Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Nan tan biblik yo, Jewova te bay sèvitè l yo “ delivrans ”

Nan tan biblik yo, Jewova te bay sèvitè l yo “ delivrans ”

Nan tan biblik yo, Jewova te bay sèvitè l yo “ delivrans ”

“ Prese vin delivre m’ ! Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen [...], Seyè ! ” — SÒM 70:5.

1, 2. a) Ki lè sèvitè Jewova yo kapab mande l èd ? b) Ki kesyon sa soulve e ki kote nou kapab jwenn repons lan ?

TE GEN yon dam marye ki gen 23 an ki te disparèt. Pou tout moun se te yon mistè. Paran jèn fi sa a te aprann sa pandan yo te an vakans. Tout moun te sispèk yo te touye l. Pandan paran jèn fi a te nan wout ap tounen lakay yo, yo te sipliye Jewova pou l ede yo. Gen yon Temwen ki gen 20 an ki aprann li gen yon maladi grav k ap paralize l nèt rive yon lè. Tousuit apre li fin aprann sa, li kòmanse priye Jewova. Gen yon manman k ap leve pitit li poukont li k ap chèche travay e ki pa gen ase lajan pou l achte manje pou tèt li ak pitit fi l ki gen 12 an. Li priye Jewova ak tout kè l. Egzanp sa yo montre lè moun k ap adore Bondye yo jwenn pwoblèm nan lavi a, nòmalman, se li menm yo mande èd. Èske sa rive w deja pou w rele Jewova nan yon moman ou te vrèman bezwen èd ?

2 Sa soulve yon kesyon enpòtan : Èske nou vrèman kapab atann pou Jewova reponn priyè nou yo ? Nan Sòm 70, nou jwenn repons lan, yon repons k ap fòtifye lafwa nou. Sòm sa a, se David, yon adoratè Jewova fidèl, ki te ekri l. Li te rankontre anpil gwo pwoblèm nan lavi l. Anba enspirasyon, li te santi l pouse pou l di Jewova pawòl nou pral site la yo : “ Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen. ” ​(Sòm 70:5). Nou pral egzamine sòm sa a, e konsa, n ap wè rezon ki fè nou kapab mande Jewova èd li lè nou gen pwoblèm ak rezon ki fè nou kapab gen konfyans l ap ban nou “ delivrans ”.

“ Se ou ki tout delivrans mwen ”

3. a) Nan Sòm 70, ki rèl David te fè pou l mande èd ? b) Ki asirans li te montre li genyen nan sòm sa a ?

3 Sòm 70 la kòmanse ak yon rèl ki fèt pou mande Bondye èd e li fini avè l. (Li Sòm 70:1-5.) David sipliye Jewova pou l “ prese ” vin delivre l. Nan sòm sa a David fè Jewova konnen plizyè bagay li ta renmen l fè pou li. Li mande l pou l venk ènmi l yo e pou l fè yo wont akoz mechanste yo. Li pale tou konsènan pèp Bondye a. Li priye pou moun k ap chèche Jewova yo rejwi e pou yo ba l glwa. Nan fen sòm nan li pale ak Jewova, li di l : “ Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen. ” W ap remake David pa t di “ se pou w montre ou se ” sekou mwen, kòmsi se mande li t ap mande Jewova sa. Men, li te di pito “ se ou ki tout sekou mwen ”. Konsa, li te montre li te gen konfyans nan li. Li te montre li gen asirans l ap jwenn èd nan men l.

4, 5. Ki sa Sòm 70 la aprann nou konsènan David, e ki konfyans nou kapab genyen ?

4 Ki sa Sòm 70 la montre konsènan David ? Lè te gen kèk ènmi l ki te detèmine pou yo pran lavi l, li te deside li pa t ap regle sa poukont li. Olye de sa, li te met konfyans li nan Jewova, paske li te konnen, Jewova t ap koresponn ak yo fason pa l e nan moman li chwazi a (1 Sam. 26:10). Li te kontinye gen asirans Jewova ede moun k ap chèche l e li delivre yo (Ebre 11:6). Li te kwè adoratè Jewova yo gen tout rezon pou yo rejwi e pou yo ba L glwa lè yo pale lòt moun de grandè l. — Sòm 5:11 ; 35:27.

5 Menm jan ak David, nou kapab gen konfyans Jewova ap ede nou e l ap pote “ delivrans ” pou nou. Se sa k fè, lè nou anba gwo eprèv e nou vrèman bezwen yon moun pou ede nou, nou kapab priye l pou l prese vin pote nou sekou (Sòm 71:12). Men, ki jan Jewova ka reponn priyè nou fè pou nou mande l èd ? Anvan nou egzamine ki jan Jewova ka ede nou, annou wè twa fason li te delivre David nan moman li te vrèman bezwen sa.

