Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwoteje tèt ou kont espri mechan yo

Pwoteje tèt ou kont espri mechan yo

Pwoteje tèt ou kont espri mechan yo

JAMES te leve sou zile Malaita, nan zòn andeyò. Zile sa a fè pati zile Salomon yo. Depi lè l te timoun piti, yo te aprann li pou l onore espri yo. Men sa l di: “Mwen pa t ap janm menm panse rele espri yo pou m fè lòt moun mal, men tou, mwen pa t panse yon moun te ka viv byen si l pa t sèvi ak rarafono [yon metòd tradisyonèl moun yo itilize pou yo chèche èd nan men espri yo] pou l jwenn pwoteksyon pou anyen mal pa rive l.”

Menm jan ak anpil moun toupatou sou tè a, moun ki viv sou zile Salomon yo panse espri yo ka swa ede yon moun, swa fè l mal. Anfèt, gen anpil Melanezyen ki renmen swadizan bon espri sa yo e ki pa pè yo.

Moun yo gen divès fason yo montre yo kwè nan espri yo. Pa egzanp, lè James te piti, fi yo nan vilaj li a te konn kouri fè pitit yo rantre anndan lakay yo lè yo tande yon zwazo yo rele Kowokowo ap chante. Poukisa? Paske yo panse lè zwazo sa a chante, malè pral rive yon moun.

Gen kèk moun ki abite nan vilaj yo ki mete yon ti wòch blan anlè tèt pòt kay yo. James te konn fè sa, paske l te kwè ti wòch sa a te ka pwoteje l kont movèzespri yo. E lè James te nan travay li, li te konn ranmase rès manje ki te rete apre l te fin manje nan poz yo e li te konn mete yo nan yon sache pou l jete yo. Prensipal rezon ki fè l te konn fè sa, se pou yon sòsye pa jwenn yo epi pou l pa sèvi avèk yo pou jete yon sò dèyè li pou l fè l malad.

Petèt pratik sa yo pa menm ak sa yo konn fè bò lakay ou, men petèt menm jan ak James, ou santi l nesesè pou w suiv yon seri tradisyon yon fason pou w ka jwenn pwoteksyon kont espri mechan yo. Petèt ou panse sa enpòtan anpil pou w asire sekirite w.

Si w gen respè pou Labib, sandout ou ta renmen konn ki repons li bay pou twa kesyon sa yo: 1) Ki mal espri mechan yo ka fè w? 2) Èske gen yon seri tradisyon ki ka fè w tonbe anba enfliyans demon yo? 3) Ki jan w ka jwenn bonjan pwoteksyon kont espri mechan yo epi jwenn kè kontan?

Fason espri mechan yo fè moun mal

Labib fè nou konprann li pa posib pou se moun ki mouri yo ki tounen espri mechan yo. Men sa Pawòl Bondye a di: “Moun vivan yo konnen yo gen pou yo mouri. Men moun mouri yo pa konn anyen.” ​(Eklezyas 9:5). Anfèt, espri mechan yo se zanj rebèl ki mete ansanm ak Satan pou yo twonpe lèzòm. —Revelasyon 12:9.

Ekriti yo di byen klè nou bezwen pwoteksyon kont espri mechan yo. Men sa apot Pòl te ekri kretyen Efèz yo: “Se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la [“ki nan zòn syèl la”, NW].” Apot Pyè te dekri Satan Ledyab, chèf tout espri mechan yo, kòm “yon lyon ki move, k’ap chache moun pou l devore.” —Efezyen 6:12; 1 Pyè 5:8.

Prensipal fason Satan fè moun ditò se lè l twonpe yo, lè l pran yo nan pyèj oubyen li tante yo pou yo aji yon fason ki ka ofanse Bondye. Labib di Satan “fè tèt li pase pou zanj limyè”. (2 Korentyen 11:14, Bib Kreyòl La.) Li pran pòz li se yon espri k ap pwoteje moun, alòske, an reyalite, li gen move entansyon. Satan avegle lespri moun yo pou yo pa rive konnen kiyès li ye e pou yo pa rive konnen laverite sou Bondye (2 Korentyen [2 Korent] 4:4). Nan ki objektif li twonpe yo?

