Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Papa nou gen mizèrikòd ”

“ Papa nou gen mizèrikòd ”

“ Papa nou gen mizèrikòd ”

“ Kontinye montre nou gen mizèrikòd, menm jan Papa nou gen mizèrikòd. ” — LIK 6:36.

1, 2. Ki jan pawòl Jezi te di eskrib yo, Farizyen yo ak disip li yo demontre mizèrikòd se yon bèl kalite ?

LWA Bondye te bay Izrayelit yo pa mwayen Moyiz la te gen anviwon 600 lwa ak règ ladan l. Byenke li te nesesè pou yo aplike sa Lalwa mande, li te enpòtan anpil tou pou yo demontre mizèrikòd. Annou konsidere sa Jezi te di Farizyen yo ki te manke mizèrikòd. An de fwa, li te reprimande yo e li te fè yo sonje Bondye te di ‘ li vle mizèrikòd e non pa sakrifis ’. (Matye 9:10-13 ; 12:1-7 ; Ocheya 6:6.) Nan fen ministè Jezi, li te di : “ Malè pou nou, nou menm eskrib ak Farizyen, ipokrit ! Paske n ap bay dizyèm nan mant, nan lanni ak nan kimen, men, nou meprize pwen ki pi enpòtan nan Lalwa a, anpalan de jistis, mizèrikòd ak fidelite. ” — Matye 23:23.

2 Pa gen dout nan sa, Jezi te bay mizèrikòd yon pakèt valè. Men sa l te di disip li yo : “ Kontinye montre nou gen mizèrikòd, menm jan Papa nou gen mizèrikòd. ” ​(Lik 6:36). Sepandan, si nou ta renmen “ vin imitatè Bondye ” nan sans sa a, nou bezwen konnen ki sa vrè mizèrikòd la ye (Efezyen 5:1). Anplis, lè nou konprann byenfè mizèrikòd ka pote, sa ap ede nou manifeste kalite sa a plis toujou nan lavi nou.

Yo demontre mizèrikòd anvè moun ki defavorize

3. Poukisa nou ta dwe konsidere Jewova kòm egzanp pou nou ka aprann ki sa vrè mizèrikòd la ye ?

3 Men sa yon salmis te di nan yon chante : “ Jewova gen konpasyon e li gen mizèrikòd, li pa prese fè kòlè e li gen anpil bonte ki plen lanmou. Jewova bon anvè tout moun, e li montre mizèrikòd anvè tout sa l fè. ” ​(Sòm 145:8, 9). Jewova se “ Papa ki gen kè sansib la, Bondye konsolasyon an ”. (2 Korentyen 1:3.) Yon moun ka demontre li gen mizèrikòd lè l trete lòt moun avèk konpasyon. Mizèrikòd se yon aspè enpòtan nan pèsonalite Bondye. Nou ka aprann ki sa vrè mizèrikòd la ye grasa egzanp Bondye ban nou e grasa enstriksyon li ban nou.

4. Ki sa Izayi 49:15 aprann nou sou mizèrikòd ?

4 Men sa Jewova di nan Izayi 49:15 : “ Èske yon madanm ka bliye pitit li ki nan tete, pou l pa ta gen pitye pou pitit gason ki sot nan vant li an ? ” Mo ebre yo itilize nan vèsè sa a yo mete “ pitye ” pou yo tradui l la, yo sèvi ak mo ki pwòch avèk li nan Sòm 145:8, 9 e yo mete mizèrikòd pou yo tradui yo. Santiman Jewova genyen ki fè l gen mizèrikòd la sanble ak santiman afeksyon yon manman ki nouris genyen tou natirèlman pou pitit li. Lè tibebe a grangou, oswa li bezwen yon lòt bagay, konpasyon oswa pitye manman an genyen pouse l pran swen bebe a. Jewova gen menm santiman sa a pou moun li fè mizèrikòd yo.

