BYOGRAFI
Okòmansman m te pòv, alafen m vin rich
Mwen te fèt nan yon ti kay an bwa ki te gen yon sèl chanm nan yon vil ki toupiti ki rele Liberty, nan Indyana, Ozetazini. Papa m ak manman m te deja gen twa timoun lè m te fèt, gran frè m nan ak de gran sè m yo. Annapre, manman m te vin fè twa lòt pitit, de ti frè m yo ak ti sè m nan.
PA T gen anpil chanjman nan ane m te fè lekòl yo. Nan lekòl mwen an, se menm moun ki te nan klas matènèl avè w yo ou te wè pou jis ou fini lekòl. Anfèt, ou te konn non pifò moun nan vil la, e yo te konn non w tou.
Te gen yon pakèt ti plantasyon toutotou ti vil ki rele Liberty a, e se mayi yo te plis plante ladan yo. Lè m te fèt, papa m t ap travay pou mèt youn nan plantasyon ki nan zòn nan. Lè m te adolesan, m te aprann kondui yon traktè e m te vin konn anpil lòt bagay ki gen rapò ak jaden.
M pa t janm konn sa sa vle di pou yon moun gen yon papa ki jèn. Papa m te gen 56 an lè m te fèt, e manman m te gen 35 an. Papa m te yon moun ki mens, ki an sante e ki djanm. Li te renmen travay di e l te aprann tout pitit li yo pou yo renmen travay. Li pa t janm fè anpil lajan, men, li te ban n yon kote pou n rete, li te fè n jwenn rad pou n mete ak manje pou n manje, e l te toujou la pou nou. Li te gen 93 an lè l mouri. Manman m te gen 86 an lè l mouri. Pa gen youn nan yo ki te sèvi Jewova. Pami frè m ak sè m yo, gen yon ti frè m k ap sèvi antanke ansyen fidèlman depi lè yo te kòmanse ak dispozisyon sa a nan kòmansman ane 1970 yo.
JENÈS MWEN
Manman m te atache anpil ak relijyon. Li te konn mennen nou legliz Batis chak dimanch. M te gen 12 an lè m te tande pale de Trinite pou premye fwa. Piske m te renmen konnen, m te mande manman m: “Kòman Jezi ka fè Pitit la epi l se Papa a anmenmtan?” M sonje l te di m: “Pitit gason m, sa se yon mistè. Nou pap ka konprann li.” Se sèten sa te yon mistè pou mwen. Aktout sa, lè m te gen 14 an, m te batize nan yon ti rivyè nan zòn nan kote m te plonje nan dlo a twa fwa pou Trinite a!
Pandan m te nan klas segondè, m te gen yon zanmi ki te yon boksè pwofesyonèl, e l te konvenk mwen pou m eseye fè bòks. Konsa, m te kòmanse antrene, e m te antre nan yon òganizasyon pou boksè ki rele Golden Gloves. M pa t vrèman fò, se sa k fè m te kite sa apre kèk konba. Annapre, m te antre nan lame ameriken e yo te voye m ann Almay. Pandan m t ap sèvi nan peyi sa a, moun ki te alatèt mwen yo te voye m nan Akademi pou m vin ofisye adjwen paske yo te panse m gen kapasite natirèl pou m dirije. Yo te vle m fè karyè nan lame. Piske m pa t gen okenn anvi pou m ret nan lame, apre m te fin fè dezan sèvis mwen an, m te kite lame avèk onè an 1956. Men, sa pa t pran tan pou m te antre nan yon lame ki vrèman diferan.
MWEN KÒMANSE YON NOUVO VI
Apati moman sa a nan lavi m, m te vin aprann konpòte m tankou yon matcho. Ide konsènan fason yon gason ta dwe ye, jan yo te konn montre sa nan fim ak nan lòt aktivite sosyal yo, te gen gwo enfliyans sou mwen. Pou mwen menm, moun k ap preche yo pa t gason ase. Men, m te kòmanse aprann kèk bagay ki te chanje lavi m nèt. Yon jou, pandan m t ap kondui machin dekapotab wouj mwen an nan vil la, gen de timedam ki te voye men ban mwen. M te konnen yo paske se te ti sè mesye ki te marye ak pi gran sè m nan. Antouka, de timedam sa yo te Temwen Jewova. Anvan sa, m te konn pran Toudegad ak Reveye n! nan men yo, men, m te konn panse Toudegad te yon ti jan twò pwofon pou mwen. Sepandan, fwa sa a, yo te envite m nan yon etid liv kongregasyon, ki se yon ti reyinyon frè yo te konn fè lakay yo pou yo pale sou Labib e pou yo etidye l. M te di yo m ap reflechi sou sa. Toutpandan timedam yo t ap souri, yo te di m: “Ou pwomèt nou sa?” M te reponn: “M pwomèt nou sa.”
