ATIK ETID 46
Pran kouraj: Jewova ap ede w
“Mwen pap janm kite w e mwen pap janm abandone w.” — EBRE 13:5.
KANTIK 55 Pa pè yo!
SA NOU PRAL WÈ *
1. Ki sa k ap konsole nou lè nou santi nou poukont nou oswa lè nou santi pwoblèm nou yo twòp pou nou (Sòm 118:5-7)?
ÈSKE sa deja rive w ou te santi w poukont ou, ou pa t gen pèsonn pou ede w fè fas ak yon pwoblèm ou te genyen? Sa deja rive anpil moun, san wete kèk nan sèvitè fidèl Jewova yo (1 Wa 19:14). Si sa ta rive w, pa bliye pwomès Jewova fè lè l di: “Mwen pap janm kite w e mwen pap janm abandone w.” Konsa, nou kapab di avèk asirans: “Se Jewova ki èd mwen, mwen pap pè.” (Ebre 13:5, 6). Se apot Pòl ki te ekri kwayan parèy li ki t ap viv nan Jide ozanviwon ane 61 epòk nou an pawòl sa yo. Pawòl li yo fè n sonje sa youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo te ekri ki nan Sòm 118:5-7. — Li vèsè yo.
2. Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a, e poukisa?
2 Menm jan ak youn nan moun ki te patisipe nan ekri sòm yo, apot Pòl te santi Jewova t ap ede l. Pa egzanp, plis pase dezan anvan Pòl te ekri lèt pou kretyen ebre yo, li te fè yon vwayaj difisil nan lanmè anba gwo tanpèt (Tra. 27:4, 15, 20). Pandan vwayaj sa a e menm anvan sa, Jewova te ede Pòl plizyè fason. Ann egzamine twa nan yo. Jewova te ede l pa mwayen Jezi ak zanj yo, pa mwayen moun ki gen otorite e pa mwayen kwayan parèy li. Lè nou reflechi ak evènman sa yo ki te pase nan lavi Pòl, sa ap fè nou gen plis konfyans nan pwomès Bondye fè pou l reponn nou tou lè nou priye l pou n mande l èd.
ÈD JEZI AK ZANJ YO BAY
3. Ki sa Pòl dwe te mande tèt li, e poukisa?
3 Pòl te bezwen èd. Ozanviwon ane 56 epòk nou an, gen Tra. 21:30-32; 22:30; 23:6-10). Nan moman sa a, Pòl dwe te mande tèt li: ‘Pandan konbyen tan m ap ka sipòte sitiyasyon sa a?’
yon foul moun ki te trennen l met pa deyò tanp lan nan Jerizalèm e yo t ap chèche touye l. Nan demen, lè yo te mennen Pòl devan Sanedren an, ènmi l yo te manke depatcha l (4. Ki jan Jewova te itilize Jezi pou l ede Pòl?
4 Ki èd Pòl te jwenn? Nan nuit apre yo te fin arete Pòl la, Jezi, “Seyè a”, te kanpe bò kote l e l te di l: “Pran kouraj! Paske, menm jan w bay yon temwayaj konplè sou mwen nan Jerizalèm, se konsa tou ou gen pou w bay temwayaj nan Wòm.” (Tra. 23:11). Ankourajman sa a te vini nan bon moman! Jezi te felisite Pòl pou temwayaj li te bay nan Jerizalèm nan. E l te pwomèt Pòl ap rive Wòm sennesòf, kote li t ap gen pou l bay yon pi gwo temwayaj. Apre Pòl te fin jwenn asirans sa a, Pòl dwe te santi l an sekirite tankou yon timoun ki nan bra papa l.
5. Ki jan Jewova te itilize yon zanj pou l ede Pòl? (Gade foto ki sou paj kouvèti a.)
5 Ki lòt difikilte Pòl te jwenn? Anviwon dezan apre evènman sa yo te fin pase Jerizalèm, Pòl te nan yon bato ki t apral Itali lè bato a te pran nan yon gwo tanpèt kote maren yo ak pasaje yo te panse yo t ap mouri. Epoutan, Pòl pa t pè. Sa k fè sa? Li te di tout moun nan bato a: “Pandan nuit lan, gen yon zanj Bondye m ap adore a, Bondye m ap bay yon sèvis sakre a, ki vin kanpe toupre m, li di: ‘Pòl, ou pa bezwen pè. Ou gen pou w kanpe devan Seza. Epi, gade! poutèt ou menm, Bondye ap sove lavi tout moun k ap vwayaje avè w yo.’” Jewova te sèvi ak yon zanj pou l te rebay Pòl menm asirans li te sèvi ak Jezi pou l te ba l la. E vrèmanvre, Pòl te rive Wòm. — Tra. 27:20-25; 28:16.
