Se pou nou tout vin youn menm jan Jewova ak Jezi fè youn
“Mwen fè w demann [...] pou yo tout ka vin youn, menm jan ou menm, Papa, ou ann inyon avè m.” — JAN 17:20, 21.
1, 2. a) Ki demann Jezi te fè nan dènye priyè l te fè ak apot li yo? b) Poukisa Jezi dwe te enkyè konsènan kesyon tèt ansanm nan?
NAN dènye soupe Jezi te pran ak apot li yo, li te montre l enkyè konsènan kesyon tèt ansanm nan. Pandan l t ap priye ak yo, li te fè konnen jan l ta renmen pou tout disip li yo vin fè youn, menm jan li menm ak Papa l fè youn. (Li Jan 17:20, 21.) Tèt ansanm yo t ap vin genyen an t ap yon gwo temwayaj, se t ap yon prèv byen klè ki montre Jewova te voye Jezi sou tè a pou l fè volonte L. Lanmou t ap yon prèv ki montre kiyès ki vrè disip Jezi e l t ap ede yo gen tèt ansanm. — Jan 13:34, 35.
2 Nou konprann rezon ki fè Jezi te met aksan sou kesyon inite a. Li te rann li kont apot li yo te manke tèt ansanm oswa amoni nan mitan yo, jan sa te parèt nan dènye soupe l te pran ak yo a. Jan sa te pase anvan sa, yo t ap fè diskisyon pou yo konnen “kiyès nan yo ki pi enpòtan”. (Lik 22:24-27; Mak 9:33, 34.) Yon lòt lè, Jak ak Jan te mande Jezi pou l ba yo plas ki enpòtan bò kote l nan Wayòm li an. — Mak 10:35-40.
3. Ki sa petèt ki te lakòz manke inite pami disip Kris yo, e ki kesyon nou pral egzamine?
3 Sepandan, se pa anvi pou gen plis enpòtans sèlman ki te ka lakòz dezinyon pami disip Kris yo. Moun nan peyi a te divize akoz lahèn ak prejije. Disip Jezi yo t ap bezwen rejte santiman sa yo. Nan atik sa a, nou pral egzamine kesyon ki vin annapre yo: Ki jan Jezi te fè fas ak prejije? Ki jan l te ede disip li yo aprann trete lòt moun san patipri e pou yo gen bonjan tèt ansanm? E ki jan sa l te anseye yo ap ede n kontinye gen tèt ansanm?
PREJIJE JEZI AK DISIP LI YO TE SIBI
4. Bay kèk egzanp konsènan prejije Jezi te sibi.
4 Jezi li menm te fè fas ak prejije. Lè Filip te di Natanayèl li jwenn Mesi a, Natanayèl te reponn: “Ki bon bagay ki ka soti Nazarèt?” (Jan 1:46). Sanble Natanayèl te konnen pwofesi ki nan Miche 5:2 a e l te konsidere vil Nazarèt kòm yon vil ki twò raz pou Mesi a ta sot ladan l. Menm jan an tou, gen kèk gwo zotobre nan Jide ki te meprize Jezi paske l te moun Galile (Jan 7:52). Anpil moun Jide te konsidere moun Galile kòm moun ki pi ba pase yo. Gen lòt Juif ki te eseye manke Jezi dega lè yo te di l se yon Samariten (Jan 8:48). Samariten yo se te yon seri moun ki pa t menm ras ak Juif yo e ki pa t gen menm relijyon ak yo. Ni moun Jide yo ni moun Galile yo pa t gen anpil respè pou Samariten yo e yo te konn evite yo. — Jan 4:9.
5. Ki prejije disip Jezi yo te sibi?
5 Menm jan an tou, chèf relijye Juif yo te konn meprize disip Jezi yo. Farizyen yo te konsidere yo kòm yon “bann moun modi”. (Jan 7:47-49.) Vrèmanvre, yo te konsidere nenpòt moun ki pa t etidye nan lekòl chèf relijye Juif yo oswa ki pa t suiv tradisyon yo te genyen yo kòm moun ki meprizab e ki pa nan gwo pozisyon (Tra. 4:13, nòt.) Prejije Jezi ak disip li yo te sibi yo te soti nan divizyon moun yo te genyen nan domèn relijyon, nan domèn sosyal ak nan kesyon ras. Prejije te gen efè sou disip yo tou. Pou yo te ka gen tèt ansanm, yo t ap bezwen chanje mantalite yo.
