Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Mwen te wè pouvwa verite ki nan Bib la genyen

Mwen te wè pouvwa verite ki nan Bib la genyen

Mwen te wè pouvwa verite ki nan Bib la genyen

Dapre Vito Fraese

PETÈT ou pa janm tande pale de vil yo rele Trentinara a. Se yon ti vil ki nan sid vil Nap, ann Itali. Paran m yo ak gran frè m nan, Angelo, te fèt nan ti vil sa a. Apre Angelo fin fèt, paran m yo t al abite Ozetazini e yo te rete Rochester, nan Nouyòk, e se la m te fèt an 1926. An 1922, se premye fwa papa m te rankontre ak Etidyan Labib yo, jan yo te rele Temwen Jewova yo alepòk. San pèdi tan, ni li menm ni manman m te vin Etidyan Labib.

Papa m te yon moun trankil ki toujou ap reflechi e ki te rayi enjistis. Li pa t ka tolere fason klèje legliz yo te kenbe moun yo nan fènwa, se sa k fè li pa t janm pèdi yon okazyon pou l pataje verite ki nan Bib la avèk lòt moun. Apre l fin pran pansyon l, li te antre nan sèvis aplentan e li te pèsevere nan sèvis la jiskaske move sante ak gwo fredi te fè l oblije kanpe sou sèvis la lè l te gen 74 an. Menm apre sa, li te kontinye preche ant 40 a 60 èdtan pa mwa jis nan laj 90 an yo. Egzanp papa m te gen yon gwo enpak sou mwen. Byenke li te konn fè blag, li te yon moun serye. Li te konn di: “Laverite se yon bagay pou moun pran oserye.”

Papa m ak manman m te fè tout sa yo kapab pou yo anseye nou tout senk timoun yo Pawòl Bondye a. Mwen te batize 23 out 1943, e an jen 1944, mwen te kòmanse sèvis pyonye. Carmela, gran sè m nan, t ap sèvi kòm pyonye nan Geneva, Nouyòk, ansanm ak patnè l, Fern, yon patnè ki te byen ge. Sa pa t pran anpil tan pou m te rann mwen kont se ansanm ak ti dam sa a, Fern, mwen te vle pase tout rès vi m. Nou te marye ann out 1946.

Travay misyonè

De premye asiyasyon nou te resevwa yo, se te pou n al sèvi kòm pyonye espesyal Geneva ak nan vil Norwich, nan Nouyòk. Ann out 1948, nou te gen privilèj asiste douzyèm klas Lekòl Gileyad. Apre sa, yo te voye nou Nap, ann Itali, ansanm ak yon lòt koup misyonè, Carl ak Joanne Ridgeway. Nan epòk sa a, Nap t ap debat pou l reprann li apre ravaj gè a te lakòz. Li te difisil pou nou jwenn kay, se sa k fè pandan kèk mwa nou te oblije viv nan 2 ti pyès kay sèlman.

Toutpandan m t ap grandi, mwen te konn tande paran m ap pale dyalèk yo pale nan Nap la. Donk, malgre m te gen yon aksan ameriken, ti italyen mwen te pale a te kont pou moun rive konprann mwen. Li pa t fasil pou Fern te aprann lang nan. Men, fò m di tou, annapre li pa t sèlman vin pale lang nan byen menm jan avè m, men li te vin pale l pi byen pase m.

Okòmansman, sèl moun nou te rankontre nan Nap ki te enterese nan Labib se te yon fanmi ki gen kat moun. Yo te konn vann sigarèt nan kontrebann. Chak jou travay, te gen yon gwo chanjman ki te fèt lakay Teresa, youn nan manm fanmi sa a. Chak maten, tout pòch jip li te plen ak sigarèt, sa ki te fè l parèt men gwosè. Nan aprèmidi menm, li te fen tankou yon bwa alimèt. Laverite te chanje fanmi sa a nèt. Kòm rezilta, 16 manm nan fanmi sa a te vin Temwen. Kounye a, gen prèske 3 700 Temwen Jewova nan Nap.