6. Ki pwomès Jezi te fè ki kapab ban nou fòs, e poukisa?
6 Ki èd nou jwenn? Jezi ap ede nou, menm jan li te ede Pòl. Pa egzanp, men pwomès Jezi fè tout moun k ap suiv li: “Mwen avèk nou toule jou rive jis nan fen sistèm nan.” (Mat. 28:20). Pawòl Jezi yo ban nou fòs. Sa k fè sa? Paske gende jou bagay yo pa fasil pou nou. Pa egzanp, lè nou gen yon moun pa nou ki mouri, lapèn nou genyen an pa dire kèk jou sèlman. Petèt nou ka soufri pandan plizyè ane. Gen moun ki oblije fè fas ak difikilte vyeyès pote. Gen lòt menm ki konn santi yo pa kapab ankò akoz yo fè depresyon. Malgre sa, nou jwenn fòs pou nou kontinye paske nou konnen Jezi avèk nou “toule jou”, menm nan jou bagay yo pi difisil pou nou nan lavi nou. — Mat. 11:28-30.
7. Selon Revelasyon 14:6, ki jan Jewova ede nou jodi a?
7 Pawòl Bondye a ban nou asirans Jewova itilize zanj li yo pou l ede nou (Ebre 1:7, 14). Pa egzanp, gen zanj ki ede nou e ki gide nou lè n ap preche “moun tout nasyon, tout tribi, tout lang” “bon nouvèl [...] konsènan Wayòm nan”. — Li Revelasyon 14:6; Mat. 24:13, 14.
ÈD NAN MEN MOUN KI GEN OTORITE
8. Ki jan Jewova te itilize yon kòmandan lame pou l ede Pòl?
8 Ki èd Pòl te jwenn? Nan ane 56 epòk nou an, Jezi te bay Pòl asirans Pòl ap rive Wòm. Men, gen kèk Juif nan Jerizalèm ki te pare yon anbiskad pou Pòl pou yo touye l. Lè Klod Lizyas, yon kòmandan nan lame women an, te vin konnen konplo yo te fè a, li te ede Pòl. San pèdi tan, Klod te fè Pòl sot Jerizalèm al Sezare, anba pwoteksyon plizyè sòlda, nan yon wout ki te gen anviwon 105 kilomèt longè. Lè Pòl rive Sezare, gouvènè Feliks te bay lòd “pou yo met Pòl sou siveyans nan palè Ewòd la”. Konsa, Juif ki te vle touye Pòl yo pa t ka jwenn li. — Tra. 23:12-35.
9. Ki jan gouvènè Festis te ede Pòl?
9 Dezan apre, Pòl te toujou nan prizon nan Sezare. Festis te vin gouvènè nan plas Feliks. Juif yo te sipliye Festis pou l voye Pòl Jerizalèm pou l ka jije, men Festis pa t dakò. Petèt gouvènè a te konnen Juif yo “te pare yon anbiskad pou Pòl pou yo touye l nan wout”. — Tra. 24:27–25:5.
10. Ki jan gouvènè Festis te reyaji lè Pòl te mande pou l al jije devan Seza?
10 Annapre, yo te jije Pòl nan Sezare. Piske Festis te vle “jwenn favè Juif yo”, li te mande Pòl: “Èske w vle monte Jerizalèm pou yo jije w devan m?” Pòl te konnen yo te ka touye l Jerizalèm, e li te konnen tou sa l te ka fè pou l pa t mouri, li te dwe ale Wòm epi kontinye preche. Li te di: “Mwen mande pou m al devan Seza.” Apre Festis fin pale ak konseye l yo, li di Pòl: “Piske w mande pou w al devan Seza, ou pral devan Seza.” Desizyon Festis te pran an te sove Pòl anba men ènmi l yo. Rive yon lè, Pòl t ap gen pou l al Wòm, byen lwen Juif ki t ap chèche touye l yo. — Tra. 25:6-12.
