Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou imite Jewova, Bondye nou an ki pa gen patipri

Annou imite Jewova, Bondye nou an ki pa gen patipri

Annou imite Jewova, Bondye nou an ki pa gen patipri

“ Pa gen patipri lakay Bondye. ” — WOMEN 2:11.

1, 2. a) Ki sa Jewova te vle konsènan Kananeyen yo an jeneral ? b) Ki sa Jewova te fè, e ki kesyon sa soulve ?

AN 1473 anvan epòk nou an, pèp Izrayèl te kanpe nan plèn Mowab, yo t ap koute Moyiz avèk atansyon. Gen yon sitiyasyon difisil ki t ap tann yo lòt bò rivyè Jouden an. Moyiz te fè konnen, objektif Jewova se pou Izrayèl bat sèt nasyon kananeyen pisan ki nan Latè pwomiz la. Moyiz di yo : “ Jewova Bondye w la ap abandone yo nan men w san mank, e ou dwe venk yo. ” Ala konfyans pawòl Moyiz yo dwe te ba yo ! Izrayèl pa t dwe fè alyans avèk yo, e yo pa t merite favè nonplis. — Detewonòm 1:1 ; 7:1, 2.

2 Toutfwa, gen yon fanmi nan premye vil Izrayèl te atake a Jewova te fè mizerikòd. Pèp nan kat lòt vil te jwenn pwoteksyon Bondye tou. Pou ki rezon ? Ki sa bèl istwa kote Kananeyen sa yo te sove a aprann nou sou Jewova ? E kòman nou ka imite l ?

Renome Jewova pouse moun aji

3, 4. Ki efè viktwa Izrayèl yo te genyen sou kèk moun nan Kanaran ?

3 Pandan 40 an pèp Izrayèl la pase nan dezè a anvan l te antre nan Latè pwomiz, Jewova te pwoteje yo e li te batay pou yo. Nan sid Latè pwomiz, Izrayèl te fè fas ak wa kananeyen peyi Arad la. Avèk èd Jewova, Izrayelit yo venk li ansanm ak tout pèp li a nan Òma (Nonb 21:1-3). Annapre, Izrayèl pase sou kote peyi Edòm e li vwayaje sot nan nò al nan nòdès lanmè Mòt. Se Mowab ki te abite nan zòn sa a anvan, men kounye a se Amorit yo ki abite ladan l. Siyòn, wa Amorit la, te refize bay pèp Izrayèl la pase sou tèritwa l. Se konsa batay te met pye nan Jaraz, nan nò vale Anòn, e se la Siyòn jwenn lanmò l (Nonb 21:23, 24 ; Detewonòm 2:30-33). Pi lwen nan nò, Òg t ap gouvène lòt Amorit yo nan Bachàn. Malgre Òg te yon jeyan, li pa t ka kanpe devan Jewova. Yo te touye Òg nan Edreyi (Nonb 21:33-35 ; Detewonòm 3:1-3, 11). Nouvèl laviktwa sa yo, plis istwa Egzòd pèp Izrayèl la lè l t ap sot ann Ejip te fè yon gwo efè sou kèk moun ki t ap viv an Kanaran. *

4 Lè pou premye fwa pèp Izrayèl la antre Kanaran apre l fin travèse Jouden an, li kanpe nan Gilgal (Jozye 4:9-19). Vil fòtifye ki rele Jeriko a pa t lwen. Pou sa yon Kananeyèn ki rele Rahab te tande Jewova fè, sa te pouse l aji ak lafwa. Kòm rezilta, lè Jewova t ap detwi Jeriko, li te epaye Rahab ak tout moun lakay li. — Jozye 2:1-13 ; 6:17, 18 ; Jak 2:25.

