Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ann obeyi bèje Jewova yo

Ann obeyi bèje Jewova yo

“Obeyi moun k ap dirije nou yo, e soumèt devan yo, paske yo toujou ap veye sou nanm nou.” — EBRE 13:17.

1, 2. Lefètke Jewova konpare tèt li ak yon bèje, poukisa sa enpòtan anpil?

JEWOVA konpare tèt li ak yon bèje (Eze. 34:11-14). Konparezon sa a enpòtan anpil paske l ede n konprann ki moun Jewova ye. Yon bèje ki gen lanmou bay tout li menm pou l pwoteje twoupo mouton ki sou kont li a epi pran swen yo. Li mennen yo kote pou yo manje ak kote ki gen sous dlo (Sòm 23:1, 2). Li veye sou yo lajounen kou lannuit (Lik 2:8). Li pwoteje yo kont bèt sovaj (1 Sam. 17:34, 35). Li pran swen mouton ki fèk fèt yo (Iza. 40:11). L al chèche mouton ki lwen twoupo a epi l byen pran swen sa ki blese yo. — Eze. 34:16.

2 Piske pèp Jewova nan tan lontan an t ap viv nan yon sosyete kote pifò moun te bèje e yo te konn travay tè, byen vit yo te konprann konparezon Jewova Dye te fè ant li menm ak yon bèje ki gen lanmou an. Yo te konnen mouton yo bezwen swen ak atansyon yon fason pou yo ka viv byen. Nan yon sans espirityèl, se menm bagay la tou pou lèzòm (Mak 6:34). Moun yo soufri lè yo pa jwenn bonjan swen ak bon direksyon nan domèn espirityèl. Yo pa konn sa ki byen ak sa ki mal epi li vin fasil pou yo pran nan pyèj. Yo gaye tankou yon “bann mouton san gadò”. (1 Wa 22:17.) Sepandan, avèk lanmou, Jewova fè pèp li a jwenn tout sa yo bezwen.

3. Ki sa nou pral egzamine nan atik sa a?

3 Resanblans ki genyen ant Jewova ak yon bèje a gen anpil sans menm nan epòk nou an. Jewova toujou kontinye pran swen pèp li a ki tankou mouton. Ann egzamine ki fason Jewova gide mouton l yo ak ki fason li fè yo jwenn sa yo bezwen jodi a. Anmenmtan tou, nou pral egzamine ki fason twoupo Jewova a dwe reyaji devan lanmou Jewova demontre pou li.

 BON BÈJE A BAN NOU BÈJE KI ANBA KONTWÒL LI

4. Ki wòl Jezi jwe nan ede mouton Jewova yo jwenn sa yo bezwen?

4 Jewova nome Jezi Chèf kongregasyon kretyen an (Efe. 1:22, 23). Antanke “bon bèje a”, Jezi enterese nan menm bagay ak Papa l, li gen menm objektif avè l e li reflete kalite l yo. Jezi te menm “bay lavi l pou mouton yo”. (Jan 10:11, 15.) Se pa ti benediksyon sakrifis ranson Kris la ye pou limanite (Mat. 20:28)! Rezon an, sèke objektif Jewova se pou “nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan [Jezi] pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an”! — Jan 3:16.

5, 6. a) Ki moun Jezi nome pou pran swen mouton l yo, e ki sa mouton yo dwe fè pou yo jwenn byenfè grasa dispozisyon sa a? b) Ki pi gwo rezon ki dwe pouse n obeyi ansyen yo?

5 Ki fason twoupo a montre se Jezi Kris ki bon bèje yo a? Men sa Jezi te di: “Mouton m yo koute vwa m, mwen konnen yo, e yo suiv mwen.” (Jan 10:27). Koute vwa bon bèje a vle di suiv direksyon l bay nan tout bagay. Sa gen ladan l kowopere ak bèje espirityèl bon bèje a nome yo. Jezi te fè konnen apot li yo ak disip li yo t ap gen pou yo kontinye travay li te kòmanse a. Yo t ap gen pou yo ‘bay timouton l yo manje’ epi “anseye” yo. (Mat. 28:20; li Jan 21:15-17.) Toutpandan bon nouvèl la t ap gaye epi kantite disip yo t ap ogmante, Jezi te pran dispozisyon pou gen kretyen ki gen matirite pou pran swen kongregasyon an. — Efe. 4:11, 12.