Opozisyon nan travay predikasyon an

Apre nou fin pase nèf mwa sèlman nan Nap, otorite yo te oblije nou kat la kite vil la. Nou t al an Suis pou yon mwa anviwon epi nou te retounen ann Itali ak yon viza touris. Yo te voye Fern avè m Turin. Okòmansman, yon dam te lwe nou yon ti pyès kay kote nou te oblije itilize menm kuizin ak menm twalèt avè l. Lè Carl ak Joanne Ridgeway te rive Turin, nou te lwe yon apatman ansanm. Avèk letan, te vin gen senk koup misyonè ki t ap viv nan menm kay la.

An 1955, lè otorite yo te fè n kite Turin, nou te kite baz pou kat nouvo kongregasyon. Nan moman sa a, te gen frè nan zòn nan ki te kalifye pou pran swen kongregasyon sa yo. Otorite yo te di nou: “Nou sèten, kou nou menm Ameriken sa yo ale, tout sa nou te travay fè ap tonbe plat atè.” Men, kokennchenn akwasman ki te vin genyen apre a te montre se Bondye ki fè travay la reyisi. Jodi a, gen plis pase 4 600 Temwen ak 56 kongregasyon nan Turin.

Florence: yon bèl vil

Pwochen kote yo te voye nou se te Florence. Nou te tande pale de vil sa a souvan, paske se la sè m nan Carmela ak mari l, Merlin Hartzler, t ap sèvi kòm misyonè. Imajine nou menm k ap viv nan vil sa a. Te gen yon seri kote tankou Piazza della Signoria, Ponte Vecchio, Piazzale Michelangelo ak Palazzo Pitti ki te fè bote vil sa a! Nou te kontan wè fason moun nan vil sa a te reyaji devan bon nouvèl la.

Nou te etidye ak yon fanmi e paran yo te vin batize. Men, papa a te konn fimen. An 1973, yon atik Toudegad te montre fimen se yon abitid ki pa pwòp e li te konseye lektè yo pou yo sispann fimen. Pi gran pitit li yo te sipliye l pou l kite fimen. Li te pwomèt l ap kite, men l pa t fè sa. Li menm ak madanm li te gen de marasa tou ki te gen nevan. Yon jou swa, madanm li voye y al nan kabann yo poukont yo san l pa priye avèk yo. Apre sa, madanm nan regrèt e l al nan chanm yo a. Lè l rive li jwenn timoun yo te gentan fin priye. Madanm nan mande yo: “Ki sa nou te mande nan priyè nou te fè a?” Yo reponn: “Jewova, tanpri, ede papi sispann fimen.” Lè sa a, madanm nan rele mari l, li di l: “Vin tande priyè timoun ou yo sot fè.” Lè l tande sa yo te di nan priyè yo a, li kòmanse kriye e li di: “Mwen pap janm fimen ankò!” Li te respekte pwomès li, e kounye a, gen plis pase 15 moun nan fanmi sa a ki Temwen.

Sèvis ann Afrik

An 1959, yo te transfere nou Mogadishu, nan Somali, ansanm ak de lòt misyonè, Arturo Leveris ak frè m nan Angelo. Te gen gwo pwoblèm politik lè nou te rive. Gouvènman italyen an te gen otorizasyon Nasyonzini pou l ede Somali jwenn endepandans li, men sanble sitiyasyon an te vin pi mal. Te gen kèk Italyen nou te etidye avèk yo ki te kite peyi a e li pa t posib pou nou fòme yon kongregasyon nan peyi a.

Pandan epòk sa a, siveyan zòn nan te mande m pou m travay kòm asistan l. Konsa, nou te kòmanse vizite peyi ki ozalantou yo. Kèk nan moun nou te etidye ak yo te fè pwogrè, men yo te oblije kite peyi yo akoz opozisyon. Gen lòt ki te rete malgre yo te oblije andire gwo soufrans *. Chak fwa nou reflechi sou lanmou yo gen pou Jewova ak sa yo te andire pou yo ka rete fidèl, sa fè dlo koule nan je nou.

