Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon sèl bann mouton ak yon sèl Gadò

Yon sèl bann mouton ak yon sèl Gadò

Yon sèl bann mouton ak yon sèl Gadò

“Nou menm ki te suiv mwen, n ap chita tou sou douz twòn pou nou jije douz tribi Izrayèl yo.” —MAT. 19:28, NW.

1. Ki jan Jewova te trete desandan Abraram yo, men, poukisa sa pa vle di li pa t bay moun ki te nan lòt nasyon yo enpòtans ditou?

JEWOVA te renmen Abraram, se sa k fè li te renmen desandan l yo e li te fidèl anvè yo. Pandan plis pase 1 500 an, li te konsidere nasyon Izrayèl la, ki te soti nan Abraram, kòm yon pèp li chwazi, yon “pèp ki rele l pa l”. (Li Detewonòm 7:6.) Èske sa vle di Jewova pa t bay moun ki nan lòt nasyon yo enpòtans ditou? Non. Paske pandan epòk sa a, Jewova te pèmèt moun ki pa t Izrayelit ki te vle sèvi l yo vin fè youn ak nasyon li te chwazi a. Yo te konsidere moun ki te konvèti yo, sètadi pwozelit yo, kòm moun ki fè pati nasyon an. Izrayelit yo te dwe trete yo kòm Izrayelit parèy yo (Lev. 19:33, 34). Pwozelit sa yo te dwe obeyi tout lwa Jewova yo. —Lev. 24:22.

2. Ki deklarasyon Jezi te fè ki te fè Juif yo sezi, e ki kesyon sa fè nou poze?

2 Sepandan, Jezi te fè yon deklarasyon ki te fè Juif ki t ap viv nan menm epòk avèk li yo sezi. Men sa l te di: “Bondye pran wayòm li a nan men nou pou li bay yon nasyon li, yon nasyon k ap donnen fwi li yo.” ​(Mat. 21:43, Bib Kreyòl La). Kiyès ki t apral fè pati nouvo nasyon sa a, e ki efè chanjman sa a gen sou nou jodi a?

Nouvo nasyon an

3, 4. a) Ki jan apot Pyè te pale de nouvo nasyon an? b) Kiyès ki fè pati nouvo nasyon sa a?

3 Apot Pyè te pale aklè konsènan nouvo nasyon sa a. Li te ekri lòt kretyen parèy li yo pawòl sa yo: “Nou menm, nou se yon ras Bondye chwazi, yon bann prèt k’ap sèvi Wa a, yon nasyon k’ap viv apa pou Bondye, yon pèp li achte. Li fè tou sa pou n te ka fè tout moun konnen bèl bagay Bondye te fè yo, Bondye ki rele nou soti nan fènwa a pou nou antre nan bèl limyè li a.” ​(1 Pyè 2:9). Jan yo te anonse sa, Juif ki te aksepte Jezi kòm Mesi a se premye moun ki te vin fè pati nouvo nasyon sa a (Dàn. 9:27a; Mat. 10:6). Annapre, anpil moun ki pa t Izrayelit te vin fè pati nasyon sa a tou, paske men sa Pyè te di ankò: “Anvan sa, nou pat menm yon nasyon. Men kounyeya, nou se pèp Bondye a.” —1 Pyè 2:10.

4 Ak ki moun Pyè t ap pale la a? Nan kòmansman lèt li a, li te di pawòl sa yo: “[Bondye] ban nou lavi ankò lè li te fè Jezikri leve sòti vivan nan lanmò a. Sa fè nou viv ak anpil espwa. N’ap tann lè pou n resevwa eritaj Bondye a, eritaj ki p’ap janm pouri, ki p’ap janm sal, ni ki p’ap janm pèdi frechè l, eritaj li sere pou nou nan syèl la.” ​(1 Pyè 1:3, 4). Donk, se kretyen wen yo, ki gen esperans pou yo viv nan syèl la, ki fè pati nouvo nasyon sa a. Se yo menm ki “Izrayèl Bondye a”. (Gal. 6:16, Bib Kreyòl La.) Nan yon vizyon apot Jan te resevwa, li te wè kantite Izrayelit espirityèl sa yo se 144 000. Se yo ki “premye moun yo te ofri bay Bondye ansanm ak ti Mouton an”. Yo pral sèvi antanke “prèt” e “yo pral gouvènen avè [Jezi] pandan mil (1.000) lanne”. —Rev. 5:10; 7:4; 14:1, 4; 20:6; Jak 1:18.