5. Ki jan Jewova te montre li “ rich an mizèrikòd ” anvè Izrayèl ?

5 Gen konpasyon nan kè nou se youn, men kite konpasyon sa a pouse nou aji pou byen moun ki gen pwoblèm nan, se yon lòt bagay. Annou konsidere fason Jewova te reyaji lè adoratè l yo te ann esklavaj nan peyi Ejip, sa gen anviwon 3 500 an. Men sa l te di Moyiz : “ Vrèmanvre, mwen wè tray pèp mwen an ki ann Ejip, e mwen tande rèl yo akoz moun k ap fòse yo travay, paske mwen byen konnen doulè y ap sibi yo. Se pou sa m ap desann vin delivre yo anba men Ejipsyen yo e m ap mennen yo sot nan peyi sa a pou y al nan yon peyi ki bon e ki vas, yon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule. ” ​(Egzòd 3:7, 8). Anviwon 500 an apre Jewova te fin delivre Izrayelit yo nan peyi Ejip, men sa l te fè yo sonje : “ Se mwen ki te fè Izrayèl soti Ejip e ki te delivre nou ni anba men Ejip ni anba men tout lòt wayòm ki t ap toupizi nou yo. ” ​(1 Samyèl 10:18). Lefètke Izrayelit yo te devye kite prensip Bondye yo ki jis, sa te fè souvan yo te konn tonbe nan gwo pwoblèm. Sepandan, Jewova te santi l gen konpasyon pou yo e li te toujou ede yo (Jij 2:11-16 ; 2 Kwonik 36:15). Sa montre aklè ki jan Bondye lanmou an santi l parapò ak moun ki nan sitiyasyon ki difisil, ki an danje oswa ki nan pwoblèm. Jewova “ rich an mizèrikòd ”. — Efezyen 2:4.

6. Ki jan Jezi te imite Papa l nan fason li te demontre mizèrikòd ?

6 Lè Jezi te sou tè a, li te imite Papa l yon fason ki pafè nan fason l te demontre mizèrikòd. Ki jan Jezi te reyaji lè te gen de avèg ki te sipliye l konsa : “ Seyè, Pitit David la, gen pitye pou nou ” ? Yo t ap sipliye Jezi pou l fè yon mirak pou l fè yo wè. Jezi te fè sa, men li pa t annik fè mirak la yon fason ki montre li pa t gen okenn santiman pou moun yo. Selon Labib : “ Jezi te pran pitye pou yo, li te touche je yo e menm kote a yo te wè e yo te suiv li. ” ​(Matye 20:30-34). Lefètke Jezi te pran pitye pou moun, sa te fè l fè anpil mirak pou l geri moun ki te avèg, pou l retire demon sou moun ki te gen demon sou yo, pou l geri moun ki te gen lèp e pou l soulaje paran ki te gen pitit yo ki malad. — Matye 9:27 ; 15:22 ; 17:15 ; Mak 5:18, 19 ; Lik 17:12, 13.

7. Ki sa egzanp Jewova Dye ak egzanp Pitit li a aprann nou konsènan mizèrikòd ?

7 Egzanp Jewova ak egzanp Jezi Kris montre nou mizèrikòd gen de aspè : li gen konpasyon, senpati oswa pitye pou moun ki gen pwoblèm e li gen aksyon ki pote soulajman pou moun sa a. Pou yon moun gen mizèrikòd, sa mande pou l manifeste toule de aspè sa yo. An jeneral, nan Labib, mizèrikòd gen rapò ak aksyon moun poze ki demontre konsiderasyon ak jantiyès anvè moun ki defavorize. Men, kòman mizèrikòd ka parèt nan yon jijman ? Èske gen sitiyasyon kote mizèrikòd ka mande pou yon moun pa aji jan li ta dwe aji, pa egzanp pou l pa bay yon moun pinisyon li merite ?

Papa nou demontre mizèrikòd pou moun ki te peche

8, 9. Jan nou wè sa nan ka David lè l te peche ak Batcheba a, ki sa mizèrikòd gen ladan l ?

8 David, yon wa nan Izrayèl tan lontan an, te komèt adiltè ak Batcheba. Ann gade sa k te rive apre pwofèt Natàn te fin pale avèk li sou sa. David te repanti e li te fè priyè sa a : “ Fè m favè, o Bondye, selon bonte w ki plen lanmou. Selon anpil mizèrikòd ou genyen, efase transgresyon m yo. Lave m byen lave pou w wete fot mwen fè a. Pwòpte m pou w wete peche m. Paske, transgresyon m yo, mwen menm mwen konnen yo. E se tout tan peche m nan devan m. Se kont ou menm sèl mwen peche, e sa ki mal nan je w, se sa mwen te fè. ” — Sòm 51:1-4.

9 David te regrèt anpil. Jewova te padone l pou peche l la e li pa t bay David ak Batcheba pinisyon yo te merite a. Selon Lwa Moyiz la, yo te dwe touye ni David ni Batcheba (Detewonòm 22:22). Byenke yo te kontinye viv, yo pa t chape anba tout konsekans peche yo a te genyen (2 Samyèl 12:13). Mizèrikòd Bondye genyen fè l padone peche. Sepandan, sa pa vle di li pap bay yon moun pinisyon pou sa l fè.

