TOUDEGAD KI GEN ATIK ETID YO Jiyè 2018

Nan Toudegad sa a, n ap jwenn atik yo pral etidye soti 3 rive 30 septanm 2018.

YO TE OFRI TÈT YO VOLONTÈMAN

Yo te ofri tèt yo volontèman — nan peyi Myanma

Poukisa anpil Temwen Jewova kite peyi yo pou y al ede nan travay rekòt espirityèl la nan peyi Myanma?

Apwobasyon kiyès w ap chèche?

Ki sa n ka aprann nan fason Bondye te montre l apwouve sèvitè fidèl li yo?

Nan ki direksyon je w ap gade?

Nou ka aprann yon leson enpòtan nan yon erè grav Moyiz te fè.

“Kiyès ki pou Jewova?”

Istwa Bib la rakonte konsènan Kayen, Salomon, Moyiz ak Arawon montre n rezon ki fè l saj pou n pran pozisyon pou Jewova.

Se byen Jewova nou ye

Ki jan n ka remèsye Jewova lefètke l fè l posib pou n gen relasyon avè l?

Demontre konpasyon pou “tout kalite moun”

Aprann demontre konpasyon menm jan ak Jewova lè w chèche wè bezwen ak pwoblèm lòt moun genyen epi lè w ede yo jan w kapab.

Kesyon lektè yo poze

Si yon gason ak yon fi ki pa marye youn ak lòt ta pase nuit ansanm nan sikonstans ki pa apwopriye, èske sa t ap yon peche grav?