Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske teyori evolisyon an ann akò ak Bib la ?

Èske teyori evolisyon an ann akò ak Bib la ?

Èske teyori evolisyon an ann akò ak Bib la ?

ÈSKE sa posib pou Bondye te itilize evolisyon pou l fè moun apati bèt ? Èske Bondye te dirije yon ti òganis pou l fè l devlope tounen pwason, ansuit pou l kontinye devlope pou l vin reptil, apre sa, pou l vin mamifè, e anfen pou l tounen yon ras makak ki te vin tounen moun ? Gen syantifik ak chèf relijye ki di yo kwè ni nan teyori evolisyon an ni nan Labib. Yo fè konnen liv Jenèz ki nan Bib la se yon parabòl. Petèt ou kapab ap mande tèt ou : ‘ Èske teyori ki fè kwè moun sot nan bèt la ann akò ak Bib la ? ’

Li esansyèl pou nou konnen orijin nou pou nou ka konnen kiyès nou ye, ki kote nou prale e ki fason pou nou viv. Dayè, se sèlman lè nou konnen orijin lòm, nou kapab konprann poukisa Bondye pèmèt soufrans e nou kapab konprann objektif li gen pou lòm. Nou pa kapab gen bonjan relasyon ak Bondye si nou pa kwè li se Kreyatè nou. Pakonsekan, annou egzamine sa Labib di sou orijin lòm, sou eta l kounye a ak sou fason li pral ye alavni. Konsa, n ap wè si teyori evolisyon an ann akò ak Labib.

Epòk kote te gen yon sèl òm

An jeneral, evolisyonis yo fè konnen yon kategori bèt te devlope pwogresivman pou yo vin tounen moun, konsa yo pa kwè yon lè se yon sèl òm ki te egziste sou tè a. Sepandan, Labib prezante yon lòt tablo. Li fè konnen nou soti nan yon sèl òm, Adan. Labib prezante nou Adan antanke yon moun ki te egziste toutbonvre. Li ban nou non madanm li ak non kèk nan pitit li yo. Li di an detay ki sa l te fè, ki sa l te di, ki lè li te egziste e ki lè li te mouri. Jezi pa t konsidere istwa sa a kòm yon parabòl pou yo rakonte moun ki pa enstwi. Yon lè, pandan li t ap pale avèk kèk chèf relijye ki byen enstwi, men pawòl li te di yo : “ Èske nou pa t li sila ki te kreye yo depi nan kòmansman an te fè yo mal ak femèl ? ” ​(Matye 19:3-5). Apre sa, Jezi te site pawòl yo rapòte konsènan Adan ak Èv nan Jenèz 2:24.

Lik, ki te youn nan ekriven Bib la e ki te yon istoryen serye, te prezante Adan kòm yon moun reyèl menm jan ak Jezi. Lè li t ap trase liy fanmi Jezi, li te remonte jis rive nan Adan (Lik 3:23-38). Anplis, lè apot Pòl t ap pale devan yon oditwa ki te gen ladan l kèk filozòf grèk, moun ki te enstwi nan gwo lekòl yo, men sa li te di : “ Bondye ki fè monn nan ak tout sa ki ladan l [...] fè tout nasyon moun soti nan yon sèl òm, pou yo abite sou tout kò tè a. ” ​(Travay 17:24-26). Sa klè, Labib anseye se desandan “ yon sèl òm ” nou ye. Èske sa Labib di konsènan kondisyon lòm te ye okòmansman an ann akò ak teyori evolisyon an ?

Lòm pèdi pèfeksyon

Selon Labib, Jewova te fè premye moun nan pafè. Dayè, li enposib pou Bondye ta fè yon bagay ki enpafè. Nan istwa yo rakonte konsènan kreyasyon an, men sa yo di : “ Bondye te kreye lòm pòtre ak li [...]. Apre sa, Bondye te wè tout sa l fè yo epi, gade ! yo te bon nèt. ”(Jenèz 1:27, 31). Ki jan yon moun pafè ye ?