10. Byenke Jewova demontre mizèrikòd lè l ap jije, poukisa nou pa ta dwe sipoze l ap fè nou mizèrikòd ?

10 Piske “ akoz yon sèl òm [Adan] peche antre nan monn nan ” e “ salè peche peye se lanmò ”, pa gen moun ki pa merite lanmò (Women 5:12 ; 6:23). Donk, se pa ti rekonesan nou rekonesan lefètke Jewova fè nou mizèrikòd lè l ap jije nou ! Sepandan, nou ta dwe fè atansyon pou nou pa sipoze Jewova ap fè nou mizèrikòd. Detewonòm 32:4 fè nou konnen “ tout chemen [Jewova yo] se jistis ”. Lè Jewova chwazi demontre mizèrikòd, li pa pase sou prensip jis li yo ki pafè.

11. Ki jan Jewova te montre l respekte jistis li nan fason l te trete David pou peche l te fè ak Batcheba a ?

11 Nan ka David ak Batcheba a, anvan pou Jewova te retire kondanasyon amò a sou tèt yo, li te dwe padone peche yo a. Ann Izrayèl, jij yo pa t gen pouvwa pou yo te fè sa. Si se yo ki te jije ka a, yo pa t ap gen lòt chwa, yo t ap oblije kondane yo amò, paske se sa Lalwa te mande. Sepandan, lefètke Jewova te fè yon alyans avèk David, li te chèche wè si te gen yon rezon pou l padone peche David la (2 Samyèl 7:12-16). Se pou rezon sa a, Jewova, “ Jij tout tè a ”, li menm ki konn “ egzamine kè ” moun, te chwazi pou l jije sitiyasyon an pèsonèlman (Jenèz 18:25 ; 1 Kwonik 29:17). Li te gen kapasite pou l byen analize kè David, pou l wè si l repanti toutbonvre e pou l padone l.

12. Ki jan lèzòm ki enpafè kapab jwenn mizèrikòd Bondye ?

12 Mizèrikòd Jewova demontre anvè nou lefètke l pèmèt nou libere anba kondanasyon amò pou peche nou eritye a ann akò avèk jistis li. Pou Jewova te ka padone peche nou san l pa pase sou prensip jis li yo, li te bay sakrifis ranson Jezi Kris la, Pitit li a, e se pi gwo fason li te montre mizèrikòd li (Matye 20:28 ; Women 6:22, 23). Pou nou jwenn mizèrikòd Bondye ki kapab fè nou chape anba lanmò akoz peche nou eritye a, nou dwe “ egzèse lafwa nan Pitit la ”. — Jan 3:36.

Bondye gen mizèrikòd ak jistis

13, 14. Èske mizèrikòd Bondye tanpere jistis li ? Esplike.

13 Byenke Jewova gen mizèrikòd, sa pa fè l pase sou prensip jis li yo. Men, èske mizèrikòd li gen yon enfliyans sou jistis li ? Èske lefètke Bondye gen mizèrikòd, sa limite efè jistis li, sètadi sa tanpere jistis sa a ? Non.

14 Pa mwayen pwofèt Ocheya, Jewova te di Izrayelit yo pawòl sa yo : “ M ap fè w fiyanse avè m pou toutan, m ap fè w fiyanse avè m avèk ladwati, avèk jistis, avèk bonte ki plen lanmou e avèk mizèrikòd. ” ​(Ocheya 2:19). Pawòl sa yo montre aklè fason Jewova demontre mizèrikòd li toujou ann amoni ak lòt kalite li genyen yo, san wete jistis. Jewova se yon “ Bondye ki gen mizèrikòd ak konpasyon, [...] ki padone fot, ki padone bagay mal, e ki padone peche. Men nan okenn ka li pap egzante moun pinisyon. ” ​(Egzòd 34:6, 7). Jewova se yon Bondye ki gen mizèrikòd e ki gen jistis. Men sa Labib di konsènan Bondye : “ Wòch la, travay li bon nèt, paske tout chemen l se jistis. ” ​(Detewonòm 32:4). Jistis Bondye pafè e mizèrikòd li pafè tou. Pa gen youn nan kalite sa yo ki siperyè lòt, ni pa gen youn ki bezwen lòt la pou tanpere efè l genyen. Men, toule de kalite sa yo gen yon amoni ki pafè ki egziste antre yo.

15, 16. a) Ki sa k montre nou Bondye pa egzèse jistis li yon fason ki di ? b) Ki asirans sèvitè Jewova yo ka genyen konsènan jijman Jewova pral egzekite kont sistèm mechan sa a ?

15 Jewova pa manifeste jistis li yon fason ki di. An jeneral, jistis makònen ak lalwa, e souvan lè yo fin jije yon moun ki fè sa k mal, yo ba l pinisyon l merite a. Sepandan, jistis Bondye ka fè l sove moun ki merite sa. Pa egzanp, lè destriksyon mechan yo nan vil Sodòm ak Gomò, Bondye te fè Lòt, yon patriyach, ak de pitit fi l yo chape. — Jenèz 19:12-26.

