ATIK ETID 12
Ann montre konsiderasyon pou santiman lòt moun
“Se pou nou tout gen [...] senpati.” — 1 PYÈ 3:8.
KANTIK 90 Annou youn ankouraje lòt
SA NOU PRAL WÈ *
1. Selon 1 Pyè 3:8, poukisa nou renmen viv bò kote moun ki gen konsiderasyon pou santiman nou e ki vle byen pou nou?
NOU renmen viv bò kote moun ki gen konsiderasyon pou santiman nou e ki vle byen pou nou. Yo eseye mete yo nan plas nou e yo chèche konprann sa k nan panse nou ak santiman nou. Yo gentan wè sa nou bezwen e yo ofri nou èd yo, pafwa anvan menm nou mande yo sa. Nou apresye moun ki montre yo gen “senpati” * pou nou. — Li 1 Pyè 3:8.
2. Ki sa k fè nou ka bezwen fè efò pou nou mete nou nan plas lòt moun?
2 Antanke kretyen, nou tout ta renmen kapab mete nou nan plas lòt moun oswa gen senpati pou yo. Men, an reyalite, nou ka bezwen fè efò pou sa. Pou ki rezon? Toudabò, nou enpafè (Wom. 3:23). Se sa k fè nou dwe lite kont tandans nou gen lakay nou ki fè nou plis panse ak tèt nou. Epitou, fason kèk nan nou te leve oswa sitiyasyon nou te viv ka fè se lite n ap lite pou nou mete nou nan plas lòt moun. Ansuit, atitid lòt moun ki antoure nou ka enfliyanse nou. Nan dènye jou sa yo, anpil moun pa montre konsiderasyon pou santiman lòt moun. Okontrè, yo “renmen pwòp tèt yo”. (2 Tim. 3:1, 2.) Ki sa k ka ede nou venk difikilte sa yo ki fè l pa fasil pou nou montre konsiderasyon pou santiman lòt moun?
3. a) Ki jan nou ka amelyore fason nou montre konsiderasyon pou santiman lòt moun? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a?
3 Nou ka amelyore fason nou montre konsiderasyon pou santiman lòt moun lè nou imite Jewova Dye ak Pitit Gason l 1 Jan 4:8). Jezi te imite pèsonalite Papa l yon fason ki pafè (Jan 14:9). Lè l te sou tè a, li te demontre fason yon moun ka montre li gen konpasyon. Nan atik sa a, nou pral egzamine toudabò fason Jewova ak Jezi montre konsiderasyon pou santiman lòt moun. Apre sa, nou pral egzamine fason nou ka suiv egzanp yo.
lan, Jezi Kris. Jewova se yon Bondye lanmou e li ban nou pi bèl egzanp ki genyen nan montre konsiderasyon pou lòt moun (FASON JEWOVA MONTRE KONSIDERASYON POU LÒT MOUN
4. Ki jan Ezayi 63:7-9 montre Jewova gen konsiderasyon pou santiman sèvitè l yo?
4 Labib aprann nou Jewova gen konsiderasyon pou santiman sèvitè l yo. Pa egzanp, ann egzamine fason Jewova te santi l lè Izrayelit nan tan lontan yo te nan difikilte. Men sa Pawòl Bondye a di: “Pandan tout tan yo t ap soufri a, sa te fè l soufri.” (Li Ezayi 63:7-9.) Annapre, pa mwayen pwofèt Zakari, Jewova te fè konnen lè yo t ap maltrete pèp li a, se kòmsi se li menm yo t ap maltrete. Men sa Jewova te di sèvitè l yo: “Nenpòt moun ki manyen nou, se gla je m li manyen.” (Zak. 2:8). Ala yon bèl egzanp Jewova itilize pou l montre jan li sansib pou pèp li a!