Satan bezwen pou moun adore l, e li vle pou moun yo ba l adorasyon sa a kit yo rann yo kont y ap fè sa, kit yo pa rann yo konn se sa y ap fè. Lè Jezi, pwòp Pitit Bondye a te sou tè a, Satan te vle pou l ‘mete ajenou devan l pou l adore l’. Men sa Jezi te di l: “Wete kò ou sou mwen, Satan. Paske, men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore, se li menm sèl pou ou sèvi.” ​(Matye 4:9, 10). Jezi te refize fè kèlkeswa bagay ki te ka fè l soumèt devan Satan, sa ki te ka montre se adore l ap adore l.

Jewova se espri ki gen plis pisans pase tout espri ki genyen yo e li pap pèmèt yo fè moun ki obeyi l yo okenn mal ki pa ka repare (Sòm 83:18; Women 16:20). Men, si nou ta renmen fè Jewova Dye plezi menm jan ak Jezi, nou dwe evite tout aksyon ki ta ka montre nou soumèt ak Satan oubyen ak demon l yo. Se pou rezon sa a, nou bezwen idantifye pratik ki bay espri mechan yo onè e ki demontre se adore n ap adore yo. Ki jan w ka fè sa?

Idantifye pratik ki pa fè Bondye plezi yo

Jewova Dye te avèti Izrayelit yo, pèp li a nan tan lontan, pou yo pa kopye sou kèk nan tradisyon moun ki nan nasyon ki te toupre yo te genyen. Men sa l te di yo: “Yo pa dwe jwenn lakay ou [...] pyès moun ki itilize divinasyon, ni okenn majisyen, ni pèsonn k ap chèche siy sou sa ki pral rive, ni okenn sòsye, ni pèsonn k ap fè ekspedisyon dèyè lòt moun.” E men sa Bib la te di tou konsènan moun ki suiv koutim sa yo: “Tout moun k ap fè bagay sa yo se [moun] ki detestab pou Jewova.” —Detewonòm 18:10-12, NW.

Se sa k fè, lè n ap konsidere koutim ki gen nan zòn kote nou abite, nou bezwen konsidere kesyon ki vin apre yo: Èske koutim sa a ankouraje moun kwè nan prezaj [sa yo pretann yo anonse ki pral rive]? Èske l fè kwè gen yon seri objè ki pa gen vi nan yo ki gen pouvwa pou yo pwoteje moun? Èske koutim sa a mande pou moun jete sò dèyè moun oubyen pou yo chèche pwoteje tèt yo kont sò yo jete dèyè yo? Èske l ap mande pou moun soumèt devan espri ki pa ni Jewova, ni Jezi, reprezantan Li nome a? —Women 14:11; Filipyen 2:9, 10.

Li enpòtan anpil pou w rejte kèlkeswa koutim ki ankouraje moun pratike bagay sa yo. Poukisa? Men sa apot Pòl te resevwa enspirasyon pou l ekri: “Nou pa kapab ap manje sou menm tab avèk Senyè a anmenmtan pou n’ap manje sou menm tab ak denmon yo.” Li te fè konnen moun ki t ap eseye fè ni Bondye ni demon yo plezi yo t ap “fè Senyè a fè jalouzi”. (1 Korentyen [1 Korent] 10:20-22.) Jewova Dye mande pou nou ba l yon adorasyon san pataj e li merite sa. —Egzòd 20:4, 5.

Yon lòt kesyon nou bezwen konsidere se: Èske koutim sa a montre yon moun pa responsab aksyon l fè? Pa egzanp, adiltè ak relasyon seksyèl avan yon moun marye se bagay moun pa aksepte nan anpil kominote e Labib kondane pratik sa yo tou (1 Korentyen 6:9, 10). Sepandan, nan kilti kèk kote nan zile ki nan Pasifik yo, pratik sa yo kapab yon bagay ki akseptab si fi a di yo te pran l nan “fèy vèt” *, sa vle di yo te fè l gen relasyon seksyèl paske yo te fè maji pou li.