5. Ki sa ki te pouse Gibeyonit yo fè yon kou entèlijan ?

5 Apre sa, Izrayèl kite plèn ki tou pre rivyè a pou l monte nan mòn ki nan mitan rejyon an. Selon lòd Jewova, Jozye te mete moun ann anbiskad kont vil Ayi (Jozye chapit 8). Nouvèl sou defèt Ayi te sibi a te pouse anpil wa kananeyen met tèt yo ansanm pou yo fè lagè (Jozye 9:1, 2). Men, moun ki t ap viv nan vil ivit ki tou pre a, vil ki te rele Gibeyòn nan, te reyaji yon lòt jan. Men sa Jozye 9:4 deklare : “ Sa yo fè, yo pran inisyativ fè yon kou entèlijan. ” Menm jan avèk Rahab, yo te tande ki jan Jewova te sove pèp li nan Egzòd la e ki jan Siyòn ak Òg te pèdi devan yo (Jozye 9:6-10). Gibeyonit yo te konprann rezistans pa t ap itil yo anyen. Se konsa, yo voye yon delegasyon kot Jozye nan Gilgal, yon delegasyon pou reprezante Gibeyòn ansanm ak twa lòt vil ki te tou pre : Chefira, Beyewòt ak Kiryat-Yeyarim. Moun yo te degize kòmsi yo sot nan yon peyi lwen. Kou mètdam sa a te mache. Jozye fè yon alyans avèk yo ki garanti lavi yo. Twa jou apre, Jozye ak Izrayelit yo te vin aprann mesye yo te blofe yo. Men, yo te jire nan non Jewova pou yo kenbe alyans lan, donk, yo te kenbe l (Jozye 9:16-19). Èske Jewova te dakò ?

6. Ki jan Jewova te reyaji devan alyans Jozye te fè ak Gibeyonit yo ?

6 Yo te pèmèt Gibeyonit yo ranmase bwa e bwote dlo pou Izrayelit yo, e yo te ka fè sa ata “ pou lotèl Jewova ” a nan tabènak la (Jozye 9:21-27). Anplis de sa, lè senk wa amorit ak tout lame yo te menase Gibeyonit yo, Jewova te fè mirak pou l pran pou yo. Lagrèl te touye plis ènmi pase twoup Jozye yo. Lè Jozye te mande Jewova pou solèy la ak lalin nan kanpe pou l ka fin genyen batay la nèt, Jewova te menm aksepte. Men remak Jozye te fè : “ Pa t gen jou ki te tankou jou sa a, ni anvan l ni apre l, kote Jewova te koute vwa yon nonm, paske Jewova li menm t ap batay pou Izrayèl. ” — Jozye 10:1-14.

7. Ki verite Pyè te rekonèt ki te parèt klè nan ka kèk Kananeyen ?

7 Rahab, Kananeyèn nan, ansanm ak tout fanmi l, menm jan ak Gibeyonit yo, yo tout te krenn Jewova e yo te aji ann akò ak krent yo a. Sa k rive yo a demontre aklè yon verite apot Pyè te vin di annapre. Pyè te deklare : “ Bondye pa gen patipri, men, nan tout nasyon, yon moun ki gen krentif pou li e ki pratike sa ki jis, li pran plezi nan li. ” — Travay 10:34, 35.

Fason l te aji ak Abraram e ak Izrayèl

8, 9. Ki jan Jewova demontre li pa gen patipri nan fason li te aji ak Abraram ansanm ak pèp Izrayèl la ?

8 Disip Jak te atire atansyon sou bonte Bondye, bonte moun pa merite a, nan fason li te aji avèk Abraram ak desandan li yo. Se te lafwa Abraram ki te fè l vin “ zanmi Jewova ”, se pa t ras li (Jak 2:23). Lafwa ak lanmou Abraram te gen pou Jewova te pote benediksyon pou desandan li yo (2 Kwonik 20:7). Jewova te fè Abraram pwomès sa a : “ Mwen pap manke pa beni w e mwen pap manke pa miltipliye semans ou tankou zetwal ki nan syèl la e tankou grenn sab ki arebò lanmè. ” Gade pwomès ki nan vèsè apre a : “ Pa mwayen semans ou, tout nasyon sou tè a pap manke pa beni tèt yo. ” — Jenèz 22:17, 18 ; Women 4:1-8.

9 Olye Jewova montre li gen patipri nan fason li boule ak Izrayèl, li demontre pito sa li ka fè pou moun ki obeyi l. Aksyon sa yo se yon egzanp sou fason Jewova demontre lanmou fidèl li genyen pou sèvitè fidèl li yo. Byenke Izrayèl se te “ pwopriyete espesyal ” Jewova, sa pa t vle di lòt pèp yo pa t gen posiblite benefisye byenveyans li (Egzòd 19:5 ; Detewonòm 7:6-8). Se vre, Jewova te rachte Izrayèl sot nan esklavaj ann Ejip e li te di yo : “ Pami tout fanmi ki sou tè a, se nou menm sèl mwen te konnen. ” Men, pa mwayen pwofèt Amòs ak lòt pwofèt ankò, Jewova te ofri tou yon bèl espwa pou moun ki soti nan “ tout nasyon ”. — Amòs 3:2 ; 9:11, 12 ; Izayi 2:2-4.