6. Sèvi ak kèk egzanp pou n montre fason prejije ka gen efè sou nou.
6 Jodi a, monn nan chaje ak prejije. Nou ka sibi prejije, oswa nou ka gen prejije. Men sa yon sè ki pyonye kounye a nan peyi Ostrali fè konnen: “Tank m te konsantre m sou enjistis moun natif natal peyi a te sibi, ni nan tan lontan ni kounye a, se tank m te vin pi rayi moun blan yo. Anplis de sa, m te vin rayi yo plis toujou akoz move tretman m te sibi.” Gen yon frè nan peyi Kanada ki fè konnen l te gen prejije yon lè akoz kesyon lang. Men sa l di: “M te panse moun ki pale fransè yo te pi enpòtan. Konsa, m te kòmanse rayi moun ki pale anglè yo.”
7. Ki fason Jezi te fè fas ak prejije?
7 Nan epòk nou an, tandans prejije ka anrasinen byen fon nan nou, menm jan sa te ye nan epòk Jezi a. Ki fason Jezi te fè fas ak tandans sa yo? Premyèman, li te rejte prejije lè l te montre l pa gen okenn patipri lakay li. Li te preche ni moun ki rich ni moun ki pòv, ni Farizyen ni Samariten, e l te menm preche pèseptè yo ak moun k ap pratike peche yo. Dezyèmman, grasa ansèyman ak egzanp Jezi te bay, li te montre disip li yo yo dwe evite gen dout sou lòt moun e yo pa dwe gen prejije.
LANMOU AK IMILITE EDE N POT LAVIKTWA SOU PREJIJE
8. Sou ki prensip fondamantal inite nou genyen antanke kretyen an baze? Esplike.
8 Jezi te anseye disip li yo yon prensip fondamantal e se sou prensip sa a inite nou genyen an baze. Men sa l te di: “Nou tout se frè.” (Li Matye 23:8, 9.) Nòmalman, youn nan rezon ki fè nou se “frè” se paske nou tout se desandan Adan (Tra. 17:26). Men, se pa sa sèlman. Jezi te fè konnen disip li yo se frè ak sè paske yo rekonèt Jewova kòm Papa yo ki nan syèl la (Mat. 12:50). Anplis de sa, yo vin fè pati yon gwo fanmi espirityèl, yon fanmi ki ini grasa lanmou ak lafwa. Se rezon sa a ki fè byen souvan, apot yo te konn rele lòt disip yo ‘frè ak sè’ nan lèt yo te konn ekri yo. — Wom. 1:13; 1 Pyè 2:17; 1 Jan 3:13 *.
9, 10. a) Poukisa Juif yo pa t gen rezon pou yo fyè de ras yo? b) Ki jan Jezi te anseye yon leson sou fason pou n venk prejije kont ras? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)
9 Apre Jezi te fin montre byen klè nou dwe konsidere youn lòt kòm frè ak sè, li te atire atansyon sou enpòtans pou n gen imilite. (Li Matye 23:11, 12.) Jan n te remake sa, fyète ki depase limit te lakòz kèk mezantant nan mitan apot li yo. Konsa tou, fyète konsènan ras ka vin yon pwoblèm. Èske Juif yo te gen rezon pou yo fyè dèske yo se desandan Abraram? Gen anpil Juif ki te gen yon konviksyon fèm sou sa. Sepandan, men sa Jan ki te konn batize moun nan te di yo: “Bondye kapab fè pitit sot nan wòch sa yo pou Abraram.” — Lik 3:8.
10 Jezi te montre l pa dakò ak fyète konsènan ras. Li te pwofite yon okazyon li te jwenn pou l montre sa lè yon espè nan Lalwa te mande l: “Kiyès menm ki pwochen m?” Kòm repons, Jezi te bay egzanp konsènan yon Samariten ki te byen pran swen yon Juif ki t ap vwayaje e vòlè te bat. Gen kèk Juif ki t ap pase sou wout la ki te fè kòmsi yo pa wè mesye sa a ki te nan pwoblèm, tandiske Samariten an te pran pitye pou li. Pou Jezi te fini istwa l la, li te di espè nan Lalwa a pou l fè menm jan ak Samariten an (Lik 10:25-37). Jezi te montre yon Samariten kapab aprann Juif yo ki sa sa vle di pou yon moun renmen pwochen l toutbon.
11. Poukisa disip Kris yo te dwe aji san patipri ak moun ki etranje, e ki jan Jezi te ede yo konprann sa?
11 Pou disip Jezi yo te akonpli misyon l te konfye yo a, yo te bezwen pot laviktwa sou ògèy ak prejije yo te gen lakay yo. Anvan Jezi te monte nan syèl, li te ba yo misyon pou yo bay temwayaj nan “tout Jide ak nan Samari, rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a”. (Tra. 1:8.) Kèk tan anvan sa, Jezi te prepare yo pou kokenn travay sa a lè l te atire atansyon yo sou bèl kalite moun ki etranje yo genyen. Li te fè lwanj pou yon ofisye nan lame ki te yon etranje paske mesye sa a te gen yon gwo lafwa (Mat. 8:5-10). Pandan Jezi te Nazarèt, vil kote l te leve a, li te pale sou fason Jewova te fè kèk etranje favè, tankou vèv nan vil Safat la, ki te moun Fenisi, ak Naaman, moun peyi Siri a ki te gen lèp (Lik 4:25-27). Epitou, nonsèlman Jezi te preche yon dam ki moun Samari, men tou, li te pase de jou nan yon vil Samari paske moun yo te enterese nan mesaj li a. — Jan 4:21-24, 40.
