Èske “ Ansyen Testaman ” an toujou itil ?
Èske “ Ansyen Testaman ” an toujou itil ?
NAN ane 1786, te gen yon doktè fransè ki te pibliye yon liv ki rele Traité d ’anatomie et de physiologie. Se yon liv ki pale sou fason sistèm nè nou yo fòme, e yo konsidere l kòm liv ki pi egzak ki te fèt sou sijè sa a pou epòk la. Se pa yon liv ki fasil pou moun jwenn, men pa gen lontan yo te vann youn pou plis pase 27 mil dola ameriken. Sepandan, jodi a, pa gen anpil malad ki t ap met konfyans yo nan yon chirijyen ki sèvi ak rechèch medikal ki nan liv sa a ki la depi plizyè syèk. Byenke li gen yon valè istorik e li gen yon valè literè, li pa kapab ede moun ki malad jodi a.
Gen anpil moun ki konsidere Ansyen Testaman an menm jan an tou. Yo apresye istwa li rakonte sou pèp Izrayèl la e yo renmen bèl pwezi li gen ladan l. Men, yo pa panse li rezonab pou yon moun suiv enstriksyon ki nan yon liv ki gen plis pase 2 400 an depi l egziste. Jodi a, konesans moun genyen nan domèn lasyans, fason moun fè komès e menm fason fanmi yo viv vin diferan anpil parapò ak jan sa te ye nan epòk yo te ekri Bib la. Men sa Philip Yancey, yon redaktè ki te konn ekri pou yon jounal ki rele Christianity Today, te di konsènan Ansyen Testaman an nan yon liv li te ekri : “ Li pa toujou gen sans, e lè l gen yon sans se nui li nui zòrèy moun nan epòk nou an. Se pou rezon sa yo ak lòt rezon ankò ki fè anpil moun prèske pa li Ansyen Testaman an ki reprezante twaka nan Bib la. ”(The Bible Jesus Read). Opinyon sa a pa fèk parèt.
Mwens pase 50 an apre apot Jan te mouri, ozanviwon ane 100 nan epòk nou an, te gen yon jenòm rich ki rele Masyon ki te konn di an piblik kretyen yo ta dwe rejte Ansyen Testaman an. Selon yon istoryen anglè ki rele Robin Lane Fox, Masyon te konn ap di “ ‘ Bondye ’ ki nan Ansyen Testaman an se yon ‘ dye fewòs ’ ki te konn soutni bandi e ki te konn soutni teworis tankou David ki te wa ann Izrayèl. Tandiske Kris te prezante yon lòt Bondye ki totalman siperyè. ” Fox fè konnen “ yo vin rele kwayans sa yo ‘ masyonis ’ e rive jis nan yon bon pati nan katriyèm syèk la, gen moun ki te kontinye adopte yo, sitou nan Lès kote yo pale lang siryak. ” Jiska prezan gen moun ki gen kèk nan kwayans sa yo. Se sa k fè, dapre Philip Yancey, plis pase 1600 an apre Masyon, “ konesans konsènan Ansyen Testaman an ap diminye rapidman pami kretyen yo e moun nan sosyete modèn nan prèske pa konn anyen sou Ansyen Testaman an. ”
Men, èske Nouvo Testaman an ranplase Ansyen Testaman an ? Èske “ Jewova Chèf lame yo ” yo mansyone nan Ansyen Testaman an se menm “ Bondye lanmou an, Bondye lapè a ” yo mansyone nan Nouvo Testaman an (Izayi 13:13 ; 2 Korentyen 13:11) ? Èske w ka tire pwofi nan Ansyen Testaman an jodi a ?