Byen souvan, te gen gwo chalè ak anpil imidite nan Somali ak Eritre. Kèk pla moun yo te konn manje te fè nou santi nou pi cho toujou. Premye fwa nou te manje youn nan pla sa yo lakay yon etidyan Labib, manje a te tèlman pike, madanm mwen te di an blag zòrèy li te limen tou wouj tankou limyè sikilasyon!

Lè Angelo ak Arturo te jwenn yon lòt asiyasyon, nou te vin ret poukont nou. Sa pa t fasil pou nou paske pa t gen pèsonn pou ankouraje nou. Men, sa te pèmèt nou vin pi pwòch ak Jewova epi mete konfyans nou nan li plis toujou. Se pa ti ankourajman nou te jwenn lè nou te vizite peyi kote travay predikasyon an te anba entèdiksyon!

Te gen anpil pwoblèm nan Somali. Nou pa t gen frijidè. Donk, nou te konn achte sèlman manje nou t ap ka manje pou jounen an, kit se te moso vyann reken yo rele reken mato a, kit se te fwi lokal yo tankou mango, papay, rezen, kokoye oswa fig. Souvan nou te oblije goumen ak tout kalite ensèk. Pafwa yo te konn ateri sou kou nou pandan n ap fè etid biblik lakay moun yo. Men, omwen nou te gen yon ti moto e nou pa t oblije mache pandan plizyè èdtan anba solèy la ki te tankou yon boukan dife.

Nou retounen ann Itali

Grasa èd nou te jwenn nan men kèk zanmi, nou te kapab pran yon bato ki konn transpòte fig pou nou retounen ann Itali pou nou te ka asiste kongrè entènasyonal ki t ap fèt Turin an 1961. Nou te vin konnen li posib pou yo voye nou yon lòt kote. An septanm 1962, nou te retounen ann Itali, kote m te kòmanse sèvi kòm siveyan sikonskripsyon. Nou te vin achte yon ti machin e se ladan l nou te vwayaje pandan senk an pou nou vizite de sikonskripsyon.

Apre nou te fin viv nan chalè ann Afrik, kounye a nou te oblije ap debat anba gwo fredi. Nan premye sezon livè a, pandan nou t ap vizite yon kongregasyon nan pye mòn yo rele Alp yo, nou te dòmi nan yon chanm san chofaj ki sou tèt yon galata. Li te tèlman fè frèt, nou t al dòmi ak tout chanday sou nou. Nan nuit sa a, kat poul ak de chen nan zòn nan te mouri tèlman fredi a te rèd!

Apre sa, mwen te vin sèvi kòm siveyan distri. Pandan ane sa yo, nou te pase nan tout Itali. Nou te vizite kèk kote tankou Calabria ak Sisil plizyè fwa. Nou te ankouraje jèn yo pou yo pwogrese nan domèn espirityèl pou yo kapab vin kalifye pou yo vin ansyen, siveyan sikonskripsyon, siveyan distri oubyen pou yo ka vin Betelit.

Nou te aprann anpil bagay nan men zanmi nou genyen yo ki fidèl k ap sèvi Jewova ak tout kè yo. Nou te vin aprann apresye kalite yo genyen tankou fidelite total anvè Jewova, jenewozite yo, lanmou yo gen pou frè yo, ak dispozisyon yo genyen pou yo adapte yo e pou yo fè sakrifis. Nou te asiste selebrasyon maryaj ki te fèt nan Sal Wayòm nou yo e frè ki te selebre maryaj sa yo leta te rekonèt yo kòm minis relijye, yon bagay ki t ap enposib nan peyi sa a anvan. Nou sispann fè reyinyon kongregasyon yo nan kuizin lakay frè yo, e nou sispann chita sou planch, jan sa te konn fèt nan Turin. Kounye a, pifò kongregasyon nou yo gen bèl Sal Wayòm ki glorifye Jewova. Nou pa fè asanble ankò nan sal teyat ki pa apwopriye, men nou gen gwo Sal asanble ki chaje ak espas. E se pa ti kontan nou kontan wè kantite pwoklamatè yo rive depase 243 000! Lè nou te rive ann Itali, te gen sèlman 490 pwoklamatè nan peyi a.

