswa ki avèg? (Gade paragraf 3-5.) *

3-4. Selon Levitik 19:14, ki jan yo te dwe aji ak moun ki soud e ak moun ki avèg?

3 Li Levitik 19:14. Jewova te vle pou pèp li a byen aji ak moun ki andikape yo. Pa egzanp, Izrayelit yo pa t dwe bay yon moun ki soud madichon, kòmkwa pou yo ta fè l menas oswa pou yo ta swete yon bagay mal rive l. Se te yon gwo mechanste lè yo te fè yon moun ki soud sa. Li pa t ka tande sa yo t ap di sou li, donk li pa t ap ka defann tèt li.

4 Epitou, nan vèsè 14 la, nou aprann sèvitè Bondye yo pa t “dwe mete yon bagay devan yon moun ki avèg pou [...] fè l tonbe”. Men kòmantè yon liv fè sou moun ki andikape: “Nan Pwòch Oryan tan lontan an, [yo] te konn eksplwate moun sa yo e [yo] te konn maltrete yo.” Petèt te gen kèk moun malveyan ki te konn met yon bagay devan yon moun ki avèg pou fè l tonbe oswa pou yo te ka ri l. Ala mechan! Kòmandman sa a Jewova te bay pèp li a te ede yo wè yo dwe gen konpasyon pou moun ki gen yon andikap.

5. Ki jan n ka montre n gen konpasyon pou moun ki andikape?

5 Jezi te gen konpasyon pou moun ki andikape. Sonje sa l te voye di Jan ki te konn batize moun nan: “Moun avèg wè, moun enfim mache, moun ki gen lèp geri, moun soud tande, moun mouri leve.” Apre moun yo te fin wè mirak Jezi te fè yo, yo “tout [te] bay Bondye louwanj”. (Lik 7:20-22; 18:43.) Kretyen yo kontan imite fason Jezi te demontre konpasyon pou moun ki andikape. Se sa k fè nou janti ak moun sa yo, nou pran ka yo e nou pran pasyans ak yo. Se sèten, Jewova pa ban nou pouvwa pou n fè mirak, men nou gen privilèj pou n anonse moun ki avèg toutbon oswa moun ki pa wè, paske yo pa konprann sa Bondye vle yo fè, bon nouvèl konsènan yon paradi kote tout moun ap vin pafè e y ap gen bon relasyon ak Bondye (Lik 4:18). Bon nouvèl sa a deja ede anpil moun bay Bondye louwanj.

NOU BEZWEN ONÈT NAN KESYON BIZNIS

6. Ki jan enfòmasyon nou jwenn nan Levitik chapit 19 la ede n pi byen konprann Dis Kòmandman yo?

6 Gen kèk vèsè nan Levitik chapit 19 ki ede n pi byen konprann Dis Kòmandman yo. Pa egzanp, men sa uityèm kòmandman an te di byen klè: “Nou pa dwe vòlè.” (Egz. 20:15). Yon moun te gendwa panse depi l veye pou l pa pran sa k pa pou li, li obeyi kòmandman sa a. Men, gen lòt fason li kapab vòlè.

7. Ki jan yon moun k ap fè komès ta kapab montre li pa obeyi uityèm kòmandman an ki di pou n pa vòlè?

7 Yon moun k ap fè komès gendwa ap vante tèt li kòmkwa li pa janm pran anyen ki pa pou li. Men, èske l toujou onèt nan kesyon biznis? Jan sa parèt nan Levitik 19:35, 36 (nòt), Jewova te di: “Nou pa dwe sèvi ak fo mezi, kit n ap mezire longè yon bagay, kit n ap peze yon bagay, kit n ap mezire ki kantite l ye. Nou dwe sèvi ak bon balans, ak pwa ki egzak, ak bon mamit e ak bon veso pou mezire likid.” Yon moun k ap fè komès ki sèvi ak fo balans oswa fo mezi pou l twonpe kliyan l yo, se vòlè l vòlè yo. Gen lòt vèsè nan Levitik chapit 19 ki montre sa aklè tou.

Selon Levitik 19:11-13, ki sa yon kretyen ki gen yon biznis ka bezwen mande tèt li? (Gade paragraf 8-10.) *

8. Ki jan pawòl ki nan Levitik 19:11-13 yo te ede Juif yo suiv prensip ki nan uityèm kòmandman an, e ki jan sa kapab ede nou?