6 Nan premye syèk la, pandan apot Pòl t ap pale ak siveyan kretyen ki te nan kongregasyon Efèz la, li te fè yo konnen se lespri sen ki te etabli yo siveyan pou “pran swen kongregasyon Bondye a”. (Tra. 20:28.) Se menm bagay la tou pou siveyan kretyen yo jodi a, piske yo menm tou se dapre sa ki nan Ekriti Bondye te fè ekri anba enfliyans lespri sen an yo etabli yo kòm siveyan. Kidonk, lè n obeyi siveyan kretyen yo, nou montre nou gen respè pou Jewova ak Jezi, yo menm ki se de pi gran Bèje ki genyen yo (Lik 10:16). Pa gen dout nan sa, se sa n sot di a ki dwe pi gwo rezon ki fè n anvi soumèt nou devan ansyen yo. Sepandan, gen lòt rezon ankò ki fè n montre nou saj lè nou aji konsa.

7. Ki fason ansyen yo ede n kenbe yon bon relasyon ak Jewova?

7 Lè ansyen yo ap bay kwayan parèy nou yo direksyon, yo ba yo konsèy ak ankourajman ki soti nan Ekriti yo oswa ki baze sou prensip biblik yo. Lè ansyen yo ap bay frè yo konsèy, yo pa fè sa nan objektif pou dikte yo fason yo ta dwe viv (2 Kor. 1:24). Olye de sa, yo fè sa pou yo bay kretyen parèy nou yo konsèy ki soti nan Ekriti yo pou ede yo pran bon desizyon epi pèmèt gen lòd ak lapè nan kongregasyon an (1 Kor. 14:33, 40). Ansyen yo ap “veye sou nanm nou” nan sans yo vle ede chak moun nan kongregasyon an kenbe yon bon relasyon ak Jewova. Konsa, si yo wè gen yon frè oswa yon sè ki pral fè yon “fo pa” oswa ki deja fè yon “fo pa”, san pèdi tan, yo aji pou ede l (Gal. 6:1, 2; Jid 22). Èske sa n sot di yo se pa bonjan rezon nou genyen pou n “obeyi moun k ap dirije nou yo”? — Li Ebre 13:17.

8. Ki fason ansyen yo pwoteje twoupo Bondye a?

8 Men ki sa apot Pòl ki te yon bèje espirityèl tou, te ekri frè ki t ap viv nan vil Kolòs yo: “Veye pou pèsonn pa pran nou nan pyèj ak filozofi ak twonpri ki san valè ki chita sou tradisyon lèzòm, sou bagay monn nan baze sou yo, e ki pa baze sou Kris.” (Kol. 2:8). Avètisman sa a fè n wè yon lòt rezon ki fè n dwe suiv  konsèy ansyen yo ban nou ki soti nan Ekriti yo. Ansyen yo pwoteje twoupo a lè yo bay frè yo avètisman kont nenpòt moun ki gendwa ap fè lafwa yo vin fèb. Apot Pyè te bay avètisman kont “fo pwofèt” ak “fo anseyan” ki t ap eseye “sedui moun ki fèb yo” pou fè yo fè sa k mal (2 Pyè 2:1, 14). Ansyen k ap viv nan epòk nou an dwe bay menm kalite avètisman sa yo tou lè sa nesesè. Antanke kretyen ki gen matirite, yo fè anpil eksperyans nan lavi a. Anplis de sa, anvan yo te nome ansyen, yo te bay prèv ki montre yo byen konprann Ekriti yo, e yo te kalifye pou anseye bagay ki pwofitab yo (1 Tim. 3:2; Tit 1:9). Piske yo gen matirite, yo ekilibre e yo gen sajès ki soti nan Bib la, sa pèmèt yo byen dirije twoupo a.

Menm jan yon bèje pwoteje mouton l, ansyen yo pwoteje mouton ki sou kont yo tou. (Gade paragraf 8.)