Li te jwenn delivrans anba men ènmi l yo

6. Ki jan David te fè konnen Jewova delivre moun ki jis yo ?

6 Dapre sa ki te deja ekri nan Pawòl Bondye a nan epòk sa a, David te konnen moun ki jis yo kapab konte sou Jewova pou l ede yo. Lè Jewova te fè delij la pou l te detwi yon monn ki pa t respekte prensip li yo, li te sove Noye ak fanmi l ki te gen lakrentif pou li (Jen. 7:23). Lè li te fè dife ak souf sot nan syèl la tonbe sou moun ki t ap viv Sodòm ak Gomò yo, yon seri moun ki te mechan, li te ede Lòt, yon nonm ki jis, ak de pitit fi l yo sove lavi yo (Jen. 19:12-26). Lè Jewova te detwi Farawon, yon dirijan ki te ògeye, ansanm ak tout fòs militè l yo nan lanmè Wouj, li te pwoteje pèp li a. Konsa, li te delivre yo pou yo pa t peri (Egz. 14:19-28). Èske sa etone nou lefètke David louwe Jewova nan yon lòt sòm kote li di “ Bondye sa a se Bondye delivrans nou ” ? — Sòm 68:20.

7-9. a) Ki lòt rezon David te genyen ki fè l te gen konfyans Bondye ka sove sèvitè l yo ? b) Kiyès David di ki te delivre l ?

7 David te gen yon lòt rezon ankò ki fè li te met tout konfyans li nan kapasite Jewova genyen pou l sove sèvitè l yo. Li te viv pèsonèlman ki jan Jewova kapab delivre sèvitè l yo grasa “ pouvwa li ki p’ap janm fini ”. (Det. 33:27.) Jewova te delivre l “ anba lènmi ” l yo ki te mechan e li te fè sa nan plizyè okazyon (Sòm 18:17-19, 48). Men yon egzanp.

8 Lè medam nan peyi Izrayèl yo t ap fè lwanj pou David pou sa l te reyalize antanke sòlda, wa Sayil te tèlman vin jalou, li te tire lans li a dèyè David an de fwa (1 Sam. 18:6-9). Nan tou de okazyon sa yo, lans lan pa t rive pran David. Èske se paske li te yon sòlda ki fò, ki rapid e ki gen eksperyans ki fè li te rive chape kò l ? Non. Bib la montre se Jewova ki te “ kanpe avèk li ”. (Li 1 Samyèl 18:11-14.) Apre sa, lè plan Sayil te fè pou Filisten yo touye David la pa t mache, li te “ vin konprann ” Jewova “ te avèk David ”. — 1 Sam. 18:17-28.

9 Kiyès David te di ki te delivre l ? Men sa ki di nan ti nòt ki ekri anlè Sòm 18 la : “ Se chante sa a David [...] te chante pou Bondye lè Bondye te delivre l anba Sayil. ” David te fè konnen santiman l nan yon chante, li te di : “ Se ou menm ki twou wòch kote m kache a. Se ou menm ki sèvi m ranpa. Se ou menm ki delivre m. Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m’. ” ​(Sòm 18:2). Èske sa pa fòtifye lafwa nou lefètke nou konnen Jewova kapab delivre sèvitè l ? — Sòm 35:10.

Jewova te soutni l lè l te malad kouche

10, 11. Ki sa ki ede nou konprann ki lè David te vin malad grav jan yo di sa nan Sòm 41 an ?

10 Gen yon lè, wa David te malad grav. Li te pran kabann pandan yon tan. Yo pale de sa nan Sòm 41 an. Li te tèlman malad grav, gen nan ènmi l yo ki te panse “ nanpwen leve pou li ankò ”. (Vèsè 7, 8.) Ki lè David te malad grav konsa a ? Dapre sa ki di nan kontèks sòm sa a, sanble se te lè Absalòm, pitit gason l lan, t ap eseye pran wayòm nan nan men l. Se te yon peryòd nan lavi David kote l te jwenn anpil presyon. — 2 Sam. 15:6, 13, 14.