M te yon ti jan regrèt dèske m te fè pwomès sa a, men, m te santi m pa t ka fè bak. Se sa k fè m t ale jou swa sa a. Se timoun yo ki te plis enpresyone m. M pa t ka kwè yo te konn tout bagay sa yo sou Bib la! Apre m te fin fè tout dimanch sa yo pral legliz ak manman m, se yon tikras bagay m te konn sou Bib la. Kounye a, m te deside konn plis. M te dakò pou yon moun etidye Labib avè m. Okòmansman, m te aprann non Bondye Toupisan an se Jewova. Kèk ane anvan sa, lè m te poze manman m kesyon sou Temwen Jewova yo, li te annik di: “O, y ap adore yon vye granmoun ki rele Jewova.” Men, kounye a, m te santi je m kòmanse ouvri!
M te fè pwogrè byen vit paske m te konnen m jwenn laverite. M te batize sou nèf mwa apre m te fin asiste premye reyinyon sa a, se te an mas 1957. Mwen te vin wè lavi a yon lòt jan. Lè m ap panse ak atitid matcho m te genyen an, mwen kontan dèske m te aprann sa Bib la di konsènan moun ki gason toutbon yo. Jezi te yon gason ki pafè. Li te gen fòs ak kapasite fizik ki t ap fè nenpòt swadizan matcho Eza. 53:2, 7). M te aprann yon vrè disip Jezi “dwe dou ak tout moun”. — 2 Tim. 2:24.
pa sanble anyen devan l. Aktout sa, li pa t konn nan goumen, men, “li te kite yo fè l soufri” jan Bib la te predi sa (M te kòmanse sèvis pyonye nan ane ki vin apre a, an 1958. Men, byen vit, m te oblije kanpe sou sèvis la pou yon ti tan. Poukisa? M te deside marye ak Gloria, youn nan de timedam ki te envite m nan etid liv la! M pa janm regrèt desizyon sa a. Gloria te yon bijou lè sa a, e l se yon bijou jis jounen jodi a. Pou mwen menm, li gen plis valè pase dyaman ki gen pi plis valè a, e m vrèman kontan dèske m te marye avè l! Ban m kite l fè yon ti pale de tèt li:
“Mwen se youn nan 17 pitit paran m te genyen. Manman m te yon Temwen ki fidèl. M te gen 14 an lè l mouri. Se te nan epòk kote papa m te kòmanse etidye Labib. Piske manman m pa t la ankò, papa m te fè yon aranjman ak direktè lekòl la. Nan epòk sa a, pi gran sè m nan te nan dènye ane lekòl li, e papi te mande si li menm avè m te ka pa al lekòl nan menm jou. Nou t ap fè sa yon fason pou youn nan nou te ka ret lakay pou pran swen timoun ki pi piti yo epi pou prepare manje pou fanmi an pou lè papi sot travay. Direktè lekòl la te dakò, e aranjman sa a te kontinye jiskaske sè m nan te gradye. Gen de fanmi ki Temwen ki te etidye Labib avèk nou, e gen 11 nan nou ki te fè pwogrè pou vin Temwen Jewova. M te renmen travay predikasyon an aktout mwen te toujou ap goumen ak timidite. Sam te ede m goumen avè l pandan plizyè ane.”
M te marye ak Gloria an fevriye 1959. Nou te pran plezi nan sèvis pyonye a ansanm. Nan mwa jiyè menm ane sa a, nou te ranpli fòmilè pou n al sèvi nan Betèl paske n te vrèman anvi al sèvi nan syèj mondyal la. Gen yon frè ki rele Simon Kraker ki te fè entèvyou avè n. Li te di n yo pap pran moun ki marye nan Betèl nan moman an. Nou te toujou gen anvi sèvi nan Betèl, men, sanble sa t ap pran anpil tan!
Nou te ekri syèj mondyal la, e nou te mande pou yo voye n al sèvi kote ki gen plis bezwen. Lè yo te reponn nou, yo te ban nou yon sèl chwa: Pine Bluff, nan Akannsa. Nan epòk sa a, te sèlman gen de kongregasyon nan Pine Bluff, se te yon kongregasyon moun blan ak yon kongregasyon moun nwa. Yo te voye n nan kongregasyon moun nwa yo ki te gen anviwon 14 pwoklamatè sèlman.