11. Ki pawòl rekonfòtan pwofèt Ezayi te ekri Pòl dwe te reflechi sou li?
11 Pandan Pòl t ap tann pou l al Itali, petèt li te reflechi sou yon avètisman Jewova te mande pwofèt Ezayi pou l bay moun ki opoze avè L yo. Men sa Jewova te di: “Nou mèt fè plan, men y ap kraze l. Nou mèt di sa nou vle, men sa pap mache, paske Bondye avèk nou!” (Eza. 8:10). Pòl te konnen Bondye t ap ede l, e sa dwe te ba l fòs pou l fè fas ak eprèv li t apral jwenn yo.
12. Ki jan Jiliyis te aji ak Pòl, e ki sa petèt Pòl te rive konprann?
12 Nan ane 58 epòk nou an, Pòl te pran bato pou l al Itali. Yon ofisye nan lame women an ki te rele Jiliyis te responsab Pòl ki te yon prizonye. Depi lè sa a, Jiliyis te gen otorite swa pou l maltrete l swa pou l aji byen avè l. Ki jan Jiliyis t ap sèvi ak otorite l genyen an? Nan demen, lè yo te fè premye eskal yo, “Jiliyis te byen boule ak Pòl, li te pèmèt li al kay zanmi l”. Annapre, Jiliyis te menm sove lavi Tra. 27:1-3, 42-44.
Pòl. Ki jan? Sòlda yo te vle touye tout prizonye ki te nan bato a, men Jiliyis te anpeche yo fè sa. Poukisa? Li te “deside mennen Pòl ale sennesòf”. Sanble Pòl te rann li kont Jewova t ap sèvi ak ofisye sa a ki te gen bon kè pou ede l e pou pwoteje l. —13. Ki jan Jewova ka itilize moun ki gen otorite yo?
13 Ki èd nou jwenn? Jewova kapab sèvi ak lespri sen l ki gen anpil pisans pou l fè moun ki gen otorite yo fè sa li vle, lè sa ann amoni ak objektif li. Men sa wa Salomon te ekri: “Kè yon wa tankou sous dlo nan men Jewova. Li dirije l kote l vle.” (Pwo. 21:1). Ki sa pwovèb sa a vle di? Lèzòm kapab fouye yon kanal pou yo fè dlo ki sot nan yon sous al nan direksyon yo vle. Menm jan an tou, Jewova kapab itilize lespri sen l pou l fè yon seri dirijan fè sa ki ann amoni ak objektif li. Lè konsa, moun ki gen otorite yo santi yo oblije pran yon seri desizyon ki nan avantaj pèp Bondye a. — Konpare ak Esdras 7:21, 25, 26.
14. Selon Travay 12:5, pou kiyès nou ka priye?
14 Ki sa nou ka fè? Nou ka priye “pou wa e pou tout moun ki gen otorite”, lè moun sa yo pran desizyon ki gen efè sou lavi nou antanke kretyen ak sou travay predikasyon an (1 Tim. 2:1, 2, nòt; Ney. 1:11). Menm jan ak kretyen nan premye syèk yo, nou menm tou nou priye Bondye anpil pou frè n ak sè n ki nan prizon yo. (Li Travay 12:5; Ebre 13:3.) Anplis de sa, nou ka priye pou gadyen prizon yo ki responsab frè n ak sè n ki nan prizon yo. Nou ka sipliye Jewova pou l aji sou panse moun sa yo dekwa pou yo ka fè menm jan ak Jiliyis pou yo “byen boule ak” kwayan parèy nou ki nan prizon yo. — Tra. 27:3.
ÈD NAN MEN KWAYAN PARÈY NOU
15-16. Ki jan Jewova te itilize Aristak ak Lik pou l ede Pòl?
15 Ki èd Pòl te jwenn? Pandan Pòl t ap vwayaje pou l al Wòm, Jewova te sèvi ak kwayan parèy li plizyè fwa pou ede l. Ann wè kèk egzanp.
16 Aristak ak Lik, de konpayon fidèl Pòl te genyen, te deside al Wòm ansanm avè l *. Yo te aksepte riske lavi yo pou yo te ka ansanm ak Pòl, menm lè ta sanble Jezi pa t bay de mesye sa yo asirans y ap rive Wòm sennesòf. Se annapre, lè te vin gen gwo pwoblèm pandan vwayaj la, yo te vin konnen yo t ap jwenn pwoteksyon. Se sa k fè, lè Aristak ak Lik te monte nan bato a pou y al Sezare, Pòl dwe te priye Jewova ak tout kè l pou l di l mèsi pou èd li te ba li pa mwayen de kwayan parèy li yo ki te aji avèk kouraj. — Tra. 27:1, 2, 20-25.
