Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Fason pou w fè etid w ap fè nan Bib la vin pi pwofitab e pi enteresan

Fason pou w fè etid w ap fè nan Bib la vin pi pwofitab e pi enteresan

JOZYE te resevwa yon misyon ki te difisil anpil. Li te gen pou l fè fas ak anpil obstak lè l t ap mennen nasyon Izrayèl la nan Peyi Bondye te pwomèt la. Sepandan, Jewova te ba l asirans l ap reyisi, epi, men ki ankourajman l te ba li: ‘Mete kouraj ak kran sou ou. Suiv Lwa m bay la. Li l lajounen kou lannuit pou w ka byen suiv tout sa ki ekri ladan l. Konsa, tout sa w ap fè ap reyisi e w ap aji avèk sajès.’ — Joz. 1:7, 8.

Nan ‘tan sa yo ki di e ki difisil pou moun sipòte’, nou menm tou n ap fè fas ak anpil eprèv (2 Tim. 3:1). Menm jan ak Jozye, nou kapab reyisi lè n suiv konsèy Jewova te ba l la. Nou ka li Labib regilyèman epi n byen suiv prensip ki ladan l yo lè n jwenn eprèv.

Sepandan, anpil nan nou ap dakò nou pa pi bon etidyan ki genyen epi etidye se pa yon bagay ki fasil pou nou. Men, piske l vrèman enpòtan pou n etidye Bib la, lè n egzamine kare ki gen tit “ Eseye sijesyon sa yo”, n ap jwenn kèk bon konsèy ki ka pèmèt etid n ap fè a vin pi pwofitab e pi enteresan.

Men ki sa youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo te di nan yon chante: “Dirije m pou m ka suiv kòmandman w yo, paske m pran plezi ladan yo.” (Sòm 119:35). Nou ka pran anpil plezi nan etid n ap fè nan Pawòl Bondye a. N ap jwenn anpil bèl rekonpans tank n ap fouye pou n jwenn trezò espirityèl.

Byenke w pa gen yon nasyon pou w dirije menm jan ak Jozye, ou menm tou ou gen pwoblèm pa w. Kidonk, menm jan ak Jozye, etidye sa ki te ekri yo epi obeyi yo pou w jwenn byenfè. Lè w fè sa, ou menm tou w ap reyisi e w ap aji avèk sajès.