MWEN TE FÈ FAS AK PREJIJE AK RASIS
Ou ka ap mande tèt ou poukisa te gen kongregasyon moun blan ak kongregasyon moun nwa pami Temwen Jewova yo. Yon repons tou senp sèke pa t gen anpil chwa nan epòk sa a. Te gen yon seri lwa ki te entèdi moun ki pa menm ras reyini ansanm, epitou, te gen anpil risk pou gen vyolans. Nan anpil kote, frè yo te gen bonjan rezon pou yo pè pou yo pa kraze Sal Wayòm nan si de gwoup moun ki pa menm ras ta reyini ansanm pou yo adore. E sa te konn rive. Si Temwen ki nwa yo t al preche kay an kay nan yon katye moun blan, yo t ap arete yo e yo te ka bat yo byen bat. Kidonk, pou n te ka fè travay predikasyon an, nou te obeyi lwa yo toutpandan n te gen espwa bagay yo t ap amelyore.
Nou te jwenn difikilte nan travay predikasyon an. Aktout nou te konn preche nan tèritwa moun nwa, pafwa, nou te konn al frape pòt kay moun blan san n pa konnen. Nou te dwe deside byen vit si n dwe fè yon ti pale tou kout sou yon vèsè nan Bib la ak moun nan oswa si n dwe annik mande moun nan eskiz epi n ale. Nan epòk sa a, se konsa sa te ye kèk kote.
Nòmalman, nou te dwe travay di tou pou n te pran swen tèt nou nan sèvis pyonye a. Pifò nan travay nou te jwenn yo te peye n twa dola pa jou. Gloria te jwenn kèk djòb kòm menajè. Nan yon kay, yo te ban m pèmisyon pou m ede l yon fason pou l te ka fè travay la nan mwatye tan an. Yo te bay mwen menm ak Gloria manje, e n te manje l anvan n ale. Chak semèn, Gloria te konn pase rad pou yon fanmi. M te konn travay nan lakou, lave fenèt e m te konn fè kèk lòt ti djòb. Nou te lave fenèt kay yon fanmi blan, Gloria te lave fenèt yo pa anndan e m te lave yo pa deyò. Piske sa te pran tout jounen an, yo te ban nou manje. Gloria te manje anndan kay la, men li pa t manje menm kote ak fanmi an, mwen menm m te manje deyò nan garaj la. Sa pa t ban m pwoblèm. Manje a te byen bon. Fanmi an te janti, men yo te jis ap suiv sistèm ki te genyen an, sa vle di fason moun nan epòk la te panse. M sonje yon lè,
nou te pase nan yon ponp gazolin. Apre m fin foul tank machin nan, m te mande ponpis la si Gloria ka al nan twalèt la. Li te jis gade m dwòl epi l di m: “Li fèmen.”YON SERI BÈL AKSYON MWEN PAP JANM BLIYE
Yon lòt bò, nou te pase anpil bèl moman ak frè ak sè yo, e n te renmen travay predikasyon an! Lè n te fèk rive Pine Bluff, nou te abite lakay frè ki te sèvitè kongregasyon an nan epòk la. Madanm li pa t Temwen Jewova lè sa a, e Gloria te kòmanse etidye Labib avè l. Pandan tan sa a, m te kòmanse etidye Labib ak pitit fi yo a ansanm ak mari l. Ni manman an ni pitit fi a te deside sèvi Jewova e yo te batize.
Nou te gen bon zanmi nan kongregasyon moun blan yo. Yo te konn envite n vin manje lakay yo, men, yo te oblije fè sa lè l fènwa. Nan epòk sa a, òganizasyon ki rele Ku Klux Klan an (KKK), yon òganizasyon ki ankouraje rasis ak vyolans, te vrèman aktif. Yon jou swa fèt alowin, m sonje m te wè yon mesye ki chita byen fyè sou galri lakay li, li te abiye ak yon rad blan e l te gen yon bone blan nan tèt li, menm jan moun Ku Klux Klan yo te konn abiye a. Men, bagay sa yo pa t anpeche frè yo demontre bonte. Pandan yon sezon ete, nou te bezwen kòb pou n vwayaje pou n al nan kongrè, e gen yon frè ki te dakò achte machin Ford 1950 nou te genyen an yon fason pou n te ka fè vwayaj la. Yon mwa apre sa, gen yon jou nou te fatige anpil apre n te fin pase kay an kay ap preche epi n t ap kondui etid Labib nan chalè ki te gen nan sezon ete a. Epi, nou te jwenn yon sipriz lè n rive lakay nou. Se te machin nou an ki te pakin devan kay la! Te gen yon nòt sou vit la ki te di: “Nou mèt repran machin nou an kòm yon kado mwen ban nou. Frè nou an.”