8 Li Levitik 19:11-13. Levitik 19:11 kòmanse ak pawòl ki vin annapre yo ki di: “Nou pa dwe vòlè.” Nan vèsè 13 la, yo montre lè nou pa onèt nan kesyon biznis, se vòlè sa ye. Men sa l di: “Pinga nou eksplwate pwochen nou.” Donk, lè yon moun ap fè magouy nan kesyon biznis, sa rele vòlè. Uityèm kòmandman an te di pou moun pa vòlè. Men, enfòmasyon ki nan liv Levitik la te ede Juif yo konprann fason yo kapab aplike prensip ki nan lwa sa a, sa vle di, fason yo kapab montre yo onèt nan tout sa y ap fè. Lè n reflechi sou fason Jewova konsidere moun ki pa onèt e k ap vòlè, sa kapab ede nou. Nou ka mande tèt nou: ‘Lè m ap reflechi sou Levitik 19:11-13, èske m rann mwen kont mwen bezwen fè kèk chanjman nan lavi m, sitou nan fason m ap fè biznis oswa nan fason m travay?’

9. Ki jan lwa nou jwenn nan Levitik 19:13 la te pwoteje moun k ap travay yo?

9 Gen yon lòt bagay yon kretyen ki gen yon biznis bezwen sonje pou l kapab montre l onèt. Men sa Levitik 19:13 di: “Si n pran yon moun pou travay pou nou, nou pa dwe kite lajan l lan fè tout nuit lan nan men nou pou se demen maten nou peye l.” Ann Izrayèl, pifò moun te konn travay nan jaden, e yo te dwe peye moun sa yo nan fen jounen an. Si yo pa t peye moun nan, li pa t ap jwenn kòb pou l bay fanmi l manje jou sa a. Men sa Jewova te di: “Afè l pa bon, e lavi l depann de lajan l ap touche a.” — Det. 24:14, 15; Mat. 20:8.

10. Ki leson nou kapab aprann nan Levitik 19:13?

10 Jodi a, anpil moun k ap travay pa touche chak jou, se yon fwa oswa de fwa pa mwa yo peye yo. Sepandan, prensip nou jwenn nan Levitik 19:13 la toujou valab. Gen kèk patwon ki eksplwate moun k ap travay avè yo. Yo peye moun sa yo mwens kòb lontan pase sa yo ta dwe peye yo. Yo konnen moun sa yo ka pa vrèman gen chwa, y ap kontinye travay pou yo menmsi sa yo peye yo a piti anpil. Nan yon sans, patwon sa yo ‘kite lajan yon moun k ap travay avè yo dòmi nan men yo’. Yon kretyen ki gen yon biznis ap bezwen veye pou l pa eksplwate moun k ap travay avè l. Kounye a, ann wè lòt bagay nou kapab aprann nan Levitik chapit 19.

NOU BEZWEN RENMEN LÒT MOUN MENM JAN NOU RENMEN TÈT NOU

11-12. Ki sa Jezi te montre lè l te site pawòl ki nan Levitik 19:17, 18 yo?

11 Se vre Bondye di n pou n pa fè lòt moun mal, men li mande n plis pase sa. Nou kapab wè sa nan Levitik 19:17, 18. (Li vèsè yo.) Men kòmandman klè li te bay: “Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou.” Yon kretyen ki vle fè Bondye plezi dwe aji fason sa a.

12 Ann wè ki jan Jezi te montre jan kòmandman ki nan Levitik 19:18 la enpòtan anpil. Yon lè, gen yon Farizyen ki te mande Jezi: “Ki pi gwo kòmandman ki gen nan Lalwa?” Jezi te di: “Pi gwo kòmandman an, e se premye a”: nou dwe renmen Jewova ak tout kè nou, ak tout nanm nou, e ak tout lespri nou. Annapre, Jezi te site Levitik 19:18, li te di: “Men dezyèm nan, ki menm jan avè l: ‘Nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou.’” (Mat. 22:35-40). Gen plizyè fason pou n montre nou renmen pwochen nou. Nou ka aprann kèk nan fason sa yo nan Levitik chapit 19.

