Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Sa kèk moun konn di sou lapriyè

Sa kèk moun konn di sou lapriyè

“Lè m ap priye, se kòmsi m santi Bondye bò kote m, li kenbe men m e l gide m lè m santi m pèdi.” — MARÍA.

“Madanm mwen mouri apre l fin pase trèzan ap goumen ak yon kansè. M sonje m te konn priye Bondye chak jou, m te santi li te vrèman konprann doulè m. M te santi m anpè.” — RAÚL.

“Lapriyè se yon bèl kado Bondye bay lèzòm.” — ARNE.

Pou María, Raúl, Arne ak anpil lòt moun, lapriyè se yon kado espesyal. Grasa lapriyè, yo santi yo ka pale ak Bondye, di l mèsi epi chèche èd nan men l. Se ak tout kè yo, yo kwè nan asirans ki annapre a Bib la bay konsènan priye Bondye: “Men asirans nou gen nan Bondye: kèlkeswa sa nou mande l selon volonte l, li tande nou.” — 1 Jan 5:14.

Yon lòt bò, anpil moun twouve li difisil pou yo dakò ak sa Bib la di sou lapriyè. Men sa Steve rakonte sou sa l santi anrapò ak lapriyè: “Lè m te gen 17 an, twa nan zanmi m yo te mouri nan de aksidan diferan. Youn te mouri nan yon aksidan machin, e lòt de yo te mouri nan lanmè.” Ki sa Steve te fè? “M te priye Bondye pou m te ka konnen repons yon seri kesyon tankou: Poukisa tout bagay sa yo rive?, men m pa t jwenn okenn repons. Donk, m te mande tèt mwen: ‘Poukisa pou m priye?’” Menm jan an tou, anpil moun santi pèsonn pa reponn priyè yo, sa fè yo mande tèt yo: ‘Poukisa nou dwe priye?’

Gen lòt rezon ankò ki fè kèk moun santi yo pa bezwen priye. Gen moun ki di, kòm Bondye deja konn tout bagay, li konnen sa nou bezwen, li konn pwoblèm nou yo, nou pa bezwen di l bagay sa yo ankò.

Gen lòt moun ki kwè Bondye pa vle koute priyè yo fè poutèt peche yo te fè lontan. Men sa Jenny di: “Pi gwo pwoblèm mwen, sèke m santi m pa gen valè. M fè anpil bagay mwen regrèt annapre, donk, m rete kwè m pa merite pou Bondye tande priyè m.”

Ki sa w panse sou lapriyè? Si w pa gen bon pwennvi sou lapriyè oswa w gen dout sou li, ou ka santi w byen lè w konnen Bib la bay bonjan repons k ap itil ou anrapò ak lapriyè. Ou ka gen konfyans nan sa Labib di sou lapriyè *. Bib la ka ede w jwenn repons yon seri kesyon tankou:

  • Èske Bondye koute priyè nou yo toutbon?

  • Poukisa Bondye pa reponn kèk priyè?

  • Ki jan pou w priye Bondye pou l koute w?

  • Ki sa lapriyè ka fè pou ou?

^ § 9 Nan Bib la, nou jwenn priyè anpil nan sèvitè Bondye yo te fè, sa gen ladan l priyè Jezi te konn fè yo tou. Gen plis pase 150 priyè nan Liv ki te ekri ann ebre yo. Moun yo konn rele liv sa yo Ansyen Testaman.