Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske Bondye koute priyè w?

Èske Bondye koute priyè w?

Lè w ap priye, èske w panse Bondye koute w toutbon?

KI SA BIB LA DI?

  • Bondye koute priyè. Men asirans Bib la ban nou: “Jewova toupre tout moun ki rele l, li toupre tout moun ki rele l avèk senserite. [...] li tande lè y ap rele l pou yo mande l èd.” — Sòm 145:18, 19.

  • Bondye vle w priye l. Men envitasyon Bib la fè nou: “Fè Bondye konnen demann nou yo nan tout bagay, pa mwayen lapriyè ak siplikasyon toutpandan n ap di l mèsi.” — Filipyen 4:6.

  • Bondye vrèman gen sousi pou ou. Bondye vrèman konnen jan nou santi nou ak enkyetid nou genyen, e li vle ede nou. Men sa Bib la di: “Lage tout tètchaje nou genyen sou li, paske li gen sousi pou nou.” — 1 Pyè 5:7.