Èske nasyon Izrayèl la reprezante lòt moun ankò?

5. a) Lè yo di “Izrayèl Bondye”, de kiyès yo vle pale? b) Poukisa mo “Izrayèl” la gen plis pase yon sèl sans?

5 Donk, li klè, lè yo di “Izrayèl Bondye” nan Galat 6:16 la, yo vle pale de kretyen wen yo sèlman. Men, èske gen dèfwa yo sèvi ak nasyon Izrayèl la pou reprezante lòt moun ki pa kretyen wen? Nou kapab jwenn repons lan nan pawòl sa yo Jezi te di apot fidèl li yo: “Menm jan Papa m fè yon alyans avèk mwen pou yon wayòm, m ap fè yon alyans avèk nou pou yon wayòm, dekwa pou nou ka manje e pou nou ka bwè sou tab mwen nan wayòm mwen an, e pou nou ka chita sou twòn pou nou jije douz tribi Izrayèl yo.” ​(Lik 22:28-30, NW). Sa pral fèt “lè tout bagay ap vin tounèf ankò”, oswa lè rejenerasyon an, pandan Rèy mil an Kris la. —Li Matye 19:28; nòt anba paj.

6, 7. “Douz tribi Izrayèl” yo mansyone nan Matye 19:28 e nan Lik 22:30 lan, kiyès yo reprezante?

6 Pandan Rèy mil an an, 144 000 kretyen wen yo pral sèvi antanke wa, prèt ak jij nan syèl la (Rev. 20:4). Ki moun yo pral jije e yo pral dirije? Nan Matye 19:28 e nan Lik 22:30, yo di yo pral jije “douz tribi Izrayèl yo”. Kiyès “douz tribi Izrayèl yo” reprezante nan kontèks vèsè sa yo? Yo reprezante tout moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a, ki mete lafwa nan sakrifis Jezi a, men ki pa fè pati gwoup moun k ap wa e k ap prèt yo. (Dayè, tribi Levi a pa t nan lis 12 tribi Izrayèl yo.) Nan vèsè sa yo, 12 tribi Izrayèl yo reprezante moun ki pral jwenn byenfè nan domèn espirityèl grasa travay 144 000 yo pral fè antanke prèt. Moun sa yo fè pati pèp Bondye a tou. Li renmen yo e li apwouve yo. Donk, li apwopriye pou yo konpare yo ak pèp Bondye nan tan lontan an.

7 Apre apot Jan fin wè y ap mete so final la sou 144 000 Izrayelit espirityèl yo anvan gwo tribilasyon an, li toutafè nòmal pou l wè tou yon “gwo foul moun” pa ka konte ki soti nan ‘tout nasyon’. (Rev. 7:9.) Moun sa yo pral chape nan gwo tribilasyon an pou yo antre nan Rèy mil an Kris la. Pandan Rèy mil an an, gen plizyè milya moun ki pral resisite e k ap ansanm avèk yo (Jan 5:28, 29; Rev. 20:13). Jezi ak 144 000 moun ki pral dirije avè l yo pral jije tout moun sa yo ki se “douz tribi Izrayèl yo”. —Tra. 17:31; 24:15; Rev. 20:12.

8. Nan ki sans sa k te konn fèt chak ane nan jou Pwopisyasyon an te anonse relasyon ki t apral genyen ant 144 000 yo ak rès limanite?

