Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lafwa: Yon kalite ki ede nou vin djanm

Lafwa: Yon kalite ki ede nou vin djanm

LAFWA gen yon pisans estrawòdinè. Pa egzanp, aktout Satan vle detwi relasyon nou gen ak Jewova, lafwa ede nou “etenn tout flèch Mechan an ap voye tou limen sou nou”. (Efe. 6:16.) Grasa lafwa, nou ka fè fas ak pwoblèm ki sanble ak gwo mòn. Jezi te di disip li yo: “Si lafwa nou gwosè yon grenn moutad, n ap di mòn sa a: ‘Deplase sot la a al lòtbò’, e l ap deplase.” (Mat. 17:20). Piske lafwa gen kapasite pou l ede nou vin djanm nan domèn espirityèl, li ta bon pou nou egzamine kesyon ki vin annapre yo: Ki sa lafwa ye? Ki efè kondisyon kè nou gen sou lafwa nou? Ki jan nou ka fè lafwa nou vin pi djanm? E nan kiyès nou dwe met lafwa nou? — Wom. 4:3.

KI SA LAFWA YE?

Lafwa se pa annik kwè oswa rekonèt laverite, paske menm “demon yo kwè [Bondye egziste] e yo tranble”. (Jak 2:19.) Ki sa lafwa ye menm?

Menm jan nou kwè ap toujou gen lajounen ak lannuit, nou kwè pawòl Bondye ap toujou reyalize.

Definisyon Bib la bay sou lafwa a gen de aspè. Premyèman, “lafwa se tann yon moun ap tann sa li espere a avèk asirans”. (Ebre 11:1a.) Si w gen lafwa, w ap kwè toutbon tout sa Jewova di se laverite e y ap reyalize. Pa egzanp, Jewova te di Izrayelit yo: “Si nou te kapab kraze alyans mwen te fè konsènan lajounen an ak alyans mwen te fè konsènan lannuit lan, pou lajounen ak lannuit pa vini nan moman pou yo vini an, se lè sa a sèlman mwen t ap kapab kraze alyans mwen te fè ak David, sèvitè m nan.” (Jer. 33:20, 21). Èske w janm pè pou pa gen lajounen ak lannuit, kòmkwa solèy la ap sispann parèt nan syèl la? Si w pa gen dout sou yon seri lwa fizik ki fè tè a kontinye vire toutpandan l ap vire toutotou solèy la, èske w ap gen dout Sila a ki kreye lwa sa yo pap fè sa l di yo reyalize? Se sèten w pap gen dout! — Eza. 55:10, 11; Mat. 5:18.

Dezyèmman, lafwa “se prèv klè [...] sou yon seri bagay reyèl [moun] pa wè”. Bib la di Lafwa “se prèv klè” oswa “se bonjan prèv” sou yon seri bagay moun pa wè ak je epoutan ki egziste toutbon (Ebre 11:1b, nòt). Nan ki sans? Ann sipoze yon timoun ta mande w: ‘Ki jan w fè konnen lè n ap respire a egziste?’ Menmsi w pa janm wè lè a, ou ka rezone ak timoun nan pou w pwouve l lè a egziste. Pa egzanp, timoun nan respire, li santi lè van ap soufle, eksetera. Yonfwa timoun nan aksepte prèv sa yo, l ap dakò gen bagay ki egziste li pa wè. Menm jan an tou, lafwa baze sou bonjan prèv. — Wom. 1:20.

KÈ NOU DWE NAN YON KONDISYON KI KÒRÈK

Piske lafwa chita sou prèv, pou yon moun gen lafwa, toudabò, li dwe “gen yon konesans egzak sou laverite”. (1 Tim. 2:4.) Sepandan, sa pa sifi. Men sa apot Pòl te ekri: “Se nan kè a yon moun gen lafwa.” (Wom. 10:10). Nonsèlman yon moun dwe kwè nan laverite, men tou li dwe ba l anpil valè. Se sèl lè sa a l ap wè nesesite pou l demontre lafwa, sa vle di pou l viv yon fason ki fè Bondye plezi (Jak 2:20). Yon moun ki pa gen bonjan rekonesans pou laverite ka pa aksepte menm prèv ki klè yo, si yo rete atache ak yon seri vye ide oswa y ap chèche eskiz pou yo satisfè yon seri dezi lachè (2 Pyè 3:3, 4; Jid 18). Se sa k fè, nan tan biblik yo, se pa tout moun ki te wè mirak ki te fèt yo ki te vin gen lafwa (Nonb 14:11; Jan 12:37). Lespri sen Bondye fè se sèl moun ki renmen laverite e ki pa renmen manti ki vin gen lafwa. — Gal. 5:22; 2 Tes. 2:10, 11.

SA K TE EDE DAVID VIN GEN YON LAFWA KI DJANM

Wa David se youn nan moun ki te gen yon gwo lafwa (Ebre 11:32, 33). Men, se pa tout moun nan fanmi David ki te gen yon lafwa konsa. Pa egzanp, yon lè, Elyab, pi gran frè David la, te montre l pa gen lafwa lè l te fache sou David paske David pa t kontan poutèt defi Golyat te lanse a (1 Sam. 17:26-28). Pa gen moun ki tou fèt ak lafwa oswa ki eritye lafwa nan men paran l. Donk, si David te gen lafwa se paske li menm li te gen bon relasyon ak Bondye.