Yon moun pafè gen libète pou l deside e li gen kapasite pou l imite kalite Bondye yo alapèfeksyon. Labib di : “ Vrè Dye a te fè lèzòm dwat, men yo menm yo chèche anpil plan. ” ​(Eklezyas 7:29). Adan te chwazi rebele kont Bondye. Lefètke li te fè sa, ni li menm ni desandan l yo te vin enpafè. Lefètke lòm te pèdi pèfeksyon, se sa ki fè souvan nou santi nou gen chagren lè nou echwe byenke nou vle fè sa ki byen. Men sa apot Pòl te ekri : “ Sa m ta renmen an, se pa li m pratike, men sa m rayi a, se li m fè. ” — Women 7:15.

Selon Labib, yon moun ki pafè t ap kapab viv pou toutan e li t ap gen yon sante pafè. Dapre sa Bondye te di Adan, li klè, si l pa t dezobeyi Bondye, li pa t ap janm mouri (Jenèz 2:16, 17 ; 3:22, 23). Jewova pa t ap deklare lòm li te kreye a “ bon nèt ” si l te ka malad oswa si l te gen tandans pou l rebele. Lefètke lòm te pèdi pèfeksyon, sa fè nou konprann poukisa kò moun kapab gen defòmasyon e moun kapab malad, malgre li fèt yon fason ki estrawòdinè. Donk, teyori evolisyon an pa ann akò ak Labib. Teyori sa a prezante moun nan epòk nou an kòm yon animal k ap amelyore. Sepandan, Labib prezante l kòm desandan yon moun pafè, yon desandan k ap deteryore.

Ide ki fè konprann Bondye te sèvi ak evolisyon pou l fè lòm nan pa ann akò ak sa Bib la di sou pèsonalite Bondye nonplis. Paske si Bondye te dirije yon pwosesis evolisyon, sa t ap vle di se li ki fè lèzòm vin nan eta yo ye kounye a, yon eta kote y ap soufri anba maladi ak pwoblèm. Okontrè, men sa Labib di konsènan Bondye : “ Wòch la, travay li bon nèt, paske tout chemen l se jistis. Se yon Bondye ki fidèl, avèk li pa gen enjistis. Li jis e li dwat. Se yo menm ki mal aji, yo pa pitit li, defo a se nan yo. ” ​(Detewonòm 32:4, 5). Se poutèt sa nou kapab di soufrans lèzòm jwenn kounye a se pa rezilta evolisyon, yon evolisyon Bondye swadizan dirije. Men, yo la paske yon moun te pèdi pèfeksyon ni pou tèt li ni pou desandan l yo lefètke li te rebele kont Bondye. Kounye a, piske nou fin pale sou Adan, annou pale sou Jezi. Èske teyori evolisyon an ann akò ak sa Bib la di konsènan Jezi ?

Èske w ka kwè nan teyori evolisyon an e nan Kris anmenmtan ?

“ Kris te mouri pou peche nou. ” Petèt ou deja konnen sa se youn nan ansèyman fondamantal krisyanis la (1 Korentyen 15:3 ; 1 Pyè 3:18). Pou nou ka wè pou ki rezon pawòl sa a pa ann akò ak teyori evolisyon an, nou bezwen chèche konprann rezon ki fè Labib rele nou pechè e ki sa peche fè nou.

Nou tout se pechè nan sans nou pa kapab imite kalite estrawòdinè Bondye genyen yo yon fason ki pafè, kalite tankou lanmou ak jistis. Se sa k fè Labib di : “ Tout moun peche e yo pa atenn glwa Bondye. ” ​(Women 3:23). Labib aprann nou se sa k lakòz lanmò. Pa egzanp, men sa l di nan 1 Korentyen 15:56 : “ Pikan ki bay lanmò a, se peche. ” Peche nou eritye a se premye rezon ki lakòz nou malad. Jezi te montre gen yon relasyon ant maladi ak kondisyon pechè nou ladan l lan. Li te di yon mesye ki te paralize pawòl sa yo : “ Peche w yo padone ” e apre sa, mesye a te geri. — Matye 9:2-7.