Jezi, yon anseyan ki pa gen patipri

10. Ki jan Jezi te imite Papa l nan fason l te montre li pa gen patipri ?

10 Pandan ministè Jezi sou tè a, li menm ki se reprezantasyon Papa l egzakteman, li te imite Jewova ki pa gen patipri (Ebre 1:3). Premye sa k te nan tèt li nan moman sa a, se te pou l jwenn “ mouton ki pèdi lakay pèp Izrayèl la ”. Toutfwa, li pa t retni l pou l te preche yon Samaritèn arebò yon pi (Matye 15:24 ; Jan 4:7-30). Li te fè yon mirak tou pou yon ofisye lame ki te mande l sa, e ofisye a pa t menm yon Juif (Lik 7:1-10). Aksyon sa yo te vin ajoute sou fason Jezi te konn aji pou l montre li renmen pèp Bondye a. Disip Jezi yo tou te preche toupatou. Sa ki te parèt klè, sèke kondisyon pou yon moun te resevwa benediksyon nan men Jewova pa t gen rapò ak nasyonalite moun nan, men sa te gen rapò pito ak atitid li. Moun ki te enb, ki te gen bon kè e ki te swaf laverite, yo te byen akeyi bon nouvèl Wayòm nan. Men kanta pou moun ògeye yo ak moun awogan yo menm, yo te meprize Jezi ak mesaj li a. Jezi te deklare : “ M ap ba w glwa devan tout moun, Papa, ou menm ki Seyè syèl la ak tè a, poutèt ou byen kache bagay sa yo pou moun ki saj yo ak moun ki entèlektyèl yo, e ou revele yo bay timoun piti yo. Wi, o Papa, paske se konsa ou te vle pou sa fèt. ” ​(Lik 10:21). Lè nou aji avèk lòt moun sou baz lanmou ak lafwa, nou aji san patipri, nou konnen se fason sa a Jewova apwouve.

11. Ki sa k montre pa t gen patipri nan kongregasyon premye kretyen yo ?

11 Nan kongregasyon premye kretyen yo, moun ki te Juif te egal ak moun ki pa t Juif. Pòl te esplike sa : “ Laglwa, onè ak lapè pou tout moun ki fè sa ki bon, pou Juif la dabò e pou Grèk la tou. Paske pa gen patipri lakay Bondye. ” * (Women 2:10, 11). Se pa t nasyonalite moun yo ki te detèmine si yo t ap benefisye bonte Jewova, bonte moun pa merite a, men se te reyaksyon yo konsènan sa yo aprann sou Jewova ak sou pèspektiv yo genyen grasa ranson Pitit li a, Jezi (Jan 3:16, 36). Pòl te ekri : “ Se pa moun ki Juif sou deyò a ki Juif toutbon, ni se pa sikonsizyon ki fèt sou deyò a, sikonsizyon ki fèt nan chè a, ki vrè sikonsizyon an. Men, moun ki Juif la se anndan l li Juif, e sikonsizyon l lan se nan kè li ye pa mwayen lespri, e se pa pa mwayen yon kòd lwa yo ekri. ” Epi, Pòl fè yon jwèt ak mo “ Juif ” la ( ki vle di “ soti nan Jida ” ki siyifi glorifye oswa louwe), li di : “ Lwanj moun sa a pa sot nan lèzòm, men se nan Bondye l soti. ” ​(Women 2:28, 29). Jewova fè lwanj san patipri. E nou menm ?

12. Ki posiblite Revelasyon 7:9 ofri, e bay kiyès ?

12 Annapre, nan yon vizyon, apot Jan wè kretyen wen fidèl yo ki tankou yon nasyon espirityèl ki gen 144 000 moun “ ki gen so sou yo nan tout tribi pitit Izrayèl yo ”. Apre moun sa yo, Jan apèsi “ yon gwo foul moun [...] ki soti nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp e nan tout lang, yo kanpe devan twòn nan e devan Timouton an, abiye ak wòb blan. E yo te gen branch palmye nan men yo. ” ​(Revelasyon 7:4, 9). Donk, yo pa evite okenn gwoup etnik ni okenn lang nan kongregasyon yo nan epòk nou an. Moun tout orijin gen posiblite chape anba “ gwo tribilasyon ” k ap vini an e yo gen posiblite bwè nan “ sous dlo lavi yo ” nan monn nouvo a. — Revelasyon 7:14-17.