BON BÈJE A BAY MOUTON YO MANJE E LI PWOTEJE YO

9. Jodi a, ki fason Jezi ap dirije kongregasyon kretyen an epi ba l manje?

9 Pa mwayen òganizasyon l lan, Jewova bay tout frè nou yo ki nan lemonnantye anpil manje nan domèn espirityèl. Nou jwenn anpil konsèy ki soti nan Ekriti yo nan piblikasyon nou yo. Anplis de sa, pafwa, òganizasyon an bay ansyen yo konsèy dirèkteman pa mwayen lèt oswa enstriksyon siveyan itineran yo ba yo. Nan fason sa yo, mouton yo jwenn bonjan direksyon.

10. Ki responsablite bèje espirityèl yo genyen anvè moun ki kite twoupo a?

10 Nan yon sans espirityèl, siveyan yo gen responsablite pou yo pwoteje tout  moun nan kongregasyon an epi pran swen yo, sitou sila yo ki fè tèt yo ditò oswa ki vin malad nan domèn espirityèl. (Li Jak 5:14, 15.) Gen kèk nan moun sa yo ki gendwa kite twoupo a e ki sispann patisipe nan aktivite kretyen yo. Nan yon ka konsa, èske yon ansyen ki gen sousi pou twoupo a pa ta dwe fè tout sa l kapab pou l jwenn chak mouton ki pèdi epi pou l ankouraje l retounen nan twoupo a, sa vle di nan kongregasyon an? Se sèten l ap fè sa! Jezi te di: “Papa m ki nan syèl la pa ta renmen pou menm youn nan tipiti sa yo peri.” — Mat. 18:12-14.

KI JAN NOU DWE KONSIDERE FEBLÈS BÈJE NOU YO?

11. Ki sa k fè kèk moun kapab twouve l difisil pou yo suiv direksyon ansyen yo ap bay?

11 Jewova ak Jezi se de Bèje ki pafè. Sepandan, bèje Jezi chwazi pou pran swen kongregasyon an pa pafè. Piske se konsa, sa ka fè l difisil pou kèk moun suiv direksyon ansyen yo bay. Moun sa yo kapab rezone konsa: ‘Yo se moun enpafè menm jan avèk nou. Poukisa nou ta dwe koute konsèy y ap bay yo?’ Se vre ansyen yo pa pafè, men, nou dwe gen yon bon pwennvi sou erè yo fè yo ak feblès yo gen lakay yo.

12, 13. a) Ki sa n ka di konsènan erè kèk moun Jewova te bay responsablite te konn fè? b) Pou ki rezon yo te ekri erè moun Bondye te bay responsablite yo nan Bib la?

12 Ekriti yo pa kache anyen konsènan erè moun Jewova te konn itilize pou gide pèp li a te konn fè yo. Pa egzanp, Jewova te chwazi David pou l vin wa e pou l dirije peyi Izrayèl. Sepandan, David te tonbe anba tantasyon, sa te fè l fè adiltè e l te lakòz yon moun mouri (2 Sam. 12:7-9). Ann pran egzanp apot Pyè tou. Byenke yo te konfye l gwo responsablite nan kongregasyon premye syèk la, li te fè erè ki grav (Mat. 16:18, 19; Jan 13:38; 18:27; Gal. 2:11-14). Apre Adan ak Èv, pa gen okenn moun ki te pafè eksepte Jezi.

13 Poukisa Jewova te fè moun ki te ekri Bib la ekri erè moun li te chwazi yo te fè yo? Youn nan rezon ki fè Bondye te fè sa, se paske l vle montre li kapab sèvi ak moun enpafè pou gide pèp li a. Anfèt, li te toujou fè sa. Se sa k fè, nou pa dwe sèvi ak enpèfeksyon moun ki pran latèt pami nou nan epòk nou an kòm eskiz pou n plenyen kont yo oswa pou n pa respekte otorite yo. Jewova vle pou n respekte frè sa yo e pou n obeyi yo. — Li Egzòd 16:2, 8.

14, 15. Ki sa n ka aprann nan fason Jewova te konn kominike ak pèp li a nan tan lontan?