Gen yon lòt bèl aksyon ki te gen gwo efè sou mwen. An 1962, mwen te jwenn envitasyon pou m al asiste Lekòl ministè Wayòm ki t ap fèt nan South Lansing, Nouyòk. Se te yon fòmasyon yo t ap fè pou siveyan kongregasyon yo, siveyan sikonskripsyon yo ak distri yo e l te dire yon mwa. Men, lè m te jwenn envitasyon an, mwen pa t ap travay e m te gen pwoblèm kòb. Sepandan, m te fè entèvyou pou yon travay nan yon konpayi telefòn nan Pine Bluff. Si m te jwenn travay la, mwen t ap premye moun nwa ki t ap travay pou konpayi sa a. Finalman, yo te di m y ap ban m travay la. Ki sa m t apral fè? M pa t gen kòb pou m fè vwayaj la pou m al Nouyòk. M te reflechi anpil pou m pran travay la e pou m refize envitasyon pou m al lekòl la. Anfèt, m t ap prepare m pou m ekri yon lèt pou m refize envitasyon an lè yon bagay mwen pap janm bliye te rive.
Gen yon sè nan kongregasyon nou an, mari l pa Temwen Jewova, ki te vin frape pòt kay nou byen bonè nan maten e l te ban m yon anvlòp. Anvlòp la te chaje ak lajan. Li menm ak plizyè nan timoun li yo te leve granmmaten pou y al keyi koton nan jaden, epi yo te rache zèb ki te leve yo yon fason pou yo te ka fè ase kòb pou yo ban m pou m peye vwayaj la pou m al Nouyòk. Li te di: “Al lekòl la, aprann tout sa w kapab epi retounen vin anseye nou!” Apre sa,
m te mande konpayi telefòn nan si m te ka kòmanse travay senk semèn apre lè m te dwe kòmanse a. Yo te reponn mwen: “Non!” Men, sa pa t ban m pwoblèm. M te deja pran desizyon m. M vrèman kontan dèske m pa t pran travay sa a!Men ki jan Gloria sonje moman nou te pase Pine Bluff yo: “M te renmen tèritwa a! M t ap kondui 15 a 20 etid Labib. Konsa, nou te konn al preche kay an kay nan maten, epi apre sa, nou te konn al fè etid nan rès jounen an. Pafwa, nou te konn ret fè etid rive jis 11 è diswa. Sèvis la te enteresan anpil! M t ap byen kontan ret nan travay sa a. Mwen dwe admèt m pa t vrèman vle chanje asiyasyon pou m al nan travay sikonskripsyon an, men, Jewova te gen yon lòt bagay nan tèt li.” Vrèmanvre, li te gen yon lòt bagay.
LAVI NOU NAN TRAVAY ITINERAN AN
Pandan n te pyonye nan Pine Bluff, nou te ranpli fòmilè pou n vin pyonye espesyal. Nou te gen bonjan espwa paske siveyan distri nou an te vle n al ede yon kongregasyon nan Tegzas, e l te vle n al sèvi la kòm pyonye espesyal. Sa te gen gwo efè sou nou lè n t ap panse ak yon chanjman konsa. Se sa k fè n te plede ret tann toutpandan n te gen espwa Sosyete a ap reponn nou, men, nou te toujou jwenn bwat postal nou an vid. Finalman, yon jou nou te resevwa yon lèt e n te jwenn asiyasyon pou n al nan travay itineran an! Se te an janvye 1965. Yo te nome frè Leon Weaver, k ap sèvi kòm kowòdonatè Komite filyal Etazini an kounye a, siveyan sikonskripsyon menm lè a tou.
M te yon ti jan pè vin siveyan sikonskripsyon. Ennan anvan sa oswa plis, siveyan distri a, anpalan de James A. Thompson Jr., te gade pou l wè si m kalifye. Avèk jantiyès, li te montre m kèk domèn kote m ta dwe amelyore e l te fè m konn ki kapasite yon bon siveyan sikonskripsyon dwe genyen. M potko gen anpil tan nan travay sikonskripsyon an lè m te rann mwen kont jan konsèy li yo te vrèman itil. Apre m te fin nome siveyan, frè Thompson se premye siveyan distri ki te travay avè m. M te aprann anpil bagay nan men frè sa a ki te fidèl e ki te espirityèl.
