Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

‘N ap ofri yo bay Jewova’

‘N ap ofri yo bay Jewova’

LÈ YON moun fè yon bèl jès avè w, ki jan w montre l ou apresye sa? Ann wè ki jan chèf militè nan Izrayèl tan lontan an te montre rekonesans yo apre yo te fin batay ak Madyanit yo. Batay la te fèt apre Izrayelit yo te fin peche nan kesyon ki te gen rapò ak Baal Peyò a. Bondye te fè pèp li a genyen batay la, e yo te pataje sa yo te pran apre batay la ant yo menm ak 12 000 sòlda yo. Dapre sa Jewova te di, sòlda yo te bay prèt yo yon pòsyon nan sa yo te jwenn nan e rès pèp la li menm te bay Levit yo yon pòsyon nan pati pa yo a. —Nonb 31:1-5, 25-30.

Sepandan, chèf militè yo te vle bay plis. Men sa yo te di Moyiz: “Nou konte kantite sòlda ki te sou kont nou yo, nou jwenn yo tout la.” Yo te deside bay Jewova lò ak divès kalite bijou kòm kado. Bijou annò yo te peze 190 kilogram. —Nonb 31:49-54.

Jodi a tou, gen anpil moun ki anvi montre rekonesans yo pou sa Jewova fè pou yo, e se pa sèlman moun ki vwe lavi yo bay Bondye ki gen santiman sa a. Pa egzanp, te gen yon chofè bis ki te nonsèlman mennen yon gwoup delege nan yon estad nan vil Bolòy, ann Itali, men ki te gen pou l mennen yo tounen kote l te pran yo a. Delege sa yo t apral nan yon kongrè entènasyonal ki t ap fèt nan vil sa a pandan ane 2009 la. Lefètke mesye sa a te yon moun ki trankil e li te yon chofè ki pridan, moun ki te nan bis li a te deside y ap ekri yon ti nòt pou remèsye l e y ap ba l yon ti kòb anplis ansanm ak liv Ki sa Labib anseye toutbonvre? a. Men sa chofè a te reponn: “Mwen byen kontan aksepte ti kat la ak liv la, men, mwen remèt lajan an paske mwen vle bay yon kontribisyon pou nou ka kontinye fè travay n ap fè a. Menmsi m pa Temwen Jewova, mwen vle bay kontribisyon sa a paske mwen wè se lanmou ki pouse nou fè sa n ap fè a.”

Lè w anvi montre Jewova ou rekonesan pou sa l fè pou ou, youn nan fason ou kapab fè sa, se lè w fè ofrann pou travay Temwen Jewova yo ap fè sou tout tè a (Mat. 24:14). Nan kare ki akonpaye atik sa a, yo bay yon lis ki montre fason kèk moun konn chwazi fè ofrann.