17. Ki jan Jewova te sèvi ak kwayan parèy Pòl yo pou l ede l?
17 Pandan vwayaj la, Pòl te jwenn èd kwayan parèy li plizyè fwa. Pa egzanp, nan vil Sidon, yon vil ki bò lanmè, Jiliyis te pèmèt Pòl “al kay zanmi l pou yo pran swen l”. Annapre, nan vil Piteyoli, Pòl ak konpayon l yo te “jwenn kèk frè la, e [frè] yo [te] sipliye [yo] pou [yo] pase sèt jou avèk yo”. Pandan kretyen ki te nan zòn sa yo t ap pran swen Pòl ak konpayon l yo, se sèten Pòl te fè kè yo kontan anpil lè l te pataje yon seri eksperyans ankourajan avèk yo. (Konpare ak Travay 15:2, 3.) Apre vizit ankourajan sa a, Pòl ak konpayon l yo te kontinye vwayaj la. — Tra. 27:3; 28:13, 14.
18. Ki sa k te pouse Pòl pou l di Bondye mèsi e pou l pran kouraj?
18 Pandan Pòl t ap mache pou l al Wòm, li dwe t ap panse ak lèt li te ekri kongregasyon ki nan vil sa a sa gen twazan. Men sa l te di nan lèt la: “Sa fè plizyè ane depi mwen anvi vin lakay nou.” (Wom. 15:23). Men, li pa t panse se kòm prizonye li t ap vini. Sa dwe te ankouraje l anpil lè l te wè gen frè nan vil Wòm ki t ap tann li sou wout la pou yo akeyi l! “Lè Pòl wè yo, li di Bondye mèsi e li pran kouraj.” (Tra. 28:15). Remake Pòl te di Bondye mèsi dèske frè yo te la. Poukisa? Paske, yon lòt fwa ankò, Pòl te wè Jewova te itilize kwayan parèy li pou l ede l.
19. Selon 1 Pyè 4:10, ki jan Jewova ka itilize nou pou l ede moun ki nan bezwen?
19 Ki sa nou ka fè? Èske w konn frè ak sè nan kongregasyon w lan k ap soufri paske *. (Li 1 Pyè 4:10.) Lè nou ede yo, yo ka vin gen plis konfyans ankò nan pwomès Jewova fè ki di: “Mwen pap janm kite w e mwen pap janm abandone w.” Èske sa pa t ap fè kè n kontan?
yo malad oswa k ap fè fas ak lòt sitiyasyon difisil? Oubyen petèt yo gen yon moun pa yo ki mouri. Si nou vin konnen gen yon moun ki bezwen èd, nou ka mande Jewova ede nou pou nou di oswa fè yon bagay ki montre nou renmen moun sa a. Pawòl nou di ak aksyon nou fè gendwa se egzakteman ankourajman sa a frè nou an oswa sè nou an bezwen20. Poukisa nou chak ka di avèk konfyans: “Se Jewova ki èd mwen”?
20 Menm jan ak Pòl ak konpayon l yo, nou menm tou nou ka jwenn gwo pwoblèm nan lavi a. Malgre sa, nou konnen nou ka pran kouraj paske Jewova avèk nou. Li sèvi ak Jezi ak zanj yo pou l ede nou. Epitou, si sa ann amoni ak objektif Jewova, li ka sèvi ak moun ki gen otorite yo pou l ede nou. E jan anpil nan nou deja viv sa, Jewova sèvi ak lespri sen l pou l touche kè sèvitè l yo pou yo ede kwayan parèy yo. Kidonk, menm jan ak Pòl, nou gen bonjan rezon pou n di avèk konfyans: “Se Jewova ki èd mwen, mwen pap pè. Ki sa lòm ka fè m?” — Ebre 13:6.
KANTIK 38 L ap fè w vin djanm
^ § 5 Nan atik sa a, nou pral wè twa fason Jewova te ede apot Pòl fè fas ak sitiyasyon difisil. Lè nou wè fason Jewova te ede sèvitè l yo nan tan lontan, sa ap fè nou vin gen plis konfyans Jewova ap ede nou jodi a lè nou jwenn pwoblèm nan lavi a.
^ § 16 Aristak ak Lik te deja konn vwayaje ak Pòl. Mesye fidèl sa yo te rete ak Pòl tou pandan l te nan prizon nan vil Wòm. — Tra. 16:10-12; 20:4; Kol. 4:10, 14.