16 Nou ka gen asirans lè Jewova pral egzekite jijman l sou sistèm mechan sa a, “ gwo foul ” vrè adoratè yo, ki “ lave wòb yo e [ki] blanchi yo nan san Timouton an ” ap chape. Pakonsekan, yo pral “ soti nan gwo tribilasyon an ”. — Revelasyon 7:9-14.

Poukisa nou dwe gen mizèrikòd ?

17. Bay youn nan rezon prensipal ki fè nou bezwen gen mizèrikòd.

17 Vrèman, egzanp Jewova ak egzanp Jezi Kris aprann nou ki sa vrè mizèrikòd la ye. Nou jwenn youn nan prensipal rezon ki fè nou dwe gen mizèrikòd la nan Pwovèb 19:17. Men sa l di : “ Moun ki fè piti a favè, se prete li prete Jewova, e jan l trete l la, L ap remèt li l. ” Lè nou montre nou gen mizèrikòd nan fason nou boule youn ak lòt, nou imite Jewova e nou imite Pitit li a, e sa fè kè Jewova kontan (1 Korentyen 11:1). Anplis, sa ankouraje lòt moun pou yo gen mizèrikòd, paske lè nou fè lòt moun mizèrikòd y ap fè nou mizèrikòd tou. — Lik 6:38.

18. Poukisa nou ta dwe fè efò pou nou gen mizèrikòd ?

18 Mizèrikòd se yon melanj plizyè kalite, tankou konpasyon, lanmou, byenveyans ak bonte. Konpasyon oswa senpati yon moun genyen ap pouse l fè aksyon ki demontre mizèrikòd. Byenke mizèrikòd Bondye pa fè l pase sou prensip li yo ki jis, Bondye pa prese fè kòlè e avèk pasyans, li bay moun ki peche yo ase tan pou yo repanti (2 Pyè 3:9, 10). Konsa, mizèrikòd makònen ak pasyans. Piske mizèrikòd se melanj yon pakèt bèl kalite, e plizyè nan kalite sa yo soti nan fwi lespri a, lè nou kiltive mizèrikòd, sa ban nou okazyon pou nou kiltive kalite sa yo (Galat 5:22, 23). Vrèman, li enpòtan pou nou kiltive mizèrikòd.

“ Byennere moun ki gen mizèrikòd ”

19, 20. Nan ki sans mizèrikòd kontan triyonfe sou jijman ?

19 Disip Jak ban nou rezon ki fè mizèrikòd ta dwe jwe yon wòl esansyèl nan lavi nou. Men sa l te ekri : “ Mizèrikòd kontan triyonfe sou jijman. ” ​(Jak 2:13b). La a, Jak t ap pale de mizèrikòd yon adoratè Jewova manifeste anvè lòt moun. Mizèrikòd kontan triyonfe sou jijman lefètke, lè moman an rive pou yon moun ‘ rann Bondye kont pou tèt li ’, Jewova pral konsidere aksyon li te fè avèk mizèrikòd yo e l ap padone l sou baz sakrifis Pitit li a (Women 14:12). Pa gen dout nan sa, youn nan rezon ki fè Jewova te fè David mizèrikòd lè l te peche ak Batcheba a se paske David li menm te gen mizèrikòd (1 Samyèl 24:4-7). Sepandan, “ y ap jije moun ki pa pratike mizèrikòd san mizèrikòd ”. (Jak 2:13a.) Donk, nou ka konprann poukisa yo mete moun “ ki san pitye ” yo pami moun Bondye konsidere ki “ merite lanmò ”. — Women 1:31, 32.

20 Men sa Jezi te di nan Sèmon li te fè sou montay la : “ Byennere moun ki gen mizèrikòd, paske y ap fè yo mizèrikòd. ” ​(Matye 5:7). Èske pawòl sa yo pa montre byen klè moun ki ta renmen Bondye fè yo mizèrikòd ta dwe fè lòt moun mizèrikòd tou ? Atik ki vin apre a pral montre ki jan nou ka manifeste mizèrikòd nan lavi nou chak jou.

Ki sa nou sot aprann ?

• Ki sa mizèrikòd ye ?

• Ki jan yo manifeste mizèrikòd ?

• Nan ki sans Jewova se yon Bondye ki gen mizèrikòd ak jistis ?

• Poukisa nou ta dwe fè lòt moun mizèrikòd ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 8]

Afeksyon Jewova genyen pou moun ki defavorize sanble ak afeksyon yon manman gen pou pitit li.

[Foto nan paj 10]

Ki sa mirak Jezi te fè yo aprann nou sou mizèrikòd ?

[Foto nan paj 11]

Èske Jewova te pase sou jistis li lè l te fè David mizèrikòd ?

[Foto nan paj 12]

Mizèrikòd Bondye demontre anvè lèzòm ki pechè ann akò avèk jistis li.