11 Pa egzanp, David pale de yon zanmi li te fè konfyans ki te konn manje ansanm avè l ki te trayi l (Vèsè 9). Petèt sa kapab raple w yon bagay ki te rive l. Pandan rebelyon Absalòm nan, Ayitofèl, yon konseye l li te fè konfyans, te trayi l e li te soutni Absalòm nan rebelyon li te fè kont wa a (2 Sam. 15:31 ; 16:15). Imajine wa a ki kouche malad nan kabann, ki pa gen fòs pou l kanpe e ki gen yon bann moun toutotou l k ap fè konplo pou yo touye l, yon fason pou yo ka reyalize plan mechan yo genyen yo. — Vèsè 5.

12, 13. a) Ki asirans David te montre li genyen ? b) Ki jan Jewova sanble te ba l fòs ?

12 Konfyans David te genyen nan Sila ki te kapab pote “ delivrans ” pou li a pa t brannen. Anpalan de yon sèvitè Bondye ki jis ki malad, men sa David di : “ Seyè a va delivre l’ lè la nan tray. Seyè a va ba l’ fòs lè maladi fè l’ pran kabann. Seyè a va ba l’ gerizon lè li malad kouche. ” ​(Sòm 41:1, 3). La a tou, w ap remake David te gen konfyans nan Jewova, paske l te di : “ Seyè a va ba l’ fòs. ” Li te sèten Jewova t ap pote delivrans pou li. Men, ki jan Jewova t apral fè sa ?

13 David pa t atann pou Jewova fè yon mirak pou l geri maladi l la. Okontrè, li te sèten Jewova t ap “ ba l’ fòs ” pandan l te kouche malad. Li te vrèman bezwen èd sa a. Nonsèlman li te gen yon maladi ki te fè l fèb, men tou, li te gen yon bann ènmi toutotou l ki t ap pale l mal (Vèsè 5, 6). Sanble Jewova te mete bèl panse rekonfòtan nan lespri David pou l te ka ba l fòs. W ap remake David te di : “ W’ap soutni m’, paske mwen pa fè anyen ki mal. ” ​(Vèsè 12). Byenke David te febli akoz maladi l te genyen an e ènmi l yo t ap pale l mal, li posib li te jwenn fòs tou lè l te sonje Jewova te konsidere l kòm yon moun ki pa t fè anyen ki mal, sètadi kòm yon moun ki te entèg. Finalman, David te geri anba maladi a. Èske sa pa rekonfòtan pou nou konnen Jewova kapab bay moun ki malad yo fòs ? — 2 Kor. 1:3.

Li te jwenn manje ak bagay pou l bwè

14, 15. Ki lè David ak mesye l yo te grangou e yo te swaf e ki èd yo te jwenn ?

14 Lè David te vin wa ann Izrayèl, li te gen bon manje pou l manje ak bon bagay pou l bwè. Li te kapab menm envite anpil moun vin manje avè l (2 Sam. 9:10). Men, li te konnen tou sa sa vle di pou yon moun grangou e pou l swaf. Lè Absalòm, pitit li, te òganize yon rebelyon kont li e li te chèche pran wayòm nan nan men l, David ak kèk zanmi l ki te fidèl ak li te kite Jerizalèm. Yo t al nan peyi Gileyad, yon zòn ki te alès rivyè Jouden an (2 Sam. 17:22, 24). Etandone David ak mesye l yo te nan mawon e yo te oblije ap deplase toutan, rive yon lè, nonsèlman yo te bezwen manje pou yo manje ak bagay pou yo bwè, men tou, yo te bezwen repoze yo. Sepandan, ki kote yo t apral jwenn bagay sa yo nan zòn sa a ?

15 Finalman, yo te rive nan yon vil yo rele Maranayim. Nan vil sa a, yo te rankontre twa mesye ki te mete kouraj sou yo pou ede yo : Chobi, Maki ak Bazilayi. Yo te dispoze met vi yo an danje pou yo ede wa Bondye te chwazi a. Si Absalòm te reyisi pran wayòm nan, se sèten li t ap pini nenpòt moun ki te soutni David e li t ap fè sa avèk raj. Twa mesye sa yo ki te fidèl anvè David te rekonèt nan ki sitiyasyon David ak mesye l yo te ye. Se sa k fè yo te pote kèk bagay pou yo tankou bagay pou yo kouche, ble, lòj, grenn griye, ti pwa, gwo pwa, siwo myèl, bè ak mouton. (Li 2 Samyèl 17:27-29.) Twa mesye sa yo te montre yon fidelite estrawòdinè anvè David e yo te vrèman pran ka l. Sa dwe te touche kè l. David pa t ap janm ka bliye sa yo te fè pou li.

