TOUDEGAD KI GEN ATIK ETID YO Jiyè 2013

Toudegad sa a pale de plizyè ajisteman ki fèt nan fason nou te konprann ki lè yon seri evènman Jezi te pale de yo nan pwofesi l te bay la ap reyalize ansanm ak idantite esklav fidèl ki prevwayan an.

“Di nou non: Ki lè bagay sa yo ap fèt?”

Ki ajisteman nou fè nan fason nou te konprann ki lè kèk evènman nan pwofesi Jezi te bay nou jwenn nan Matye chapit 24 ak 25 yo ap rive?

“Gade! mwen avèk nou toulejou”

Parabòl Jezi te bay konsènan ble a ak move zèb yo fè konnen gen yon moman kote yo simen, yon moman kote semans lan grandi ak yon moman rekòt. Ki ajisteman nou fè nan fason nou te konprann moman rekòt la?

Li sèvi ak yon ti gwoup moun pou l bay anpil moun manje

Nan premye syèk la, ki fason Jezi te bay kongregasyon yo manje nan domèn espirityèl? Èske l itilize menm metòd la jodi a?

“Kiyès ki vrèman esklav fidèl ki prevwayan an?”

Atik sa a fè n gen yon pi bon konpreyansyon konsènan esklav fidèl ki prevwayan an. Gade kòman sante espirityèl nou depann de ti gwoup moun sa a.

Yon nouvo manm nan Kolèj santral la

Frè Mark Sanderson ap sèvi kòm manm Kolèj santral Temwen Jewova yo depi 1ye septanm 2012.

BYOGRAFI

Nou te kontan sèvi Jewova kèlkeswa kote a

Li kòman yon koup marye ki soti Peyiba te aprann met tout konfyans yo nan Jewova malgre difikilte yo te jwenn ak sikonstans yo ki t ap chanje toutan.

“Gade Foto a!”

Yo sèvi ak foto nan piblikasyon nou yo kòm zouti pou anseye nou, ki fè n reflechi sou sa n ap li a epi viv li tou. Ki jan n ka jwenn byenfè grasa bèl foto yo?