Ki jan lanmò Jezi a ede nou ? Labib fè yon konparezon ant Adan ak Jezi Kris, li di : “ Menm jan nan Adan tout moun mouri, se konsa, nan Kris, tout moun pral retounen jwenn lavi. ” ​(1 Korentyen 15:22). Lè Jezi te bay vi l kòm sakrifis pou nou, li te peye dèt peche nou te eritye nan Adan an. Konsa, tout moun ki demontre yo gen lafwa nan Jezi e ki obeyi l pral rejwenn sa Adan te pèdi a, sètadi posiblite pou yo viv pou toutan. — Jan 3:16 ; Women 6:23.

Kounye a, èske w wè jan teyori evolisyon an pa ann akò ak krisyanis la ? Si yon moun pa kwè “ nan Adan tout moun mouri ”, kòman l ka fè kwè “ nan Kris, tout moun pral retounen jwenn lavi ” ?

Sa k fè teyori evolisyon an atire moun konsa ?

Labib montre ki jan yon seri ansèyman tankou teyori evolisyon an, fè atire anpil moun. Men sa l di : “ Gen yon moman k ap rive kote yo pap tolere ansèyman ki pwofitab la, men, selon pwòp dezi yo, yo pral rasanble yon pil anseyan pou yo menm, pou fè zòrèy yo dous. E yo va detounen zòrèy yo pou yo pa tande laverite, alòske y ap vire al koute lejann. ” ​(2 Timote 4:3, 4). Byenke an jeneral moun k ap prezante teyori evolisyon yo prezante l nan yon langaj syantifik, men an reyalite se yon doktrin relijye li ye. Piske li anseye moun yo yon fason yo ka wè lavi a e li fè yo pran yon pozisyon parapò ak Bondye, kwayans li pwopaje yo parèt atiran pou lèzòm ki gen tandans pou yo egoyis e pou yo endepandan. Anpil moun ki kwè nan evolisyon pretann yo kwè nan Bondye tou. Sepandan, yo santi yo lib pou yo panse se pa Bondye ki te kreye bagay yo, li pa antre nan zafè lèzòm e li pa gen okenn jijman l ap fè anrapò ak lèzòm. Yon kwayans konsa fè zòrèy moun yo dous.

Moun k ap anseye evolisyon yo pa pale sou baz enfòmasyon ki reyèl, men pito yo pale selon “ pwòp dezi yo ”. Petèt se dezi yo genyen pou yo fè yon kominote syantifik aksepte yo, yon kominote kote se nan evolisyon pifò moun kwè. Gen yon pwofesè byochimi ki rele Michael Behe ki pase pifò vi l ap etidye fason anndan selil yo ki konplike fonksyone. Li esplike moun ki anseye selil yo evolye yo pa gen okenn baz pou yo pwouve sa y ap di yo. Èske l posib pou evolisyon an ta fèt nan nivo mikwoskopik sa a, nan nivo molekilè sa a ? Men sa Behe ekri : “ Teyori evolisyon molekilè a pa gen baz syantifik. Pa gen okenn ouvraj syantifik yo pibliye, kit se gwo jounal, jounal espesyalize, oswa liv, ki dekri ki jan yon sistèm byochimik reyèl e ki konplike te fèt oswa ki jan l te ka fèt selon evolisyon molekilè a [...]. Deklarasyon moun sa yo fè ki baze sou teyori Darwin nan kòmkwa se evolye molekil yo evolye pa kanpe sou anyen. ”

Bon, si evolisyonis yo pa ka pwouve kwayans yo genyen yo, poukisa y ap preche moun kwayans sa yo ak tout fòs sa a ? Men sa Behe esplike : “ Anpil moun, sa gen ladan l anpil syantifik enpòtan moun respekte, pa vle aksepte gen yon fòs sinatirèl ki fè kreyasyon an. ”

Doktrin evolisyon an atire anpil manm klèje a ki vle fè moun wè yo se entèlektyèl. Yo menm jan ak moun Pòl te dekri nan lèt li te voye bay kretyen women yo. Men sa l te di : “ Sa yo ka konnen konsènan Bondye parèt klè pami yo [...]. Kalite envizib li yo parèt klè depi nan kreyasyon monn nan, paske moun rive konprann yo nan bagay ki te fèt yo, wi pisans etènèl li ansanm ak Divinite l, se sa ki fè yo san eskiz. Paske, aktout yo te konnen Bondye, yo pa t glorifye l antanke Bondye, ni yo pa t di l mèsi, men yo aji kòm moun sòt nan rezònman yo, e kè yo ki pa entèlijan vin nan fènwa. Byenke yo t ap di yo saj, yo te vin fou. ” ​(Women 1:19-22). Ki sa ou kapab fè pou w pa kite fo anseyan twonpe w ?