5. Bay yon egzanp ki montre fason Jewova aji pou l ede sèvitè l yo k ap soufri.
5 Jewova pa sèlman santi li gen konpasyon pou sèvitè l yo k ap soufri. Li aji pou l ede yo. Pa egzanp, lè Izrayelit yo t ap soufri nan esklavaj nan peyi Ejip, Jewova te konprann soufrans yo e l te santi l dwe fè yon bagay pou l soulaje yo. Men sa Jewova te di Moyiz: “Mwen wè tray pèp mwen an [...], e mwen tande yo k ap rele osekou [...]. Mwen byen konnen jan y ap soufri. M ap desann pou m vin delivre yo anba men Ejipsyen yo.” (Egz. 3:7, 8). Piske Jewova te santi l gen konpasyon pou pèp li a, li te libere yo anba esklavaj. Plizyè syèk annapre, nan Peyi Bondye te pwomèt la, gen yon seri ènmi ki te atake Izrayelit yo. Ki jan Jewova te reyaji? Li “te gen pitye pou yo poutèt yo t ap plenyen akoz moun ki t ap toupizi yo [ak moun] ki t ap maltrete yo”. Yon lòt fwa ankò, Jewova te mete l nan plas pèp li a e sa te pouse l ede yo. Li te voye yon seri jij sove Izrayelit yo anba men ènmi yo te genyen yo. — Jij 2:16, 18.
6. Bay yon egzanp sou fason Jewova te montre l gen konsiderasyon pou yon moun ki pa t panse yon fason ki kòrèk.
6 Jewova montre konsiderasyon pou santiman pèp li a, menm lè fason yo panse pa toujou kòrèk. Ann pran egzanp Jonas. Bondye te voye pwofèt li a al anonse yon mesaj jijman kont moun Niniv yo. Lè yo te repanti, Bondye te chwazi pa detwi yo. Men Jonas pa t kontan desizyon sa a. Li “te vin fache anpil” paske pwofesi li te bay konsènan destriksyon Niniv la pa t reyalize. Men, Jewova te pran pasyans ak Jonas e l te ede l korije fason l panse (Jon. 3:10–4:11). Finalman, Jonas te vin konprann e Jewova te menm sèvi avè l pou l ekri istwa sa a pou byen nou. — Wom. 15:4 *.
7. Ki asirans fason Jewova aji ak sèvitè l yo ban nou?
7 Fason Jewova te aji ak pèp li a ban nou asirans li konn mete l nan plas sèvitè l yo. Li konnen doulè ak soufrans nou chak. Jewova “konnen toutbonvre sa ki nan kè lòm”. (2 Kwo. 6:30.) Li konprann sa nou panse ak sa nou santi nan fon kè nou e li konn limit nou. Mete sou sa, “li pap kite nou tante depase sa nou ka sipòte”. (1 Kor. 10:13.) Se pa ti konsolasyon nou jwenn nan asirans sa a li ban nou an!
FASON JEZI MONTRE L GEN KONSIDERASYON POU MOUN
8-10. Ki bagay petèt ki te pouse Jezi gen konsiderasyon pou lòt moun?
8 Lè Jezi te sou tè a, li te gen anpil konsiderasyon pou lòt moun. Gen omwen twa bagay ki fè l te gen konsiderasyon pou lòt moun. Premyèman, jan nou te wè sa pi wo a, Jezi te imite pèsonalite Papa l yon fason ki pafè. Menm jan ak Papa l, li te renmen moun. Menm lè Jezi te kontan lè l t ap gade tout bagay li te ede Jewova fè yo, “se pitit lèzòm yo [li] te pi renmen”. (Pwo. 8:31.) Se lanmou ki te pouse Jezi gen konsiderasyon pou santiman lòt moun.
9 Dezyèmman, menm jan ak Jewova, Jezi te kapab li kè moun. Li te ka konnen sa k te pouse moun yo aji ak santiman yo genyen (Mat. 9:4; Jan 13:10, 11). Donk, lè Jezi te wè moun kè yo ap fann, konsiderasyon l te gen pou yo te pouse l konsole yo. — Eza. 61:1, 2; Lik 4:17-21.
10 Twazyèmman, Jezi te gen kèk nan difikilte moun yo te genyen yo. Pa egzanp, sanble Jezi te grandi nan yon fanmi ki pa t gen gwo mwayen. Jezi te travay ak Jozèf, papa adoptif li, konsa li te aprann fason pou l travay di (Mat. 13:55; Mak 6:3). Petèt Jozèf te gentan mouri yon ti tan anvan Jezi te kòmanse sèvis li. Donk, sandout Jezi te santi jan yon moun ap soufri lè l gen moun pa l ki mouri. E Jezi te konnen ki jan sa ye nan yon fanmi kote moun yo pa gen menm pwennvi sou kesyon relijyon (Jan 7:5). Sitiyasyon sa yo ak lòt ankò te ka ede Jezi konprann difikilte ak santiman moun yo te genyen.