Bon rezilta sa bay

13-15. a) Kòman nou ka venk diferans rasyal ak diferans ki gen rapò ak kilti ? b) Bay egzanp ki montre atitid amikal pote bon rezilta.

13 Tankou yon bon papa ki konn pitit li, se konsa Jewova konnen nou byen. Se menm jan lè nou enterese nan kilti ak orijin lòt moun, nou vin konprann yo, diferans yo vin pa enpòtan. Baryè etnik yo disparèt, e chenn zanmitay ak lanmou vin pi fò. Inite vin pi solid (1 Korentyen 9:19-23). Aktivite misyonè k ap sèvi nan peyi etranje yo bay yon bèl demonstrasyon sou sa. Yo enterese nan moun k ap viv kote y ap sèvi a, e kòm rezilta, lè misyonè sa yo gade, yo wè byen vit yo fè yon sèl ak kongregasyon kote yo ye a. — Filipyen 2:4.

14 Nan anpil peyi, bon rezilta nou jwenn dèske nou pa gen patipri parèt aklè. Aklilu soti nan peyi Etyopi e li t ap viv pou kont li nan Lonn, kapital peyi Grann Bretay. Lè li wè jan tout moun pa nan zanmitay ak moun ki sot nan lòt peyi, e se yon tandans ki genyen nan anpil gwo vil ann Ewòp kounye a, sa fè l santi l pou kò l plis toujou. Ala yon diferans Aklilu te viv lè li te asiste reyinyon nan yon Sal Wayòm Temwen Jewova ! Moun ki te la yo te byen akeyi l, e sa pa t pran anpil tan pou l te santi l lakay li. Li pwogrese byen vit tout pandan apresyasyon l pou Jewova t ap vin pi pwofon. Tousuit, li te chèche opòtinite pou l patisipe nan gaye bon nouvèl Wayòm nan bay lòt moun nan distri sa a. Yon jou, yon moun ki t ap preche avèk Aklilu te mande l ki objektif li gen nan lavi l kounye a. San ezite Aklilu reponn li swete yon jou l ap nan yon kongregasyon ki pale lang amarik, lang pa l la. Lè ansyen nan kongregasyon kote l te ye a, yon kongregasyon ki pale anglè, aprann sa, yo te byen kontan fè aranjman pou òganize yon diskou piblik nan lang manman Aklilu. Envitasyon pou vin asiste reyinyon an te fè anpil etranje ansanm ak moun k ap viv nan zòn nan vin soutni premye reyinyon piblik ki te fèt nan lang amarik nan Grann Bretay. Jodi a, Etyopyen ansanm ak lòt moun nan zòn nan ini nan yon kongregasyon amarik k ap byen mache. Anpil moun nan kongregasyon sa a santi anyen pa anpeche yo pran pozisyon pou Jewova ni demontre sa pa mwayen batèm yo. — Travay 8:26-36.

15 Karakteristik ak orijin tout moun pa menm. Bagay sa yo pa sèvi pou jije si yon moun siperyè oswa si l enferyè pa rapò ak lòt moun. Se diferans sèlman yo ye. Nan okazyon batèm sèvitè Jewova ki fèk vwe yo ki t ap fèt nan zile Malt, debòdman lajwa Temwen maltè yo te fè yon sèl ak dlo lajwa ki t ap koule nan je vizitè ki te soti Grann Bretay yo. Ni moun Malt ni gwoup moun ki te soti Grann Bretay yo te eksprime santiman yo, men, yo chak nan fason pa yo. Epitou, gwo lanmou yo genyen pou Jewova te vin simante lyen amitye kretyen yo genyen. — Sòm 133:1 ; Kolosyen 3:14.

Annou venk prejije

16-18. Bay yon eksperyans ki montre kòman yo ka venk prejije nan kongregasyon yo ?

16 Ofiramezi lanmou nou pou Jewova e pou frè kretyen nou yo ap vin pi pwofon, n ap kapab imite Jewova pi byen toujou nan fason nou wè lòt moun. Nou kapab venk nenpòt prejije nou te ka genyen konsènan kèk nasyonalite, ras oswa kilti. Annou konsidere egzanp Albè, ki t ap sèvi nan lame Grann Bretay diran Dezyèm Gè mondyal la. Japonè yo te arete l lè Sengapou te tonbe an 1942. Apre sa, li te pase twazan ap travay nan “ chemennfè lanmò ” a, tou pre yon pon yo te vin rele pon rivyè Kway. Lè yo te libere l nan fen gè a, li te peze 32 kilo, zo machwè l kase, nen l kase, li te gen kolerin, tèt li te plen pyas e li te fè malarya tou. Plizyè milye lòt prizonye parèy li te soti pi mal pase l, genyen ki pa t menm soti vivan. Pou tout mechanste atwòs Albè te wè e l te sibi, kòm rezilta, lè misye retounen lakay li an 1945, li te vin yon moun ki akaryat, yon moun ki pa t vle tande pale ni de Bondye ni de relijyon.