Yon lafwa nan Kreyatè a ki chita sou prèv

Labib mete aksan sou enpòtans prèv genyen nan fason li defini lafwa. Li di : “ Lafwa se tann w ap tann avèk asirans bagay ou espere, se yon prèv vizib konsènan yon seri reyalite kwak ou pa wè yo. ” ​(Ebre 11:1). Vrè lafwa moun gen nan Bondye a dwe chita sou prèv ki demontre Kreyatè a egziste toutbonvre. Bib la montre ki bò nou ka jwenn prèv sa a.

Men sa David, youn nan ekriven Bondye te enspire pou ekri Bib la, te ekri : “ M ap louwe w paske mwen fèt yon fason ki bay lakrentif, yon fason ki estrawòdinè. ” ​(Sòm 139:14). Lè nou pran tan pou nou medite sou fason estrawòdinè kò nou ak kò lòt kreyati vivan yo fèt, sa fè nou gen anpil admirasyon pou sajès Kreyatè nou an. Kò nou gen plizyè milye sistèm k ap fonksyone ladan l. Yo fonksyone ansanm pou yo kenbe nou an vi e yo tout byen fèt pou yo ranpli wòl yo. Anplis, linivè bay prèv li gen presizyon matematik ak lòd ladan l. Men sa David te ekri : “ Syèl la ap pwoklame glwa Bondye, e lespas ap anonse travay li fè ak men l. ” — Sòm 19:1.

Labib se yon sous ki rich ak prèv konsènan Kreyatè a. Si w pran tan pou w egzamine amoni ki gen ant 66 liv ki gen ladan l yo, pou w egzamine jan prensip moral li yo siperyè e pou w egzamine fason pwofesi li gen ladan l yo toujou reyalize, sa ap ba ou yon pakèt prèv k ap demontre moun ki te fè ekri l la se Kreyatè a. Si w rive konprann ansèyman l yo, sa ap fè w gen konfyans Bib la se Pawòl Kreyatè a toutbonvre. Pa egzanp, lè w konprann kèk ansèyman biblik, tankou rezon ki fè gen soufrans, Wayòm Bondye a, esperans limanite genyen ak fason yon moun ka jwenn kè kontan, w ap wè yon prèv klè ki demontre sajès Bondye genyen. W ap vin santi w menm jan Pòl te santi l lè l te ekri pawòl sa yo : “ O ala pwofon richès ak sajès ak konesans Bondye pwofon ! Ala sa enposib pou moun dekouvri jijman l yo e pou moun rive jwenn tras chemen l yo ! ” — Women 11:33.

Tank w ap egzamine prèv yo e lafwa w ap grandi, se tank w ap gen konviksyon lè w ap li Bib la se Kreyatè a menm w ap koute. Se li ki di : “ Se mwen menm ki te fè tè a e ki te kreye lòm met sou li. Se mwen, se pwòp men pa m ki etann syèl la e se mwen ki kòmande tout lame yo fòme a. ” ​(Izayi 45:12). Se sèten, ou pap janm regrèt efò w ap fè pou w konnen Jewova kòm Kreyatè tout bagay.

[Antrefilè nan paj 14]

Apot Pòl te di kèk Grèk ki te enstwi se “ Bondye ki [...] fè tout nasyon moun soti nan yon sèl òm ”.

[Antrefilè nan paj 15]

Teyori evolisyon an prezante moun nan epòk nou an tankou yon animal k ap amelyore. Labib li menm prezante l kòm desandan yon moun ki te pafè, yon desandan k ap deteryore.

[Antrefilè nan paj 16]

“ Teyori evolisyon molekilè a pa gen baz syantifik. ”

[Antrefilè nan paj 17]

Fason estrawòdinè kò kreyati vivan yo fèt fè nou gen anpil admirasyon pou sajès Kreyatè nou an.