Nan Sòm 27, David te fè konnen ki jan l te fè vin gen yon lafwa ki djanm (Vèsè 1). David te medite sou eksperyans li te fè nan tan lontan e sou fason Jewova te boule ak advèsè l yo (Vèsè 2, 3). Li te gen anpil rekonesans pou dispozisyon Jewova te pran pou moun adore l (Vèsè 4). David te konn adore Bondye ansanm ak kwayan parèy li nan tant lan (Vèsè 6). Li te konn priye Jewova ak tout kè l (Vèsè 7, 8). Epitou, David te vle Bondye fè l konnen chemen l yo (Vèsè 11). Lafwa te tèlman enpòtan pou David, sa te fè l wè li pa t ap ka kenbe si l pa t gen lafwa. — Vèsè 13.

FASON POU LAFWA NOU VIN PI SOLID

Lafwa w ka vin djanm menm jan ak lafwa David si w chèche gen etadespri ak abitid yo dekri nan Sòm 27 la. Kòm lafwa chita sou konesans egzak, plis ou etidye Pawòl Bondye a ak piblikasyon ki baze sou Bib la, se plis l ap fasil pou w demontre aspè sa a nan fwi lespri Bondye a (Sòm 1:2, 3). Pran tan pou w medite lè w ap etidye. Meditasyon tankou tè kote rekonesans ka grandi. Tank w ap vin gen plis rekonesans pou Jewova, se tank w ap vin plis anvi demontre lafwa lè w adore l nan reyinyon kongregasyon an ak lè w fè lòt moun konnen lafwa w (Ebre 10:23-25). Mete sou sa, nou montre nou gen lafwa lè nou kontinye “priye e [nou] pa janm lage sa”. (Lik 18:1-8.) Kidonk, “priye [Jewova] toutan”, piske nou gen konfyans “li gen sousi pou nou”. (1 Tes. 5:17; 1 Pyè 5:7.) Lafwa pouse nou aji, e aksyon nou fè yo fòtifye lafwa nou. — Jak 2:22.

DEMONTRE NOU GEN LAFWA NAN JEZI

Nan nuit anvan Jezi te mouri a, li te di disip li yo: “Demontre nou gen lafwa nan Bondye, e demontre nou gen lafwa nan mwen tou.” (Jan 14:1). Kidonk, nonsèlman nou bezwen demontre nou gen lafwa nan Jewova men nou bezwen demontre nou gen lafwa nan Jezi tou. Ki jan w ka demontre w gen lafwa nan Jezi? Ann egzamine twa fason.

Ki sa demontre lafwa nan Jezi vle di?

Premyèman, konsidere ranson an kòm kado Bondye fè w pèsonèlman. Men sa apot Pòl te di: “M ap viv [...] grasa lafwa mwen genyen nan Pitit Bondye a ki renmen m e ki livre tèt li pou mwen.” (Gal. 2:20). Lè w demontre w gen lafwa nan Jezi, ou gen konviksyon se pou ou yo te peye ranson an, li se baz pou w jwenn padon pou peche w yo, li ba w espwa pou w gen lavi ki pap janm fini an e se pi gwo prèv ki montre Bondye renmen w (Wom. 8:32, 38, 39; Efe. 1:7). Sa ap fòtifye w yon fason pou w pa gen santiman negatif sou tèt ou. — 2 Tes. 2:16, 17.

Dezyèmman, vin pi pwòch ak Jewova pa mwayen lapriyè sou baz sakrifis Jezi a. Grasa ranson an, nou ka “alèz pou n priye Bondye pou nou ka resevwa mizèrikòd e pou nou ka jwenn favè san parèy la k ap ede nou nan bon moman”. (Ebre 4:15, 16; 10:19-22.) Lapriyè ap fè nou gen plis detèminasyon pou nou pa tonbe nan peche. — Lik 22:40.

Twazyèmman, obeyi Jezi. Men sa apot Jan te ekri: “Moun ki demontre l gen lafwa nan Pitit la ap gen lavi ki pap janm fini an. Moun ki dezobeyi Pitit la pap wè lavi, men l ap sibi kòlè Bondye.” (Jan 3:36). N ap remake Jan te fè diferans ant demontre nou gen lafwa ak dezobeyi. Kidonk, nou ka demontre nou gen lafwa nan Jezi lè nou obeyi l. Ou obeyi Jezi lè w “fè sa lalwa Kris la mande”, sa vle di tout sa Jezi te anseye ak tout sa l te bay lòd fè (Gal. 6:2). Yon lòt fason w ka obeyi Jezi se lè w suiv direksyon l bay pa mwayen “esklav fidèl ki prevwayan an”. (Mat. 24:45.) Lè w obeyi Jezi, w ap gen fòs pou w andire anba pwoblèm ki tankou gwo van tanpèt. — Lik 6:47, 48.

“FÒTIFYE NOU NAN LAFWA NOU KI SEN ANPIL”

Yon lè, men sa yon mesye te di Jezi byen fò: “Mwen gen lafwa! Ede m gen plis lafwa toujou!” (Mak 9:24). Mesye sa a te gen lafwa, men, li te rekonèt avèk imilite li bezwen gen plis lafwa. Menm jan ak mesye sa a, gende lè nou tout konn bezwen gen plis lafwa. Nou tout ka fòtifye lafwa nou depi kounye a. Jan nou te wè sa, nou fòtifye lafwa nou lè nou etidye Pawòl Bondye a e lè nou medite sou li, sa k ap fè nou vin gen plis rekonesans pou Jewova. Lafwa nou ap vin pi djanm lè nou adore Jewova ansanm ak adoratè parèy nou yo, lè nou fè lòt moun konn esperans nou genyen an e lè nou pèsevere nan lapriyè. Mete sou sa, lè nou fòtifye lafwa nou, nou resevwa pi gwo benediksyon ki genyen an. Men sa Pawòl Bondye a ankouraje nou fè: “Nou menm, byenneme, fòtifye nou nan lafwa nou ki sen anpil, [...] yon fason pou nou rete nan lanmou Bondye.” — Jid 20, 21.