13. Ki jan istwa Jozèf la ede n pi byen konprann sa Levitik 19:18 te vin di annapre a?

13 Youn nan fason n ap montre nou renmen pwochen nou, se lè nou aplike konsèy nou jwenn nan Levitik 19:18 la. Men sa l di: “Nou pa dwe tire revanj, ni nou pa dwe kenbe yon moun [...] sou kè.” Pifò nan nou konn kèk sitiyasyon kote yon moun te ret fache ak yon kòlèg travay li, yon kamarad lekòl li, oswa yon moun nan fanmi l, menm pandan plizyè ane! Pa egzanp, dis frè Jozèf te gen bò kot papa yo te kenbe l sou kè. Yo te tèlman rayi l, yo te menm rive fè l mechanste (Jen. 37:2-8, 25-28). Men, Jozèf pa t janm rann yo mal pou mal. Lè Jozèf te vin gen pouvwa e l te ka fè yo peye pou sa yo te fè a, li te fè yo mizèrikòd. Li pa t kenbe yo sou kè. Okontrè, li te fè sa Levitik 19:18 te vin di annapre a. — Jen. 50:19-21.

14. Ki sa k montre nou bezwen kontinye suiv prensip ki nan Levitik 19:18 la?

14 Lefètke Jozèf te padone frè l yo e li pa t kenbe yo sou kè oswa li pa t tire revanj, li kite yon egzanp pou tout kretyen ki vle fè Bondye plezi. Sa ann amoni tou ak priyè Jezi te bay kòm modèl la, kote l te mande pou n padone moun ki peche kont nou (Mat. 6:9, 12). Nan menm sans lan, men konsèy apot Pòl te bay kretyen parèy li yo: “Pa vanje tèt nou, byenneme.” (Wom. 12:19). Epitou, men ankourajman li te ba yo: “Menmsi yon moun gen dekwa pou l plenyen kont yon lòt, se pou youn kontinye sipòte lòt e se pou youn kontinye padone lòt ak tout kè l.” (Kol. 3:13). Prensip Jewova yo pa chanje. Jodi a, nou bezwen kontinye suiv prensip nou jwenn nan lwa ki nan Levitik 19:18 la.

Menm jan li pi bon pou n pa plede tingting yon blese n genyen, se menm jan an tou li pi bon pou n pa kontinye panse ak yon bagay yo fè nou ki fè nou mal. Nou dwe fè efò pou n pase sou sa. (Gade paragraf 15.) *

15. Bay yon egzanp ki montre jan l enpòtan pou n padone e pou n bliye sa yo fè nou.

15 Ann pran yon egzanp. Lè yo di yon moun yon bagay ki fè l mal oswa yo fè l yon bagay ki fè l mal, nou ka konpare sa ak lè yon moun blese. Gen blese ki pa grav. Men, gen blese ki grav anpil. Pa egzanp, pandan n ap fè zong nou, nou ka fè yon ti blese nan dwèt. Se vre sa ka fè n mal, men rive yon lè, l ap sispann fè n mal e l ap geri. Apre youn oswa de jou, petèt nou pap menm wè kote n te blese a. Menm jan an tou, gen bagay yo fè nou ki pa fin twò grav. Pa egzanp, yon zanmi gendwa di n oswa fè n yon bagay san reflechi epi sa fè nou mal. Men, nou rive padone l san pwoblèm. Sepandan, si se blese nou ta blese grav, yon doktè ka oblije koud kote ki blese a epi met yon bandaj sou li. Men, si nou ta plede tingting blese a, li ta ka vin anvlimen. Malerezman, yon moun ka aji menm jan an lè yon moun fè l yon bagay ki fè l mal anpil. Li ka toujou ap panse ak jan sa moun nan te fè l la fè l mal. Men, moun ki kenbe moun sou kè se tèt yo yo fè mal. Li pi bon lontan pou yo suiv konsèy ki nan Levitik 19:18 la!

16. Selon Levitik 19:33, 34, ki jan Izrayelit yo te dwe aji ak etranje ki t ap viv nan mitan yo, e ki leson nou kapab aprann nan sa?