14 Li enpòtan anpil pou n obeyi moun ki pran latèt pami nou yo jodi a. Fè yon ti reflechi sou fason Jewova te konn kominike lontan ak pèp li a nan moman difisil yo. Lè pèp Izrayèl la t ap kite peyi Ejip tan lontan an, Bondye te ba yo lòd pa mwayen Moyiz ak Arawon. Pou Izrayelit yo te ka pa viktim anba dizyèm flewo a, yo te dwe obeyi enstriksyon yo te jwenn pou yo fè yon manje espesyal e pou yo pase enpe san yon timouton sou de montan pòt kay yo ak sou lento pòt yo. Se pa t yon vwa ki te sot nan syèl la ki te ba yo lòd sa a. Yo te dwe suiv enstriksyon byen presi ansyen ann Izrayèl yo te resevwa nan men Moyiz (Egz. 12:1-7, 21-23, 29). Nan ka sa yo, Moyiz ansanm ak ansyen yo te aji antanke moun k ap enstwi pèp Jewova a. Menm jan an tou, jodi a, ansyen yo ap fè yon travay ki enpòtan.

15 Petèt nou kapab reflechi ak plizyè lòt istwa nou jwenn nan Bib la kote Jewova te sèvi ak reprezantan l gen sou tè a oswa ak zanj yo pou l bay pèp li a enstriksyon k ap sove lavi yo. Nan tout ka sa yo, Bondye te jije l bon pou l bay moun sa yo otorite. Mesaje sa yo te pale nan non  Bondye, e yo te di pèp li a sa yo te dwe fè pou yo te ka soti nan yon pwoblèm. Èske n pa panse Jewova kapab fè menm bagay la tou nan Amagedòn? Nòmalman, jodi a, nenpòt ansyen ki gen responsablite pou l reprezante Jewova oswa òganizasyon l lan dwe fè anpil atansyon pou l pa sèvi ak otorite l genyen an pou l mal aji ak moun ki sou kont li yo.

“YON SÈL TWOUPO KI GEN YON SÈL BÈJE”

16. Ki “pawòl” nou dwe koute?

16 Pèp Jewova a se yon pèp ki fòme “yon sèl twoupo” anba direksyon “yon sèl bèje”, anpalan de Jezi Kris (Jan 10:16). Jezi te fè disip li yo konnen li t ap avèk yo “toulejou rive jis nan fen sistèm nan”. (Mat. 28:20.) Antanke Wa nan syèl la, Jezi gen bonjan kontwòl sou tout evènman ki pral mennen nan jijman Bondye pral fè kont monn Satan an. Pou n ka kontinye ret ini epi kontinye ret an sekirite nan twoupo Bondye a, nou dwe koute ‘yon pawòl ki pa dèyè nou’ k ap di nou ki chemen pou n pran. “Pawòl” sa a gen ladan l sa lespri sen Bondye di nou pa mwayen Bib la ak sa Jewova ak Jezi di nou pa mwayen moun yo nome antanke bèje yo. — Li Izayi 30:21; Revelasyon 3:22.

Ansyen yo chèche pwoteje fanmi kote se yon sèl moun k ap leve pitit yo kont move frekantasyon. (Gade paragraf 17, 18.)

17, 18. a) Ki danje k ap menase twoupo a, men, ki asirans nou kapab genyen? b) Ki sa n pral egzamine nan atik ki vin apre a?

17 Bib la di Satan ap sikile “tankou yon lyon k ap gwonde, l ap chèche devore moun”. (1 Pyè 5:8.) Menm jan ak yon bèt sovaj ki voras, l ap suiv twoupo a, l ap tann yon bon moman pou l vole sou mouton ki pa fè atansyon yo oswa ki kite twoupo a. Sa a se yon lòt rezon ankò ki fè n dwe ret atache ak twoupo a ansanm ak “bèje k ap siveye nanm nou an”. (1 Pyè 2:25.) Men sa nou li nan Revelasyon 7:17 konsènan moun ki pral chape vivan nan gwo tribilasyon an: “[Jezi], Timouton an [...] ap pran swen yo, e l ap mennen yo nan sous dlo lavi yo. E Bondye ap siye tout dlo nan je yo.” Ki pi bon pwomès ki ta ka genyen pase sa?

18 Etandone nou sot egzamine wòl enpòtan ansyen yo jwe antanke bèje espirityèl, l ap bon pou n mande tèt nou: Ki jan moun sa yo Bondye nome yo kapab sèten y ap trete mouton Jezi yo fason yo dwe trete yo a? Nou pral reponn kesyon sa a nan atik ki vin apre a.