Nou te fè bon chwa

Nou te rankontre kèk pwoblèm, pa egzanp gen moman nou te sonje lakay, e pafwa nou te malad. Chak fwa Fern te wè lanmè, li te sonje lakay li. Epitou, li te oblije fè twa gwo operasyon. Yon fwa, pandan li t apral fè yon etid, yon opozan te atake l ak yon fouch yo travay latè. Sa te oblije l al lopital ankò.

Byenke pafwa nou te lite ak dekourajman, nou te ‘mete tout espwa nou nan Jewova’, jan Lamantasyon 3:24 ankouraje nou fè sa. Li se Bondye ki ban nou konsolasyon an. Yon lè, pandan nou te dekouraje, Fern te resevwa yon bèl lèt frè Nathan Knorr te voye pou li. Nan lèt sa a, frè Knorr te di Fern li konnen trè byen medam ki soti nan ras li soti a k ap viv nan zòn Pennsilvani se yon seri medam ki djanm e ki gen detèminasyon. Li te di l li konn sa paske li menm li te fèt toupre Betleyèm, nan Pennsilvani, kote Fern te kòmanse sèvi kòm pyonye. Frè Knorr te gen rezon. Pandan ane ki te pase yo, nou te jwenn anpil ankourajman divès fason e nan men anpil moun.

Malgre tout pwoblèm sa yo, nou toujou bat pou nou kenbe zèl nou nan travay predikasyon an. Yon lè, men sa Fern te di an blag lè l t ap konpare zèl nou ak yon bon mak diven italyen yo rele Lambrusco: “Pinga nou kite zèl nou pèdi ekla l.” Apre nou fin pase plis pase 40 an nan sèvis sikonskripsyon ak sèvis distri, nou te resevwa yon nouvo privilèj, nou te gen pou nou vizite gwoup ak kongregasyon nan lòt lang ki pa Italyen epi fòme nouvo gwoup ak nouvo kongregasyon nan lang sa yo. Gwoup sa yo preche moun ki soti nan peyi tankou Bengladèch, End, Eritre, Etyopi, Filipin, Gana, Lachin, Nijerya, Srilanka, ak lòt peyi ankò. Yon liv t ap twò piti pou nou ta rakonte tout fason estrawòdinè nou te wè pouvwa Pawòl Bondye a genyen pou l chanje lavi moun ki vin pwofite mizèrikòd Jewova. — Mika 7:18, 19.

Nou mande Jewova chak jou nan priyè nou pou l kontinye ban nou fòs fizik ak fòs moral nou bezwen pou nou fè travay predikasyon an. Se lajwa Seyè a ban nou an ki fòtifye nou. Li fè kè nou kontan e li ban nou konviksyon nou te fè bon chwa nan lavi nou toutpandan n ap pataje verite ki nan Bib la. — Efe. 3:7; Kol. 1:29.

[Nòt anba paj]

^ § 18 Gade Annuaire des Témoins de Jéhovah 1992, paj 94-184.

[Tablo/Foto nan paj 27-29]

(Gade peryodik la)

Papa m ak manman m nan Rochester, Nouyòk.

1948.

Nan South Lansing pou 12yèm klas Gileyad la.

1949.

Mwen menm ak Fern lè n t apral Itali.

Capri, Itali.

1952.

Nan Turin ak Nap ak lòt misyonè.

1963.

Fern ak kèk nan etidyan l yo.

“Pinga nou kite zèl nou pèdi ekla l.”