17 Irèn, madan Albè, te vin Temwen Jewova. Pou Albè fè madanm li plezi, li al asiste kèk reyinyon nan kongregasyon Temwen Jewova yo nan zòn nan. Yon jèn kretyen ki nan sèvis a plen tan ki rele Pòl te vizite Albè pou etidye Labib avè l. Byen vit, Albè vin reyalize Jewova wè moun selon kondisyon kè yo. Li vwe vi l bay Jewova e li vin batize.

18 Ann apre, Pòl vin deplase al abite Lonn, li aprann japonè, e li ale nan yon kongregasyon kote yo pale japonè. Lè li pwopoze pou l pran kèk Temwen japonè pou l vizite ansyen kongregasyon l lan, frè nan kongregasyon sa a sonje jan Albè te gen gwo prejije kont moun ki soti Japon. Depi lè Albè te tounen Grann Bretay, li te evite fè fasafas ak kèlkeswa Japonè a, konsa frè yo t ap mande tèt yo, ki reyaksyon li t ap genyen. Ebyen, yo pa t bezwen pè, Albè resevwa vizitè l yo avèk afeksyon fratènèl san rezèv. — 1 Pyè 3:8, 9.

“ Elaji nou ”

19. Ki konsèy apot Pòl te bay ki kapab ede nou si nou gen yon ti san patipri lakay nou ?

19 Wa Salomon, yon wa ki saj, te ekri pawòl sa yo : “ Montre w gen paspouki pa bon. ” ​(Pwovèb 28:21). Li fasil pou nou santi nou pwòch moun nou byen konnen. Sepandan, kèk fwa nou gen tandans montre nou pa enterese nan moun nou pa byen konnen. Patipri konsa pa konvnab pou yon sèvitè Jewova. Se sèten, li t ap bon pou nou suiv konsèy klè Pòl te bay la pou nou “ elaji nou ”, wi, elaji nou nan lanmou nou pou kretyen parèy nou ki gen orijin diferan. — 2 Korentyen 6:13.

20. Nan ki aspè nan lavi nou nou dwe imite Jewova, Bondye nou an ki pa gen patipri ?

20 Kit nou gen privilèj resevwa apèl selès, kit nou gen espwa pou nou viv sou tè a pou toutan, si nou pa gen patipri, sa ap ban nou posiblite pou nou benefisye inite ki gen anndan yon sèl twoupo, yon sèl Bèje (Efezyen 4:4, 5, 16). Si nou fè efò pou nou imite Jewova, Bondye nou an ki pa gen patipri, sa ka ede nou nan ministè nou, nan fanmi nou, e nan kongregasyon nou ye a, anfèt, nan tout aspè nan lavi nou. Ki jan ? Atik ki vin apre a pral abòde sijè sa a.

[Nòt anba paj]

^ § 3 Annapre, yo te vin konpoze chante sakre sou renome Jewova. — Sòm 135:8-11 ; 136:11-20.

^ § 11 Nan vèsè a, ekspresyon “ Grèk ” la aplike pou Janti yo an jeneral. Étude perspicace des Écritures, tòm 1, paj 1026. Se Temwen Jewova yo ki pibliye liv sa a.

Ki repons nou ta bay ?

Ki jan Jewova te demontre li pa gen patipri nan ka Rahab ak Gibeyonit yo ?

Kòman Jezi te demontre li pa gen patipri lè l ap anseye ?

Ki sa ki ka ede nou venk nenpòt prejije ki gen rapò ak kilti oswa ak ras ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 10]

Izrayèl kòmanse mache pran Kanaran.

[Foto nan paj 12]

Jezi pa t retni l pou l preche yon Samaritèn.

[Foto nan paj 13]

Yon reyinyon nan lang amarik an Grann Bretay.

[Foto nan paj 13]

Lanmou Albè gen pou Jewova ede l venk prejije l te genyen.