16 Lè Jewova te bay Izrayelit yo lòd pou yo renmen pwochen yo, li pa t vle di pou yo te renmen Izrayelit parèy yo sèlman. Yo te dwe renmen etranje ki t ap viv nan mitan yo tou. Se mesaj klè sa a ki nan Levitik 19:33, 34. (Li vèsè yo.) Izrayelit yo te dwe trete etranje yo “tankou Izrayelit parèy” yo, e yo te dwe “renmen yo” menm jan yo renmen tèt yo. Pa egzanp, Izrayelit yo te dwe kite ni etranje ki t ap viv nan mitan yo, ni pòv yo pran sa yo te kite dèyè nan jaden yo (Lev. 19:9, 10). Jodi a, kretyen yo bezwen kontinye suiv prensip ki fè konnen nou dwe renmen etranje yo (Lik 10:30-37). Ki jan nou ka fè sa? Toupatou sou tè a, gen plizyè milyon moun ki kite peyi yo pou y al viv nan lòt peyi, e petèt gen nan yo ki abite toupre w. Nou dwe byen aji ak moun sa yo e nou dwe respekte yo.

YON BAGAY ENPÒTAN KI PA NAN LEVITIK CHAPIT 19

17-18. a) Ki sa Levitik 19:2 ak 1 Pyè 1:15 ankouraje nou fè? b) Ki travay enpòtan apot Pyè ankouraje n fè?

17 Levitik 19:2 ak 1 Pyè 1:15 mande pèp Bondye a pou l sen. Gen anpil lòt vèsè nan Levitik chapit 19 ki kapab ede nou wè sa nou ka fè pou n jwenn favè Bondye. Nou te pale konsènan kèk vèsè ki te ede nou wè kèk bagay ki bon nou dwe fè ak kèk bagay ki pa bon nou dwe evite *. Liv ki te ekri an grèk yo montre jan sa enpòtan pou n aplike prensip sa yo nan lavi nou. Sepandan, apot Pyè te di yon bagay anplis.

18 Nou gendwa fè anpil bagay nan sèvis n ap bay Jewova a e nou gendwa fè anpil bèl aksyon. Sepandan, Pyè te pale konsènan yon bagay ki enpòtan anpil. Anvan menm Pyè te ankouraje n pou n vin sen nan tout konduit nou, li te di: “Prepare lespri nou pou nou aji.” (1 Pyè 1:13, 15). Konsènan ki aktivite Pyè t ap pale? Li te di frè Kris yo Bondye chwazi pou al nan syèl t ap “‘fè konnen kalite estrawòdinè’ Sila a ki te rele” yo a (1 Pyè 2:9). Anfèt, jodi a, tout kretyen gen privilèj pou yo patisipe nan travay ki pi enpòtan k ap fèt la, anpalan de travay ki fè moun jwenn plis byenfè a. Se yon privilèj espesyal nou genyen antanke yon pèp ki sen pou n patisipe regilyèman nan travay preche ak anseye a ak tout kè nou (Mak 13:10)! Lè nou fè tout sa n kapab pou n aplike prensip ki nan Levitik chapit 19 yo, nou montre aklè nou renmen Bondye nou an e nou renmen pwochen nou. Epitou, nou montre nou vle “vin sen” nan tout konduit nou.

KANTIK 111 Rezon pou n gen kè kontan

^ § 5 Kretyen yo pa anba Lalwa Moyiz la, men, Lwa sa a pale sou plizyè bagay nou dwe fè oswa nou pa dwe fè. Lè nou chèche konnen yo, sa kapab ede nou pou n demontre lanmou pou lòt moun e pou n fè Bondye plezi. Nan atik sa a, nou pral wè kèk leson nou kapab aprann nan Levitik chapit 19 e ki jan yo kapab ede nou.

^ § 17 Nan atik sa a ak nan atik anvan an, nou pa pale konsènan vèsè ki gen rapò ak montre nou pa gen patipri, pale moun mal, manje san, pratik ki gen rapò ak movèzespri, divinò ak imoralite seksyèl. — Lev. 19:15, 16, 26-29, 31. — Gade “Kesyon lektè yo poze” ki nan Toudegad sa a.

^ § 52 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon Temwen k ap ede yon frè ki soud kominike ak yon doktè.

^ § 54 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè ki konn pentire kay pou moun k ap peye yon moun k ap travay avè l.

^ § 56 ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon sè ka bliye byen fasil yon bagay yo fè l ki pa twò grav. Men, èske l ap chwazi fè menm bagay la lè sa yo di l la oswa sa yo fè l la fè l mal anpil?