11. Nan ki sikonstans moun te ka wè aklè Jezi gen konsiderasyon pou lòt moun? Esplike. (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)
11 Moun te ka wè Jezi gen konsiderasyon pou lòt moun lè l t ap fè mirak. Jezi pa t fè mirak yo san okenn santiman. “Kè l [te] fè l mal” pou moun ki t ap soufri yo (Mat. 20:29-34; Mak 1:40-42). Pa egzanp, imajine jan Jezi te santi l lè l te deplase ak yon mesye ki te soud sot nan yon foul moun pou l geri l, oswa pandan li t ap resisite sèl pitit yon vèv te genyen (Mak 7:32-35; Lik 7:12-15). Jezi te gen pitye pou moun sa yo e l te vle ede yo.
12. Ki fason Jan 11:32-35 montre Jezi te gen konsiderasyon pou santiman Mat ak Mari?
12 Jezi te montre konsiderasyon pou santiman Mat ak Mari. Lè Jezi te wè jan yo nan lapenn apre lanmò Laza, frè yo a, “dlo [te] koule nan je Jezi”. (Li Jan 11:32-35.) Li pa t annik kriye paske l te pèdi yon bon zanmi. Dayè li te konnen li t apral resisite Laza. Okontrè, Jezi te kriye paske li te konprann jan zanmi li renmen anpil yo nan lapenn, e sa te fè l mal.
13. Lefètke nou konnen Jezi gen konsiderasyon pou santiman lòt moun, ki jan sa ankouraje n?
13 Nou jwenn anpil byenfè lè nou aprann jan Jezi te gen konsiderasyon pou santiman lòt moun. Nou renmen l pou fason l te aji ak lòt moun (1 Pyè 1:8). Sa ankouraje nou lefètke nou konnen l ap dirije kounye a antanke Wa nan Wayòm Bondye a. Talè konsa, li pral elimine tout soufrans. Lefètke Jezi te viv sou tè a antanke moun, se li ki nan pi bon pozisyon pou l ede lèzòm soti anba soufrans dominasyon Satan an lakòz. Vrèmanvre, nou jwenn anpil benediksyon lefètke nou gen yon Dirijan ki ka “konprann feblès nou”. — Ebre 2:17, 18; 4:15, 16.
ANN SUIV EZGANP JEWOVA AK JEZI
14. Ann amoni ak Efezyen 5:1, 2, ki sa nou santi nou pouse pou n fè?
14 Lè nou egzamine egzanp Jewova ak Jezi bay, nou santi nou pouse pou nou fè efò pou nou montre plis konsiderasyon pou santiman lòt moun. (Li Efezyen 5:1, 2.) Nou pa ka li kè moun, men yo menm yo kapab. Aktout sa, nou ka eseye konprann santiman lòt moun ak bezwen yo genyen (2 Kor. 11:29). Kontrèman ak monn egoyis ki antoure nou an, nou fè efò pou nou “pa chèche enterè pa nou sèlman, men [pou] nou chèche enterè pa lòt moun tou”. — Flp. 2:4.
15. Kiyès sitou ki bezwen montre konsiderasyon pou santiman lòt moun?
15 Se sitou ansyen yo nan kongregasyon an ki bezwen montre konsiderasyon pou santiman lòt moun. Yo konnen yo gen kont pou yo rann Jewova pou mouton li ba yo responsab yo (Ebre 13:17). Pou ansyen yo ede kwayan parèy yo, yo bezwen montre yo gen konsiderasyon. Ki jan ansyen yo ka montre konsiderasyon pou santiman lòt moun?
16. Ki sa yon ansyen ki gen konsiderasyon fè, e poukisa sa enpòtan?
16 Yon ansyen ki gen konsiderasyon pase tan ak frè ak sè yo nan kongregasyon an. Li poze kesyon epi li koute avèk atansyon e avèk pasyans. Sa enpòtan sitou si youn nan mouton sa yo vle vide kè l, men l pa jwenn sa pou l di (Pwo. 20:5). Lè yon ansyen dispoze bay frè ak sè yo tan l, sa fè yo vin fè l plis konfyans, yo vin zanmi l e yo renmen l. — Tra. 20:37.
