Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske Bondye mande pou moun konfese peche yo?

Èske Bondye mande pou moun konfese peche yo?

Èske Bondye mande pou moun konfese peche yo?

Jis kounye a, nan anpil legliz, gen moun ki konfese peche yo bay yon prèt oubyen yon responsab nan legliz la, e sa fè pati aktivite legliz la ak fason moun yo adore. Men, jodi a, nan monn sitirè n ap viv la, èske se yon bagay ki enpòtan oswa ki nesesè pou yon moun konfese peche l?

SE PA tout moun ki wè kesyon konfese peche a menm jan. Pa egzanp, gen yon jounal kanadyen (National Post) ki rapòte sa yon moun te di. Selon moun sa a, malgre se yon bagay ki difisil pou yon moun di yon lòt moun bagay mal li te fè, se pa ti libere “ou santi w libere lè gen yon moun ki konn sa, ki priye avè w, e ki di w sa pou w fè pou w ranje sitiyasyon an”. Yon lòt bò, gen yon liv ki rele Padone m, Monpè, paske m peche (anglè) ki fè konnen sa yon mesye te di sou kesyon konfese a: “Konfesyon se youn nan bagay nan Legliz ki pi kraze moral moun. Li fè moun yo gen pwoblèm sikolojik.” Ki sa Labib di sou kesyon sa a?

Sa Labib di

Nan lwa Bondye te bay pèp Izrayèl la, nou jwenn bonjan enstriksyon sou sa yon moun te dwe fè lè l te fè yon peche. Pa egzanp, si yon moun ta peche kont yon lòt moun oubyen li ta vyole youn nan lwa Bondye yo, li t ap gen pou l konfese peche a bay youn nan prèt nan tribi Levi a ki te la pou sa, e prèt la t ap gen pou l ofri yon sakrifis bay Bondye pou moun nan ka jwenn padon pou peche l la. —Levitik 5:1-6.

Plizyè syèk annapre, lè pwofèt Natàn te blame wa David pou peche l te fè yo, ki jan David te reyaji? Menm kote a David te di: “Mwen peche kont Senyè a.” ​(2 Samyèl 12:13). Epitou, li te priye, li te sipliye Bondye pou l fè l favè. Ki rezilta sa te bay? Men sa David te ekri annapre: “Mwen rekonèt peche m yo devan ou, mwen pat kache ou sa m te fè ki mal. Mwen di: M’ap rakonte Senyè a tout bagay. Apre sa, ou te padonnen tout peche m yo.” —Sòm 32:5; 51:1-4.

Bondye te mande kretyen ki te nan kongregasyon premye syèk epòk nou an pou yo konfese peche yo tou. Jak, yon frè Jezi bò kot manman e youn nan frè responsab nan kongregasyon ki te Jerizalèm nan, te bay kretyen parèy li yo konsèy sa a: “Se pou nou konfese peche nou yo aklè youn bay lòt, e se pou nou priye youn pou lòt, dekwa pou nou ka geri.” ​(Jak 5:16). Men, ki peche kretyen yo dwe konfese e ki moun pou yo konfese yo bay?

Ki peche kretyen yo dwe konfese?

Antanke moun ki enpafè, chak jou nou gen tandans aji san reflechi oswa nou gen tandans mal sèvi ak lang nou, e sa lakòz nou peche youn kont lòt (Women 3:23). Èske sa vle di nou dwe konfese tout kalite peche sa yo bay yon moun ki la pou sa?

Byenke tout peche se yon bagay ki mal nan je Bondye, avèk mizèrikòd, li pran defo nou yo an konsiderasyon paske l konnen nou eritye peche, sa ki lakòz nou enpafè. Salmis la te gen rezon di: “Si ou t’ap make tout zak nou fè, Senyè, ki moun ki ta ka leve tèt devan ou? Men, ou padonnen nou, pou n ka respekte ou.” ​(Sòm 130:3, 4). Donk, ki sa nou dwe fè lè nou peche kont lòt moun, petèt, san nou pa t vle sa? Sonje, priyè Jezi te bay disip li yo kòm modèl la te gen demann sa a ladan l: “Padone peche nou, paske nou menm tou nou padone moun ki peche kont nou.” ​(Lik 11:4). Wi, Bondye ap padone nou si nou priye l pou nou mande l padon nan non Jezi. —Jan 14:13, 14.

N ap remake Jezi te di Bondye ap padone nou akondisyon nou menm tou nou padone moun “ki peche kont nou”. Men rapèl apot Pòl te fè kretyen parèy li yo: “Se pou nou aji byen youn ak lòt, se pou nou gen konpasyon ak tandrès, se pou youn padone lòt ak tout kè l, menm jan Bondye padone nou ak tout kè l grasa Kris.” ​(Efezyen 4:32). Lè nou padone lòt moun pou sa yo fè nou ki mal, n ap gen bonjan rezon pou nou espere Bondye ap padone fot nou yo tou.

Men, èske nou ka atann pou Bondye padone gwo peche tankou vòl, bay manti ak fèm konviksyon, imoralite seksyèl, bwè pou sou, ak lòt ankò? Lè yon moun fè kalite peche sa yo, li vyole lwa Bondye yo e pakonsekan li peche kont Bondye. Ki sa l dwe fè?

Kiyès nou dwe konfese peche yo bay?

Bondye pa bay pèsonn sou tè a dwa padone peche moun fè kont li, se sèl li menm ki ka fè sa. Labib di nou byen klè: “Si nou konfese peche nou yo, [Bondye] ap padone nou yo, e l ap pirifye nou anba tout enjistis, paske li fidèl e li jis.” ​(1 Jan 1:9). Men, bay kiyès nou dwe konfese peche nou fè kont Bondye yo?