8 Sa yo te konn fè chak ane nan jou Pwopisyasyon an te anonse relasyon ki t apral genyen ant 144 000 yo ak rès limanite (Lev. 16:6-10). Toudabò, gran prèt la te dwe sakrifye yon towo bèf kòm ofrann pou “peche l yo ak peche fanmi l yo”. Se sa k fè se prèt adjwen Jezi yo, sètadi moun ki pral sèvi ansanm avè l nan syèl la, ki benefisye sakrifis li a anvan. Mete sou sa, nan jou Pwopisyasyon an, yo te prezante de kabrit pou peche lòt Izrayelit yo. Nan kontèks sa a, kote tribi prèt la reprezante 144 000 yo, rès Izrayèl la reprezante tout moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a. Fason yo sèvi ak ekspresyon “douz tribi Izrayèl” la nan Matye 19:28 la montre li pa gen rapò ak prèt adjwen Jezi yo, ki wen ak lespri, men li gen rapò ak lòt moun ki mete lafwa nan sakrifis Jezi a *.

9. Kiyès prèt nan vizyon Ezekyèl te resevwa sou tanp Jewova a reprezante, e kiyès Izrayelit ki pa t prèt yo reprezante?

9 Annou pran yon lòt egzanp. Pwofèt Ezekyèl te resevwa yon gwo vizyon sou tanp Jewova a (Eze. chap. 40-48). Nan vizyon sa a, prèt yo t ap travay nan tanp lan, yo t ap bay enstriksyon e yo t ap resevwa konsèy ak koreksyon nan men Jewova (Eze. 44:23-31). Nan menm vizyon sa a, moun ki soti nan divès tribi te vin adore Jewova e yo te vin ofri l sakrifis (Eze. 45:16, 17). Donk, nan kontèks sa a, prèt yo reprezante kretyen wen yo, alòske Izrayelit ki pa t fè pati tribi kote prèt yo soti a reprezante moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a. Vizyon sa a montre de gwoup yo ap travay ann amoni, e klas prèt la pran latèt nan adorasyon ki pwòp la.

10, 11. a) Parapò ak pawòl Jezi yo, ki sa nou wè ki akonpli ki fòtifye lafwa nou? b) Ki kesyon ki soulve ki gen rapò ak lòt mouton yo?

10 Jezi te pale de “lòt mouton” ki pa t ap nan menm “pak” avèk “ti bann mouton” yo, sètadi disip li yo ki wen yo (Jan 10:16; Lik 12:32). Men sa l te di: “Mwen gen pou m mennen yo tou. Y’a tande vwa mwen. Lè sa a, va gen yon sèl bann mouton ak yon sèl gadò.” Lè nou wè pawòl sa yo ap akonpli, sa vrèman fòtifye lafwa nou! De gwoup moun sa yo, ti gwoup kretyen wen yo ak gwo foul lòt mouton yo, vin fè yon sèl. (Li Zekarya 8:23.) Nan tanp espirityèl la, byenke lòt mouton yo pa sèvi nan yon sans senbolik nan lakou anndan an, yo sèvi nan lakou deyò a ki toutotou lakou anndan an.

11 Men, lefètke Jewova konn sèvi avèk Izrayelit tan lontan yo ki pa t fè pati pretriz la pou l reprezante lòt mouton yo, èske sa vle di moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a ta dwe manje pen an e yo ta dwe bwè diven an nan Memoryal la? Annou konsidere repons kesyon sa a kounye a.

Nouvo kontra a

12. Ki nouvo dispozisyon Jewova te anonse li t apral pran?

12 Jewova te anonse yon nouvo dispozisyon li t apral pran pou pèp li a lè l te di pawòl sa yo: “Men kontra mwen pral pase ak pèp Izrayèl la. [...] M’ap mete prensip mwen yo anndan kè yo, m’ap make lòd mwen yo nan lespri yo. M’a tounen Bondye pou yo, y’a tounen yon pèp pou mwen.” ​(Jer. 31:31-33.) Pa mwayen nouvo kontra sa a, pwomès Jewova te fè Abraram nan t ap gen yon akonplisman ki estrawòdinè e k ap dire pou toutan. —Li Jenèz 22:18.

13, 14. a) Kiyès ki fè pati nouvo kontra a? b) Kiyès ki jwenn byenfè grasa nouvo kontra a, e ki jan yo ‘kenbe l fèm’?