Nan epòk sa a, se yon tikras fòmasyon siveyan sikonskripsyon yo te konn jwenn. M te pase yon semèn ap pran fòmasyon nan men yon siveyan sikonskripsyon pandan l t ap vizite yon kongregasyon. Epi, nan semèn ki te vin apre a, li t ap suiv mwen pandan m t ap vizite yon lòt kongregasyon. Li te ban m sijesyon ak konsèy. Men, apre sa, nou chak t al fè vizit nou poukont nou. M sonje m te di Gloria: “Èske l vrèman oblije ale kounye a?” Men, rive yon lè, m te vin aprann yon bagay enpòtan. Ap toujou gen bon frè ki la pou ede w, si w kite yo ede w. Mwen toujou apresye èd mwen te jwenn nan men frè sa yo ki gen eksperyans, pa egzanp
frè J. R. Brown, ki te siveyan itineran nan epòk la, ak frè Fred Rusk nan fanmi Betèl la.Kesyon rasis la te gaye anpil nan epòk la. Yon lè, òganizasyon Ku Klux Klan an t ap fè yon mach nan yon ti vil nou t ap vizite nan Tenisi. M sonje yon lòt lè, gwoup predikasyon an te pran yon poz pou n al manje nan yon restoran. M te leve pou m al nan twalèt e m te rann mwen kont gen yon mesye byen move, ki gen tatwaj ki sanble ak tatwaj blan rasis yo, ki te leve epi l pran suiv mwen. Men, gen yon frè ki blan, ki pi kosto pase ni mwen ni lòt mesye a, ki te vin dèyè nou an. Li te mande m: “Èske tout bagay anfòm, frè Herd?” Lòt mesye a te vire l ale byen vit san l pa menm antre nan twalèt la. Tank ane yo t ap pase, m te rann mwen kont prejije pa vrèman gen rapò ak koulè po moun, li gen rapò ak peche, anpalan de peche Adan an ki kontamine nou tout. E m te vin aprann yon frè se yon frè kèlkeswa koulè po l, e l ap mouri pou ou si sa nesesè.
ALAFEN M VIN RICH
Nou te pase 33 an nan travay itineran an, e n te fè 21 dènye ane yo nan travay distri a. M te jwenn anpil benediksyon ak rekonpans nan ane sa yo e m te fè anpil eksperyans ki ankourajan. Men, gen yon lòt rekonpans ki t ap tann nou. An out 1997, rèv nou te genyen depi lontan an te reyalize. Nou te jwenn envitasyon pou n al sèvi nan Betèl Etazini an, anviwon 38 an apre n te fin ranpli premye fòmilè a. Nou te kòmanse sèvi nan Betèl la nan mwa ki te vin apre a. M te panse frè responsab yo ki nan Betèl la te sèlman vle pou m vin ede pandan yon ti tan, men, se pa sa k te rive.
Toudabò, m te jwenn asiyasyon pou m sèvi nan Biwo sèvis. M te aprann anpil nan eksperyans sa a. Frè k ap travay nan biwo sa a te konn trete anpil kesyon ki delika e ki difisil gwoup ansyen ak siveyan sikonskripsyon toupatou nan peyi a te konn poze. Mwen gen rekonesans pou pasyans frè yo te genyen ak èd yo te ban m lè yo t ap ban m fòmasyon. Aktout sa, m santi si m ta al travay nan biwo sa a ankò, m t ap toujou yon apranti.
Gloria avè m renmen lavi nan Betèl. Nou te toujou konn leve bonè, e abitid sa a vrèman ede n nan Betèl. Nan ennan oswa plis, m te kòmanse bay èd nan Komite sèvis Kolèj santral Temwen Jewova yo. Epi, an 1999, yo te nome m manm Kolèj santral la. Mwen aprann anpil bagay nan asiyasyon sa a, men, pi gwo leson m aprann sèke se Jezi Kris ki alatèt kongregasyon an, se pa okenn lòt moun, e sa parèt byen klè.
Lè m ap reflechi ak lavi m, pafwa mwen yon ti jan santi m menm jan ak pwofèt Amòs. Jewova te wè bèje sa a ki te gen imilite e ki te konn travay pa sezon antanke moun k ap okipe pye fig sikomò, yon manje yo te konsidere kòm manje moun ki pòv sèlman. Bondye te nome Amòs pwofèt, e sa klè, asiyasyon sa a te fè l jwenn anpil byenfè nan domèn espirityèl (Amòs 7:14, 15). Menm jan an tou, Jewova te wè m, mwen menm ki se pitit gason yon malere ki te konn travay tè nan vil Liberty, nan Indyana, epi l vide anpil benediksyon sou mwen, yo tèlman anpil m pa ka konte yo (Pwo. 10:22)! Yon bagay ki klè sèke, okòmansman, m te santi m pòv, men alafen, mwen rich nan domèn espirityèl e m menm pi rich pase sa m te ka imajine!