FASON YO TE LITE KONT PREJIJE NAN PREMYE SYÈK LA
12, 13. a) Ki jan apot yo te reyaji lè Jezi t ap anseye yon dam ki moun Samari? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.) b) Ki sa k montre Jak ak Jan pa t fin byen konprann sa Jezi te anseye a?
12 Sepandan, li pa t fasil pou apot yo retire prejije lakay yo. Yo te sezi wè jan Jezi te dispoze anseye yon dam ki moun Samari (Jan 4:9, 27). Chèf relijye Juif yo pa t konn pale ak fi an piblik, alewè pou yo ta pale ak yon dam ki moun Samari ki pa t gen bon repitasyon. Apot yo te ankouraje Jezi pou l manje. Men, jan l te reponn yo a montre l te tèlman konsantre nan konvèsasyon espirityèl li te gen ak dam nan li te menm bliye si l grangou. Preche moun, menm yon dam ki moun Samari, se te volonte Papa l, e sa te tankou manje pou li. — Jan 4:31-34.
13 Jak ak Jan pa t byen konprann leson sa a. Pandan disip yo t ap vwayaje ak Jezi e yo rive Samari, yo t al chèche yon kote nan yon bouk nan Samari pou yo pase nuit lan. Moun Samari yo te refize resevwa yo, poutèt sa, Jak ak Jan te vin an kòlè e yo te vle mande pou dife sot nan syèl la pou l boule bouk la nèt. Jezi te reprimande yo yon fason fèm (Lik 9:51-56). Nou ka ap mande tèt nou si Jak ak Jan t ap reyaji menm jan an si se moun nan yon bouk nan Galile, zòn kote yo te leve a, ki pa t vle resevwa yo. Sanble se prejije ki te lakòz yo gen hèn sa a. Li posib pou apot Jan te santi l jennen akoz kòlè l te fè a apre l te fin fè yon bèl kanpay predikasyon pami moun Samari yo kèk tan annapre. — Tra. 8:14, 25.
14. Ki jan yo te rezoud yon pwoblèm petèt ki te gen rapò ak lang?
14 Yon ti tan apre Pannkòt ane 33 epòk nou an, disip yo te fè fas ak yon pwoblèm prejije. Lè yo t ap distribye manje bay vèv ki te nan nesesite yo, yo te neglije vèv ki pale grèk yo (Tra. 6:1). Petèt prejije konsènan lang se youn nan rezon ki te lakòz sa. San pèdi tan, apot yo te rezoud pwoblèm nan lè yo te nome kèk gason ki kalifye pou yo pran latèt nan distribisyon manje a. Tout gason sa yo ki te kalifye nan domèn espirityèl te gen non grèk. Petèt sa te fè l pi fasil pou vèv ki te santi yo ofanse yo aksepte yo.
15. Ki fason Pyè te fè pwogrè pou l te ka aji san patipri ak tout moun? (Gade foto ki nan kòmansman atik la.)
15 Nan ane 36 epòk nou an, travay fè disip la te vin gaye nan plis peyi toujou. Apot Pyè te gen abitid pase tan sèlman ak moun ki Juif. Men, apre Bondye te fin montre byen klè kretyen yo pa dwe gen patipri, Pyè te preche Kònèy ki te yon sòlda women. (Li Travay 10:28, 34, 35.) Annapre, Pyè te kontan manje ak moun lòt nasyon ki te vin kwayan yo e l te kontan pase tan ak yo. Sepandan, kèk ane apre sa, Pyè te sispann manje ak kretyen ki pa Juif ki te nan vil Antyòch yo (Gal. 2:11-14). Pou rezon sa a, Pòl te reprimande Pyè avèk fòs, e li klè, Pyè te aksepte reprimann nan. Lè Pyè te ekri premye lèt li te voye bay Juif ak moun lòt nasyon ki te vin kretyen ki te ann Azi minè yo, se ak tout kè l li te pale sou enpòtans pou yo renmen tout frè yo. — 1 Pyè 1:1; 2:17.