13 Jezi te pale de nouvo kontra sa a nan nuit anvan l te mouri a lè li te di pawòl sa yo: “Gode sa a, se nouvo kontra Bondye pase ak moun. Se avèk san m ki koule pou nou an li siyen l.” ​(Lik 22:20; 1 Kor. 11:25). Èske se tout kretyen yo ki fè pati nouvo kontra sa a? Non. Gen kèk kretyen, tankou apot yo ki te bwè nan gode a jou swa sa a, ki fè pati nouvo kontra a *. Jezi te fè yon lòt kontra, oswa alyans, avèk yo pou yo dirije ansanm avè l nan Wayòm li an (Lik 22:28-30). Yo pral fè pati Wayòm nan ansanm ak Jezi. —Lik 22:15, 16.

14 E moun ki pral viv sou tè a anba dominasyon Wayòm li an? Yo jwenn byenfè grasa nouvo kontra a (Gal. 3:8, 9). Byenke yo pa fè pati nouvo kontra a, yo ‘kenbe kontra a fèm’ lè yo soumèt yo anba egzijans li yo, jan Jewova te anonse sa pa mwayen pwofèt Izayi. Men sa l te di: “Tout moun lòt nasyon ki va vin kole kò yo ansanm ak pèp Senyè a pou yo sèvi l, pou yo renmen l tankou yon sèvitè, tout moun ki mete jou repo a apa san yo pa derespekte l epi ki kenbe kontra m lan fèm, m’ap mennen yo sou mòn ki apa pou mwen an, m’a ba yo kè kontan nan kay kote yo fè lapriyè pou mwen an.” Apre sa, Jewova di pawòl sa yo: “Y’a rele kay mwen an kay kote tout pèp va vin fè lapriyè nan pye m.” —Se nou ki mete mo yo ann italik; Iza. 56:6, 7.

Kiyès ki dwe manje pen an e ki dwe bwè diven an?

15, 16. a) Ak ki privilèj Pòl te makònen nouvo kontra a? b) Pou ki rezon moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a pa dwe ni manje pen ni bwè diven nan Memoryal la?

15 Moun ki fè pati nouvo kontra a “gen yon konfyans total nan wout ki mennen nan Trèsen an”. (NW) (Li Ebre 10:15-20.) Se moun sa yo ki pral ‘resevwa yon eritaj ki pa ka brannen’. (Ebre 12:28.) Kidonk, se sèlman moun ki pral wa ak prèt nan syèl la avèk Jezi Kris ki ta dwe bwè nan “gode” a, ki reprezante nouvo kontra a. Se moun sa yo ki fè pati nouvo kontra a ki pral marye avèk Timouton an (2 Kor. 11:2; Rev. 21:2, 9). Tout lòt moun ki asiste Memoryal la, ki fèt chak ane, fè sa avèk respè antanke obsèvatè, men yo pa ni manje pen an ni bwè diven an.

16 Pòl ede nou konprann moun ki gen esperans pou yo viv sou tè a pa pran nan anblèm yo. Men sa li te di kretyen wen yo: “Chak fwa n’ap manje pen sa a, chak fwa n’ap bwè nan gode sa a, se lanmò Kris la n’ap anonse jouk jou Senyè a gen pou l vini an.” ​(Se nou ki mete mo yo ann italik; 1 Kor. 11:26). Ki lè Seyè a ap “vini”? Se lè l ap vini pou l pran rès klas lamarye l la, sètadi dènye wen yo, pou y al lakay yo nan syèl la (Jan 14:2, 3). Sa klè, Soupe Seyè a, ki fèt chak ane, pap kontinye pou toutan. “Rès desandans” fi a, ki sou tè a toujou, ap kontinye pran repa sa a jiskaske yo tout resevwa rekonpans yo nan syèl la (Rev. 12:17, NW). Men, si tout moun ki pral viv sou tè a pou toutan te gen dwa pou yo pran nan anblèm yo, yo t ap oblije kontinye selebre Memoryal la pou toutan.

“Se pèp pa li menm y’ap ye”

17, 18. Ki jan pwofesi nou jwenn nan Ezekyèl 37:26, 27 la te akonpli?