17. Ki sa anpil frè ak sè di yo pi renmen lakay ansyen yo? Bay yon egzanp.
17 Anpil frè ak sè fè konnen kalite yo pi renmen lakay ansyen yo nan kongregasyon an se konsiderasyon yo gen pou santiman lòt moun. Poukisa? Men sa Adelaide di: “Li pi fasil pou w pale ak yo, paske w konnen y ap konprann ou.” Apre sa, li di: “Ou ka konprann yo gen konsiderasyon pou santiman w nan fason yo reponn lè w ap pale ak yo.” Gen yon frè ki gen rekonesans pou fason yon ansyen te aji avè l ki di: “M te wè dlo k ap sot nan je yon ansyen pandan m t ap esplike l sitiyasyon m. Wom. 12:15.
Imaj sa a ap toujou ret nan lespri m.” —18. Ki jan nou ka chèche gen konsiderasyon pou santiman lòt moun?
18 Nòmalman, ansyen yo se pa sèl moun ki bezwen montre konsiderasyon pou santiman lòt moun. Nou tout ka chèche gen kalite sa a. Ki jan nou ka fè sa? Eseye konprann sa k ap boulvèse moun nan fanmi nou ak kwayan parèy nou. Montre nou enterese nan jèn nan kongregasyon an ak moun ki malad yo, granmoun yo ak moun ki gen moun pa yo ki mouri. Mande yo ki jan yo ye. Byen koute yo lè y ap di sa yo santi. Ede yo santi ou vrèman konprann sitiyasyon yo. Ofri yo pou w ede yo jan w kapab. Lè nou fè sa, nou montre nou renmen yo toutbon. — 1 Jan 3:18.
19. Poukisa nou bezwen adapte nou ak chak sitiyasyon lè n ap eseye ede lòt moun?
19 Lè n ap eseye ede lòt moun, nou bezwen adapte nou ak chak sitiyasyon. Poukisa? Paske tout moun pa reyaji menm jan lè yo gen pwoblèm. Gen kèk moun ki anvi pale sou pwoblèm yo, tandiske gen lòt ki pa vle pale sou sa. Se vre nou vle ede yo, men nou dwe evite poze kesyon ki ka fè yo malalèz (1 Tes. 4:11). Menm lè gen moun ki fè konnen jan yo santi yo, nou ka pa toujou dakò ak sa yo di. Men, nou pa dwe bliye se konsa yo menm yo santi yo. Nou bezwen dispoze koute e nou pa dwe prese pale. — Mat. 7:1; Jak 1:19.
20. Ki sa n pral egzamine nan atik ki vin apre a?
20 Nonsèlman nou bezwen montre konsiderasyon pou santiman frè ak sè yo nan kongregasyon an, nou bezwen demontre bèl kalite sa a tou lè nou nan travay predikasyon an. Ki jan nou ka montre konsiderasyon pou santiman lòt moun lè n ap patisipe nan travay fè disip la? Nou pral egzamine kesyon sa a nan atik ki vin apre a.
KANTIK 130 Se pou nou dispoze padone
^ § 5 Jewova ak Jezi montre konsiderasyon pou santiman lòt moun. Atik sa a pral egzamine sa nou ka aprann nan egzanp yo. Nou pral wè tou rezon ki fè nou dwe montre nou gen senpati ak fason nou ka fè sa.
^ § 1 PI BYEN KONPRANN KÈK EKSPRESYON: Montre nou gen “senpati” vle di eseye konprann sa lòt moun santi epi santi nou menm jan an tou (Wom. 12:15). Nan atik sa a, “senpati” ak “konsiderasyon” vle di menm bagay.
^ § 6 Jewova te aji avèk konpasyon tou pou l montre konsiderasyon pou santiman lòt moun ki fidèl. Ann reflechi sou istwa Ana (1 Sam. 1:10-20), Eli (1 Wa 19:1-18) ak Ebèdmelèk (Jer. 38:7-13; 39:15-18).
^ § 65 ESPLIKASYON SOU FOTO: Reyinyon nou fè nan Sal Wayòm yo ban nou anpil okazyon pou nou montre nou enterese nan frè ak sè nou yo. Nou wè: 1) yon ansyen k ap pale ak yon jèn pwoklamatè ansanm ak manman l e li fè sa avèk jantiyès, 2) yon papa ak pitit fi l k ap ede yon sè ki granmoun pou l al monte nan yon machin e 3) de ansyen ki pran tan pou yo koute yon sè k ap mande konsèy.