Piske se Bondye sèlman ki ka padone nou, se li menm nou dwe konfese peche sa yo bay. Se sa menm David te fè, jan nou te wè sa. Men, sou ki baz Bondye ap padone nou? Men sa Labib di nou: “Kidonk, se pou nou repanti, e se pou nou kase tèt tounen, pou peche nou ka efase, dekwa pou Jewova ka fè tan soulajman an rive.” ​(Travay 3:19). Donk, pou Bondye padone nou, nonsèlman nou dwe rekonèt nou te fè yon peche epi konfese peche a, men tou, nou dwe dispoze chanje move konduit nou genyen an. Etap sa a pa toujou fasil. Men, nou ka jwenn èd.

Sonje pawòl disip Jak yo nou te pale de yo pi wo a: “Se pou nou konfese peche nou yo aklè youn bay lòt, e se pou nou priye youn pou lòt, dekwa pou nou ka geri.” Men sa l te di apre pawòl sa yo: “Lè yon moun ki jis fè yon siplikasyon, sa gen anpil fòs e sa efikas.” ​(Jak 5:16). ‘Moun ki jis’ la kapab youn nan “ansyen yo nan kongregasyon an” Jak pale de yo nan vèsè 14 la. Nan kongregasyon kretyen an, “ansyen” yo se moun ki espirityèl ki gen responsablite pou yo ede moun ki ta renmen Bondye padone yo. Men, “ansyen” sa yo pa kapab padone peche moun, paske pèsonn moun pa gen dwa pou l padone peche yon moun parèy li fè kont Bondye *. Sepandan, “ansyen” yo kalifye nan domèn espirityèl pou yo reprimande yon moun ki fè yon peche grav, pou yo ede l rekonèt nan ki degre sa l fè a grav epi ede l wè nesesite pou l repanti. —Galat 6:1.

Poukisa yon moun konfese peche l?

Kit peche a grav, kit li pa grav, moun ki peche a deranje relasyon li gen ak moun parèy li e relasyon li gen ak Bondye. Se sa k fè li ka santi l toumante oswa mal alèz. Sa ka rive paske Bondye, Kreyatè nou an, ban nou yon konsyans (Women 2:14, 15). Ki sa moun nan ka fè pou sa?

Yon lòt fwa ankò, gade ki konsèy ankourajan nou jwenn nan liv Jak la: “Èske gen yon moun pami nou ki malad (nan domèn espirityèl)? Se pou l rele ansyen yo nan kongregasyon an vin kote l, e se pou yo priye pou li, pou yo pase luil sou li nan non Jewova. E lapriyè yo fè ak lafwa ap fè moun ki malad la refè, e Jewova ap leve l. Epitou, si l te fè peche, l ap jwenn padon.” —Jak 5:14, 15.

Nan ka sa a tou, ansyen yo gen responsablite pou yo pran swen twoupo a. Kòman yo ka fè sa? Se pa tande yo annik tande moun nan konfese peche l. Olye de sa, piske moun nan vin malad nan domèn espirityèl, gen yon bagay ki dwe fèt pou “moun ki malad la refè”. Gen de bagay Jak te di ki ka fèt.

Premyèman, annou pale konsènan kesyon “pase luil” la. Sa gen pou wè ak pouvwa Pawòl Bondye a genyen pou l geri. Apot Pòl te esplike “pawòl Bondye a vivan e li pisan, [...] e li kapab rive disène panse ak entansyon ki nan kè yon moun”, li kapab antre byen fon nan lespri yon moun ak nan kè l (Ebre 4:12). Grasa bon itilizasyon ansyen yo fè ak Labib, yo kapab ede moun ki malad nan domèn espirityèl la wè ki sa ki lakòz li malad e yo ka ede l wè ki sa l dwe fè pou l ranje relasyon l ak Bondye.

Epitou, gen “lapriyè yo fè ak lafwa” a. Byenke priyè ansyen yo pap fè Bondye pa aplike jistis li jan pou l aplike l la, priyè sa yo enpòtan pou Bondye, ki dispoze padone peche nou sou baz sakrifis ranson Kris la (1 Jan 2:2). Bondye prèt pou l ede nenpòt moun ki t ap pratike peche men ki repanti toutbon e ki fè “aksyon ki mache ak repantans”. —Travay 26:20.

Pi gwo rezon yon moun genyen pou l konfese peche li fè, swa kont yon moun parèy li, swa kont Bondye, se pou l ka vin gen bon relasyon ak Bondye. Jezi Kris te fè konnen nou dwe rezoud tout pwoblèm nou gen ak moun e nou dwe fè lapè avèk yo anvan si nou vle adore Bondye ak yon konsyans ki klè (Matye 5:23, 24). Men sa Pwovèb 28:13 di: “Moun k’ap kache peche p’ap janm wè zafè yo mache. Men, Bondye va gen pitye pou moun ki rekonèt peche yo, pou moun ki chanje lavi yo.” Lè nou imilye nou devan Jewova Dye e nou mande l padon, n ap gen favè l e l ap leve nou lè moman an rive. —1 Pyè 5:6.

[Nòt anba paj]

^ § 16 Gen kèk moun ki panse pawòl Jezi te di nan Jan 20:22, 23 yo se baz pou gen moun ki la pou padone peche lòt moun. Pou nou jwenn plis enfòmasyon sou kesyon sa a, gade nan Toudegad 15 avril 1996, paj 28-29 (fransè).

[Antrefilè nan paj 15]

Bondye ap pase sou peche nou fè yo e l ap padone nou si nou pwoche kote l e nou mande l padon nan non Jezi.

[Foto nan paj 16]

Pi gwo rezon yon moun genyen pou l konfese peche li fè, se pou l ka vin gen bon relasyon ak Bondye.