Èske Jezi se Bondye?
ANPIL moun konsidere doktrin Trinite a kòm “doktrin fondamantal relijyon kretyen yo”. Selon ansèyman sa a, Papa a, Pitit la ak lespri sen se yon sèl dye an twa pèsòn. Men sa Kadinal John O’Connor di konsènan Trinite a: “Nou konnen se yon gwo mistè, yon mistè nou poko konprann anyen ladan l.” Poukisa doktrin Trinite a difisil pou moun konprann konsa?
Gen yon diksyonè biblik (The Illustrated Bible Dictionary) ki bay yon rezon. Men sa l di: “Se pa yon doktrin biblik, paske pa gen okenn vèsè nan Bib la ki pale de li.” Kòm doktrin Trinite a se “pa yon doktrin biblik”, moun ki kwè ladan l yo fè tout sa yo kapab pou yo jwenn vèsè nan Bib la ki pou kore ansèyman sa a, yo konn menm tòde sans vèsè yo.
Èske Jan 1:1 kore doktrin Trinite a?
Youn nan vèsè yo souvan mal itilize se Jan 1:1. Men ki jan vèsè sa a parèt nan Bib Louis Segond an (fransè): “Okòmansman Pawòl la te la, e Pawòl la te avèk Bondye [grèk, tonn teyòn], e Pawòl la te Bondye [teyòs].” Vèsè sa a sèvi ak de fòm yon non grèk ki se teyòs (dye). Premye a gen tonn devan l ki se yon atik defini nan lang grèk la. Nan ka sa a, mo teyòn nan fè referans ak Bondye Toupisan an. Sepandan, dezyèm nan, anpalan de mo teyòs la, pa gen atik defini devan l. Èske se yon erè?
Poukisa doktrin Trinite a difisil pou moun konprann konsa?
Apot Jan te ekri Evanjil li a nan lang koyinè, lang grèk pifò moun te pale a e ki gen règ byen klè konsènan fason pou yo sèvi ak atik defini. Gen yon biblis ki rele A. T. Robertson ki rekonèt si ni sijè a, ni predika a gen atik devan yo, e “toude atik sa yo se atik defini, yo konsidere [ni sijè a ni predika a] se menm bagay, e youn ka pran plas lòt”. Yon egzanp Robertson pran se Matye 13:38, ki di: “Jaden an [an grèk, o agwòs], se monn nan [an grèk, o kosmòs].” Règ gramè yo pèmèt nou konprann monn nan se jaden an tou.
Men, e si sijè a gen yon atik defini e predika a pa genyen, jan sa ye nan Jan 1:1 an? Yon biblis ki rele James Allen Hewett site vèsè sa a kòm egzanp pou l fè konnen: “Nan yon fòm konsa, sijè a ak predika a pa menm, yo pa egal.”
Pou Hewett montre sa, li sèvi ak 1 Jan 1:5 ki di: “Bondye se limyè.” Nan lang grèk la, “Bondye” se o teyòs e li gen yon atik defini. Men, mo grèk pou “limyè” a, fòs, pa gen okenn atik devan l. Men sa Hewett fè konnen: “Yon moun ka toujou [...] di limyè se yon karakteristik lakay Bondye, men li pa ka di limyè se Bondye.” Nou jwenn egzanp menm jan an nan Jan 4:24, “Bondye se yon espri” ak nan 1 Jan 4:16, “Bondye se lanmou”. Nan lang grèk, nan toude vèsè sa yo, sijè yo gen atik defini, men predika yo, “espri” ak “lanmou”, pa genyen. Donk, nou pa ka mete predika yo nan plas sijè yo. Vèsè sa yo pa ka vle di “espri se Bondye” oubyen “lanmou se Bondye”.
Kiyès “Pawòl la” ye?
Gen anpil biblis ak tradiktè Labib ki rekonèt Jan 1:1 pa mete aksan sou kiyès “Pawòl la” ye, men sou yon karakteristik li genyen. Men sa yon biblis ki rele William Barclay fè konnen: “Lefètke [apot Jan] pa met atik defini devan teyòs, teyòs vin yon deskripsyon [...]. La a, Jan pa vle montre Pawòl la se Bondye. Yon fason senp, li pa di Jezi se Bondye.” Menm jan an tou, men sa Jason David BeDuhn, ki se yon biblis, di: “Nan lang grèk la, si w pa mete yon atik pou teyòs nan yon fraz tankou sa nou jwenn nan Jan 1:1c, moun k ap li yo ap konprann ou vle di ‘yon dye’ […]. Lè atik la pa la, sa fè teyòs diferan ak o teyòs ki defini, menm jan ‘yon dye’ diferan ak ‘Bondye’ nan lang anglè a.” Men sa BeDuhn di ankò: “Nan Jan 1:1, Pawòl la se pa Bondye, men li se yon dye, oubyen li tankou Bondye.” Oubyen, pou nou sèvi ak pawòl yon biblis ki rele Joseph Henry Thayer, ki te travay nan tradiksyon Bib ki rele American Standard Version nan: “Logòs la, [sa vle di Pawòl la] te tankou Bondye, men se pa li ki Bondye.”
Jezi te montre gen yon diferans klè ant li menm ak Papa l
Èske konnen kiyès Bondye ye oblije “yon gwo mistè”? Sanble se pa konsa Jezi te wè sa. Lè Jezi t ap priye Papa l, li te montre gen yon diferans klè ant li menm ak Papa l lè l te di: “Pou yo ka gen lavi ki pap janm fini an, se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Dye a, ak sila a ou te voye a: Jezi Kris.” (Jan 17:3). Si nou kwè nan Jezi e nou konprann ansèyman klè Bib la bay la, n ap respekte l pou sa l ye a, sa vle di Pitit Bondye. Epitou, n ap adore Jewova antanke “sèl vrè Dye a”.