Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann rekonfòte lòt moun

Ann rekonfòte lòt moun

Antanke moun enpafè, nou tout nou konn malad e gen kèk nan nou ki menm konn malad grav. Ki sa k kapab ede n fè fas ak pwoblèm sa yo?

Youn nan bagay k ap ede n anpil se rekonfò nou jwenn nan fanmi nou, nan men zanmi nou ak kwayan parèy nou.

Bèl ti pawòl ki demontre lanmou yon zanmi di nou, ka tankou yon luil k ap geri nou e k ap soulaje nou (Pwo. 16:24; 18:24; 25:11). Sepandan, vrè kretyen yo pa sèlman panse ak rekonfò yo bezwen. Yo pran inisyativ pou yo “konsole moun ki nan tout kalite tribilasyon grasa konsolasyon [yo menm yo] jwenn nan men Bondye”. (2 Kor. 1:4; Lik 6:31.) Antonio, yon siveyan distri nan peyi Meksik, te fè eksperyans sa a.

Lè doktè te fè Antonio konnen li gen lesemi, yon fòm kansè nan san, Antonio te vin tris anpil. Malgre sa, li te fè anpil efò pou l kontwole santiman negatif ki t ap trakase l yo. Ki jan l te fè sa? Li te konn eseye sonje kantik Wayòm yo e l te konn chante yo yon fason pou l te tande pawòl yo epi medite sou yo. Lefètke l te konn priye e l te konn li Bib la byen fò, sa te pote yon gwo rekonfò pou li.

Sepandan, Antonio rann li kont youn nan pi gwo rekonfò li te jwenn te soti nan men kwayan parèy li yo. Men sa l di: “Lè mwen menm ak madanm mwen te santi n about, nou te konn mande yon manm fanmi nou ki ansyen nan kongregasyon an pou l vin priye avè n lakay nou. Sa te konn rekonfòte nou e sa te konn soulaje nou.” Men sa l ajoute: “Anfèt, grasa èd fanmi nou ak kwayan parèy nou yo ban nou, nou te kapab rive venk santiman negatif yo nan yon ti tan tou kout.” Se pa ti rekonesan li rekonesan dèske l gen kalite zanmi sa yo ki gen sousi pou li e ki renmen l!

Yon lòt bagay ki kapab ede nou nan moman detrès, se lespri sen Bondye pwomèt la. Apot Pyè te fè konnen lespri sen Bondye se yon “kado”. (Tra. 2:38.) Sa te parèt byen klè nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, lè lespri sen te desann sou moun Bondye chwazi pou al nan syèl yo. Sepandan, lespri sen se yon kado nou tout ka jwenn. Etandone kado sa a pap janm fini, poukisa w pa mande Bondye pou l ba w plis lespri sen? — Iza. 40:28-31.

MONTRE W ENTERESE TOUTBON NAN MOUN K AP SOUFRI YO

Apot Pòl te andire anpil eprèv, e pafwa, li te menm pase toupre lanmò (2 Kor. 1:8-10). Aktout sa, Pòl pa t enkyete l depase limit pou lavi l. Lefètke l te konnen Bondye t ap ede l, sa te rekonfòte l. Men sa l te di: “Benediksyon pou Sila a ki Bondye Seyè nou an Jezi Kris, e ki Papa li, Papa ki gen kè sansib la, Bondye tout konsolasyon an, ki konsole nou nan tout tribilasyon nou.” (2 Kor. 1:3, 4). Pòl pa t kite pwoblèm li t ap rankontre yo pran pye sou li. Okontrè, eprèv li te andire yo te ede l vin gen konpasyon, sa ki te pèmèt li vin pi byen ekipe pou l rekonfòte lòt moun nan moman yo te bezwen sa.

Apre Antonio te fin geri anba maladi l la, li te retounen sèvi antanke siveyan itineran. Li te toujou konn montre l enterese nan kwayan parèy li yo, men, kounye a, li menm ak madanm li fè plis efò pou yo vizite moun ki malad yo epi ankouraje yo. Pa egzanp, apre Antonio te fin vizite yon frè ki t ap goumen ak yon maladi grav, li te aprann frè sa a pa t vle al nan reyinyon. Men sa Antonio te fè konnen: “Se pa paske frè a pa t renmen Jewova oswa frè yo, men, maladi a te tèlman gen efè sou santiman l, sa te vin fè l santi l pa vo anyen.”

Pou Antonio te ankouraje frè ki malad la, li te mande l pou l priye nan yon ti aktivite yo t ap fè an gwoup. Byenke frè a te santi l pa kalifye pou sa, li te dakò fè sa. Antonio fè konnen: “Priyè l la te bèl anpil, e apre sa, li te vin tankou yon lòt moun. Li te vin santi l itil ankò.”

Vrèmanvre, kit nou te malad grav kit nou pa t malad grav, nou tout te soufri kanmenm. Men, jan Pòl te fè konn sa, soufrans sa yo kapab ekipe nou pou n rekonfòte lòt moun nan moman yo bezwen sa. Kidonk, annou montre nou gen sousi pou kwayan parèy nou yo lè y ap soufri epi, ann imite Jewova, Bondye nou an, lè n montre nou se yon sous rekonfò pou lòt moun.