16. Ki repitasyon premye kretyen yo te vin genyen?
16 Sa klè, apot yo te aprann nan egzanp Jezi te bay pou n renmen “tout kalite moun”. (Jan 12:32; 1 Tim. 4:10.) Byenke sa te pran tan, yo te korije fason yo te panse. Premye kretyen yo te vin gen repitasyon kòm moun ki gen lanmou youn pou lòt. Tètilyen, yon ekriven nan dezyèm syèk la, te fè konnen moun ki pa kretyen yo te konn di konsènan moun ki kretyen yo: “Yo gen lanmou youn pou lòt [...]. Yo menm pare pou yo mouri youn pou lòt.” Piske premye kretyen yo te abiye ak “nouvo pèsonalite a”, yo te vin rann yo kont tout moun gen menm enpòtans nan je Bondye. — Kol. 3:10, 11.
17. Ki jan n ka derasinen prejije nan kè nou? Bay kèk egzanp.
17 Jodi a, nou menm tou nou ka bezwen tan pou n derasinen prejije nan kè nou. Men ki jan yon sè nan peyi Lafrans esplike konba l ap mennen: “Jewova te aprann mwen ki sa renmen vle di, ki sa pataje vle di e ki sa renmen tout kalite moun vle di. Men, m toujou ap aprann ki jan pou m evite gen prejije anvè lòt moun, e sa pa toujou fasil. Se sa k fè m kontinye priye sou sa.”
Gen yon sè nan peyi Espay ki nan yon konba menm jan an, men sa l di: “Pafwa, m konn ap goumen kont hèn mwen genyen pou yon ras moun an patikilye, e m reyisi byen souvan. Men, m konnen m bezwen kontinye lite. Grasa Jewova, m kontan dèske m fè pati yon fanmi ki gen tèt ansanm.” Nou chak ka analize tèt nou yon fason ki sensè. Èske n ka bezwen goumen kont kèk tandans prejije menm jan ak de sè sa yo?TANK LANMOU AP GRANDI PREJIJE AP DISPARÈT
18, 19. a) Ki rezon nou genyen pou n akeyi tout moun? b) Bay kèk fason pratik nou ka fè sa.
18 Li bon pou n sonje gen yon lè nou tout te “etranje”, e nou pa t pwòch ak Bondye (Efe. 2:12). Men, Jewova te sèvi “ak lanmou tankou kòd” pou l rale n vin jwenn li (Oze 11:4; Jan 6:44). E Kris te akeyi nou. Nan yon sans, li te ouvri pòt la pou n te ka vin fè pati fanmi Bondye a. (Li Women 15:7.) Piske Jezi kontan aksepte nou, aktout nou enpafè, nou pa dwe janm panse rejte kèlkeswa moun nan!
19 Sa klè, tank n ap pwoche pi pre fen sistèm mechan sa a se tank ap gen plis divizyon, plis prejije ak plis rayisman nan monn nan (Gal. 5:19-21; 2 Tim. 3:13). Men, antanke sèvitè Jewova, nou chèche gen sajès ki soti anwo a, yon sajès ki pa nan patipri e ki ankouraje moun fè lapè (Jak 3:17, 18). Nou kontan fè zanmi ak moun ki sot nan lòt peyi, nou aksepte diferans ki gen nan kilti yo e n ka menm aprann lang lòt moun pale. Lè n fè sa, lapè nou genyen an vin anpil tankou dlo nan yon rivyè ki pa janm seche, e aksyon ki dwat nou fè yo vin anpil tankou lanm lanmè ki pa sispann fè mouvman. — Eza. 48:17, 18.
20. Ki sa k rive lè lanmou gen efè sou lespri nou ak sou kè nou?
20 Men sa sè nan peyi Ostrali nou te pale de li pi wo a di: “Vàn vrè konesans lan te ouvri devan m.” Men sa l di pou l esplike efè etid li fè nan Bib la gen sou li: “Mwen te jwenn fòmasyon pou m vin gen yon lòt kè ak yon lòt mantalite. Konsa, tout prejije ak hèn ki te anrasinen nan mwen yo disparèt devan je m.” Epi, frè nan peyi Kanada a fè konnen kounye a li rann li kont “byen souvan, se inyorans ki lakòz moun vin rasis e kalite yon moun genyen pa depann de kote l fèt”. Frè a marye ak yon sè ki pale anglè! Chanjman sa yo moun yo fè nan konpòtman yo se prèv ki montre lanmou nou genyen antanke kretyen an ka pot laviktwa sou prejije e l fè sa. Lanmou sa a ini nou ak yon chenn ki pa ka kase. — Kol. 3:14.
^ § 8 Mo “frè” a ka gen ladan l fi ki fè pati kongregasyon an. Pòl te voye lèt li a bay “frè” nan vil Wòm yo. Sa klè, sè yo te ladan l tou, san wete plizyè sè Pòl te site non yo (Wom. 16:3, 6, 12). Toudegad gen lontan depi l ap pale de kretyen yo antanke ‘frè ak sè’.