17 Jewova te anonse inite ki t ap genyen pami pèp li a avèk pawòl sa yo: “M’ap pase yon kontra ak yo k’ap garanti yo lavi ak kè poze pou tout tan. M’ap mete yo kanpe ankò, m’ap fè yo peple. M’ap fè kay ki apa pou mwen an toujou rete la nan mitan yo. Se la m’ap viv avèk yo. Se mwen menm k’ap Bondye yo. Yo menm, se pèp ki rele m pa m lan y’ap ye.” —Eze. 37:26, 27.

18 Tout moun ki fè pati pèp Bondye a gen privilèj pou yo benefisye akonplisman bèl pwomès sa a, sètadi kontra ki garanti kè poze a. Wi, Jewova bay tout sèvitè l ki obeyisan yo garanti l ap ba yo lapè. Yo montre aklè yo kiltive fwi lespri l la. Kay ki apa pou li a nan mitan yo; nan kontèks sa a, kay sa a reprezante adorasyon kretyen yo ap bay Bondye a, yon adorasyon ki pwòp. Yo vin tounen pèp li toutbon paske yo abandone tout fòm idolatri e Jewova se sèl Dye yo adore.

19, 20. Kiyès ki pami moun Jewova konsidere kòm “pèp pa li”, e ki sa ki vin posib grasa nouvo kontra a?

19 Ala kontan nou kontan pou nou wè de gwoup moun sa yo ki vin fè yon sèl nan epòk nou an! Malgre gwo foul ki pa sispann ogmante a pa gen esperans pou yo viv nan syèl la, yo santi yo onore dèske yo se konpayon moun ki gen esperans sa a. Yo vin fè youn avèk Izrayèl Bondye a. Lefètke yo fè sa, yo pami moun Jewova konsidere kòm “pèp pa li”. Se sou yo menm pwofesi sa a akonpli: “Anpil nasyon va vin jwenn Senyè a pou yo sèvi l. Se pèp pa li menm y’ap ye. L’a vin rete nan mitan yo.” —Zek. 2:11; 8:21; li Izayi 65:22; Revelasyon 21:3, 4.

20 Jewova fè tout bagay sa yo posib grasa nouvo kontra a. Gen plizyè milyon etranje nan sans espirityèl ki vin fè pati nasyon ki benefisye favè Jewova a (Mika 4:1-5). Yo montre yo detèmine pou yo kontinye kenbe kontra a fèm lè yo dakò ak tout sa ki ladan l e yo soumèt yo anba egzijans li yo (Iza. 56:6, 7). Lè yo fè sa, yo kontinye jwi lapè, yon benediksyon yo jwenn ansanm ak Izrayèl Bondye a. Nou swete pou w jwenn benediksyon sa a tou depi kounye a e pou toutan!

[Nòt anba paj]

^ § 8 Menm jan an tou, yo pale de kretyen wen yo prensipalman kòm “kongregasyon” an (Ebre 12:23, NW). Sepandan, mo “kongregasyon” an kapab gen lòt sans ankò. Pa egzanp, yo sèvi avè l pou pale de tout kretyen yo nèt, kèlkeswa esperans yo genyen. —Gade Toudegad 1ye me 2007, paj 9-11.

^ § 13 Jezi se Medyatè nouvo kontra sa a, men li pa fè pati l. Antanke Medyatè, li pa t ni manje pen an ni bwè diven an.

Èske nou sonje?

• Kiyès “douz tribi Izrayèl” 144 000 moun yo pral jije a reprezante?

• Ki wòl 144 000 yo jwe nan nouvo kontra a e ki sa lòt mouton yo jwenn ladan l?

• Èske se tout kretyen ki ta dwe manje pen e ki ta dwe bwè diven nan Memoryal la?

• Ki inite yo te anonse ki t apral genyen nan epòk nou an?

[Kesyon]

[Grafik/Foto nan paj 25]

(Gade peryodik la)

Gen anpil moun k ap sèvi Bondye ansanm ak Izrayèl Bondye a kounye a.

1950 | 373 430

1970 | 1 483 430

1990 | 4 017 213

2009 | 7 313 173