Sepandan, selon sa Labib anseye, nou responsab aksyon nou yo (Women 14:12; Galat 6:7). Pa egzanp, Èv, premye fi a te santi se Satan ki te twonpe l pou l fè l dezobeyi Bondye, paske l te di: “Se sèpan an wi ki pran tèt mwen ki fè m manje l.” Sepandan, Jewova te konsidere Èv responsab aksyon l (Jenèz 3:13, 16, 19). Nou menm tou, li konsidere nou responsab sa nou fè. —Ebre 4:13.

Ki sa w dwe fè?

Si w vle fè Bondye plezi e si w vle obeyi prensip ki nan Bib la, ou bezwen fè tout sa w kapab pou w pwoteje tèt ou kont Satan ak demon l yo. Moun sensè ki t ap viv Efèz yo nan premye syèk la te bay yon bon egzanp nan domèn sa a. Pou yo te ka rale kò yo anba enfliyans movèzespri yo, yo te ranmase tout liv yo te genyen ki te gen rapò ak maji e yo te “boule yo devan tout moun”. —Travay 19:19.

Anvan yo boule liv yo, yo te ‘vini, yo kanpe devan tout moun, yo te avwe tou sa yo te fè’. (Travay 19:18.) Sa Pòl te anseye yo konsènan Kris la te touche kè yo e nonsèlman sa te pouse yo detwi liv maji yo te genyen, men tou, sa te pouse yo chanje atitid parapò ak pratik sa yo.

Se vre, li ka pa fasil pou yon moun abandone tradisyon li genyen. James, nou te mansyone pi wo a te fè fas ak eprèv sa a. Li te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo e li te pran plezi nan sa l t ap aprann yo. Sepandan, li te kontinye pratike rarafono. Lè l te egzamine santiman l anrapò ak pratik sa yo, li te remake se vre li te kwè nan pwomès Jewova te fè pou lavni yo, men li te santi li te bezwen konte sou tradisyon yo kanmenm pou l ka jwenn pwoteksyon pou anyen mal pa rive l.

Ki sa k te ede James chanje pwennvi? Men sa l di: “Mwen te priye Jewova pou m mande l pwoteje m e pou m mande l ede m mete konfyans mwen nan li. E anmenmtan, mwen te abandone bagay mwen te konn pratike yo.” Èske gen bagay mal ki te rive l? James di: “Non.” Li di: “Sèl sa k te rive, sèke mwen te vin aprann fè Jewova konfyans. Mwen te wè ki jan Jewova kapab yon zanmi pwòch pou mwen.” James gen setan depi l nan sèvis aplentan. Konsa li ede lòt moun aprann sa Labib anseye.

Poukisa w pa suiv egzanp James? Pou w fè sa, ou bezwen egzamine koutim moun yo genyen nan zòn bò lakay ou, epi ou bezwen sèvi ak ‘kapasite w genyen pou w rezone’ pou w detèmine si yo ann amoni ak “volonte Bondye”. (Women 12:1, 2, NW.) Apre sa, se pou w gen kouraj pou w pa pratike bagay ki mele ak sipèstisyon. Si w fè sa, ou ka gen asirans Jewova ap “resevwa” w e l ap pwoteje w (2 Korentyen 6:16-18). Menm jan ak James, w ap wè pwomès sa a Labib fè a se verite: “Non Jewova se yon fòtrès solid. Moun ki jis la kouri antre anndan l, e li jwenn pwoteksyon.” —Pwovèb 18:10, NW.

[Nòt anba paj]

^ § 18 Ekspresyon sa a fè referans ak koutim ki genyen kote yon gason resite yon seri pawòl devan fèy yon plant byen presi oubyen devan yon manje byen presi lè l ap fè maji. Apre sa, li bay fi a bagay sa a. Yo pretann fèy la oubyen manje a fè fi a gen atirans pou gason an. Koutim sa a se pa menm bagay ak lè yo bay yon fi dwòg san li pa konn sa epi apre sa yo vyole l. Nan ka sa a, fi a se yon viktim ki inosan.

[Foto nan paj 19]

“Kowokowo.”

[Liy kredi]

Koutwazi Dr. Bakshi Jehangir

[Foto nan paj 19]

Yon tifi k ap ranmase rès manje pou yon sosyè pa kapab jwenn yo epi sèvi avèk yo pou jete yon sò dèyè l.