16. Anfèt, kiyès ki te bay David ak mesye l yo sa yo te bezwen pou yo manje e pou yo bwè ?

16 Men, anfèt, kiyès ki te bay David ak mesye l yo sa yo te bezwen pou yo manje e pou yo bwè ? David te kwè ak tout kè l Jewova pran swen pèp li. Se sèten, Jewova kapab pouse sèvitè l yo pou yo ede yon lòt sèvitè parèy yo ki nan bezwen. Lè David te reflechi sou sa k te pase nan peyi Gileyad la, se sèten li te rive konprann se Jewova ki te sèvi ak twa mesye sa yo pou l te pran swen l avèk amou. Men sa li te ekri nan fen lavi l : “ Depi mwen timoun jouk mwen vin granmoun, mwen pa janm wè Bondye lage yon moun [David tou] ki mache dwat, ni mwen pa janm wè pitit pitit li yo ap mande charite. ” ​(Sòm 37:25). Èske sa pa rekonfòtan pou n konnen Jewova ap toujou bay sèvitè l yo sa yo bezwen pou yo manje ak sa yo bezwen pou yo bwè ? — Pwo. 10:3.

Jewova “ konnen ki jan pou l’ delivre moun k’ap sèvi l’ yo ”

17. Ki sa Jewova demontre plizyè fwa ?

17 Nan tan biblik yo, Jewova te delivre yon pakèt sèvitè l, e David se te youn nan yo. Pyè te di : “ Bondye konnen ki jan pou l’ delivre moun k’ap sèvi l’ yo. ” ​(2 Pyè 2:9). Depi nan epòk David la, plizyè fwa, Jewova montre pawòl Pyè te di yo se verite. Annou konsidere de lòt egzanp.

18. Ki jan Jewova te bay delivrans nan epòk Izkiya a ?

18 Nan uityèm syèk anvan epòk nou an, lè lame asiryen an, yon lame ki te pisan anpil, te anvayi Jida e li t ap menase Jerizalèm, wa Izkiya te priye konsa : “ Seyè, Bondye nou an, tanpri, delivre nou [...], pou tout nasyon ki sou latè ka konnen se ou menm sèl, Seyè, ki Bondye. ” ​(Iza. 37:20). Sa k te pi enpòtan pou Izkiya se te non Bondye ak repitasyon l. Jewova te reponn priyè l la, yon priyè li te fè ak tout kè l. Nan yon sèl nuit, gen yon sèl zanj ki te touye 185 000 Asiryen. Konsa sèvitè fidèl Jewova yo te jwenn delivrans anba men Asiryen yo. — Iza. 37:32, 36.

19 Ki avètisman premye kretyen yo te koute ki te pèmèt yo chape anba yon kalamite ?

19 Kèk jou anvan Jezi te mouri, li te bay disip li yo ki te nan Jide yon avètisman pou byen yo. (Li Lik 21:20-22.) Plizyè dizèn ane te pase, men nan ane 66 epòk nou an, lame women an te vin Jerizalèm paske Juif yo te fè yon revòl. Lame Sestiyis Galis t ap kòmande a te rive andomaje yon pati nan fondasyon miray tanp lan, men, bridsoukou, yo te kite vil la. Kretyen fidèl yo te kouri kite vil la al nan mòn, paske yo te konprann se te yon okazyon ki te prezante pou yo chape anba destriksyon Jezi te anonse a. Men, nan ane 70 epòk nou an, lame women an te tounen ankò. Fwa sa a, yo pa t kite Jerizalèm, yo te detwi vil la nèt. Kretyen ki te koute avètisman Jezi a te sove anba kalamite terib sa a. — Lik 19:41-44.

20. Sa k fè nou ka gen konfyans Jewova ka ban nou “ delivrans ” ?

20 Lè nou medite sou prèv ki montre Jewova ede pèp li a, sa ranfòse lafwa nou. Sa l te fè nan tan lontan fè nou gen konfyans nan li. Kèlkeswa pwoblèm nou genyen kounye a oswa pwoblèm nou kapab rankontre alavni, nou menm tou nou kapab gen asirans Jewova ap ban nou “ delivrans ”. Sepandan, ki jan Jewova kapab ban nou delivrans ? Ki jan sa te pase pou moun nou te pale de yo nan kòmansman atik sa a ? N ap wè sa nan atik ki vin apre a.

Èske nou sonje ?

• Nan ki sa Sòm 70 ede nou gen konfyans ?

• Ki sa ki te fòtifye David lè l te malad ?

• Ki egzanp ki montre Jewova kapab delivre pèp li a anba opozan yo ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 6]

Jewova te reponn priyè Izkiya te fè a.