Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

SIJÈ KI SOU PAJ KOUVÈTI A: REZIRÈKSYON JEZI A: KI SA L VLE DI POU NOU?

Rezirèksyon Jezi a: Èske l te fèt vre?

Rezirèksyon Jezi a: Èske l te fèt vre?

SA GEN 2 500 ane, Ewodòt, yon istoryen grèk, te pale konsènan Ejipsyen ki t ap viv nan epòk li a. Men sa l te di: “Nan fèt moun rich yo te konn fè yo, apre moun yo fin manje, konn gen yon mesye ki vin ak yon estati ki sanble ak yon kadav ki kouche nan yon sèkèy ki mezire yon koude oswa de koude nan longè. Yo te fè yo e yo te pentire yo pou yo sanble ak yon vrè sèkèy e ak yon vrè kadav. Mesye a te konn montre tout moun ki te la estati sa a e li te konn di yo: ‘Bwè epi pran plezi w, byen gade estati sa a paske se konsa w ap ye lè w mouri.’”

Se pa sèl Ejipsyen yo ki te gen pwennvi sa a sou lavi ak lanmò. Jodi a, ekspresyon “manje, bwè, epi pran plezi w” se yon pawòl moun vin abitye di. Si tout bagay fini lè yon moun mouri, poukisa nou pa jwi lavi n toutotan nou kapab? Poukisa nou ta bezwen fè efò pou n fè sa ki byen? Si tout bagay fini lè yon moun mouri, sa t ap nòmal pou moun jwi lavi yo san yo pa reflechi ak demen. Se rezònman sa a apot Pòl te fè lè l t ap pale konsènan moun ki pa t kwè nan rezirèksyon. Men sa l te di: “Si moun mouri pa gen pou yo leve, ‘ann manje, ann bwè, paske demen n ap mouri’. ” — 1 Korentyen 15:32.

Natirèlman, Pòl pa t kwè tout bagay fini nèt lè yon moun mouri. Li te kwè moun ki mouri ka reviv ak espwa pou yo pa janm mouri. Sa apot Pòl te kwè a te chita sou yon evènman ki enpòtan anpil, sa vle di rezirèksyon * Kris Jezi a, yon verite li te kwè pèsonn pa ka demanti. Anfèt, rezirèksyon sa a se te yon evènman san parèy ki te fòtifye lafwa premye disip Jezi yo.

Men, ki enpòtans rezirèksyon Jezi a gen pou nou? Ki jan nou fè konnen li te fèt vre? Ann wè ki jan Pòl te rezone ak kretyen Korent yo sou pwen sa yo.

E SI KRIS PA T LEVE SOT NAN LANMÒ?

Nan tan lontan, gen kèk kretyen ki t ap viv Korent ki pa t fin konprann rezirèksyon an, e gen lòt ki pa t kwè ditou nan rezirèksyon an. Nan premye lèt apot Pòl te ekri kretyen Korent yo, li te pale sou plizyè konsekans ki t ap genyen si pa gen rezirèksyon vre. Men sa l te ekri: “Si se vre moun mouri pap resisite, ebyen menm Kris pa t leve. E si Kris pa t leve, se sèten se pou granmesi n ap preche, e se pou granmesi nou gen lafwa. Anplis de sa, se fo temwayaj n ap bay sou Bondye [...] lafwa nou pa itil anyen, e peche nou yo toujou la [...] E anplis moun ki te ann inyon ak Kris e k ap dòmi nan lanmò yo peri.” — 1 Korentyen 15:13-18.

“Li te parèt devan plis pase 500 frè anmenmtan [...] Apre sa, li te parèt devan Jak, ansuit devan tout apot yo. Men, apre yo tout, li te parèt devan m tou.” — 1 Korentyen 15:6-8.

Pòl te kòmanse ak yon rezònman ki difisil pou moun pa dakò avè l: si moun ki mouri pap resisite, ebyen Kris ki te mouri a pa t ap ka resisite. Ann sipoze Kris pa t resisite, ki sa sa t ap vle di? Ebyen, se ta pou granmesi moun t ap preche bon nouvèl la e sa t ap yon gwo manti. Anfèt, rezirèksyon Kris la se yon pwen ki enpòtan anpil nan kwayans Kretyen yo. E ansèyman rezirèksyon an makonnen ak kèk ansèyman fondamantal nou jwenn nan Bib la sou souvrènte Bondye, non Bondye, Wayòm li an, ak espwa n genyen pou n sove. Si rezirèksyon an pa t fè t vre, mesaj apot Pòl ak lòt apot yo te preche a pa t ap kanpe sou anyen.

T ap gen lòt konsekans si pa gen rezirèksyon vre. Si Kris pa t leve sot nan lanmò, se t ap pou granmesi Kretyen yo gen lafwa, yon lafwa ki t ap chita sou manti. Anplis de sa, se pa ta sou rezirèksyon Jezi a apot Pòl ak lòt disip yo ta bay manti sèlman, men tou yo ta bay manti sou Jewova Dye, Moun ki te resisite Jezi a. Sa k pi rèd la, pawòl nou jwenn nan Bib la ki di Kris te “mouri pou peche nou” yo t ap yon manti kri. Konsa, si Sovè nou an pa t ka leve sot nan lanmò, se pa lòt moun li t ap ka fè leve sot nan lanmò (1 Korentyen 15:3). Sa t ap vle di kretyen ki te mouri yo, menm sa ki te mouri akoz lafwa yo, te mouri ak yon fo espwa, anpalan de espwa yo te genyen yo t ap ka resisite.

Men nan ki konklizyon Pòl te rive: “Si se pou lavi sa a sèlman nou met espwa nou nan Kris, yo mèt pran lapenn pou nou plis pase tout moun.” (1 Korentyen 15:19). Menm jan ak anpil lòt kretyen, Pòl te kite anpil bagay, li te jwenn pèsekisyon, li te andire anpil pwoblèm e li te pase toupre lanmò paske l te kwè nan pwomès rezirèksyon an ak nan tout sa rezirèksyon an t ap pèmèt moun jwenn. Tout sakrifis sa yo pa t ap itil anyen si rezirèksyon an pa t fèt vre.

REZON KI FÈ NOU DWE KWÈ

Apot Pòl pa t panse sa Kretyen yo te kwè ladan l lan te chita sou manti. Li te konnen Bondye te leve Jezi sot nan lanmò. E Pòl te fè kretyen Korent yo konn sa lè l te di yo: “Kris te mouri pou peche nou, ann amoni ak Ekriti yo, yo te antere l, e li te leve sou twazyèm jou a, ann amoni ak Ekriti yo. E li te parèt devan Sefas, ansuit devan douz apot yo *.” Ansuit Pòl di: “Apre sa, li te parèt devan plis pase 500 frè anmenmtan. Pifò nan yo avèk nou jiska prezan, men gen kèk nan yo k ap dòmi nan lanmò. Apre sa, li te parèt devan Jak, ansuit devan tout apot yo. Men, apre yo tout, li te parèt devan m tou.” — 1 Korentyen 15:3-8.

Pòl te kòmanse ak yon pawòl moun ka fè konfyans: Kris te mouri pou peche nou yo, yo te antere l e Bondye te leve l sot nan lanmò. Ki sa k fè Pòl te kwè sa te fèt vre? Youn nan rezon yo se sa anpil moun te di yo te wè ak pwòp je yo. Apre Bondye te resisite Jezi, Jezi te parèt devan plizyè moun (san wete Pòl li menm). Li te parèt devan kèk ti gwoup moun e li te menm parèt devan yon gwo foul ki te gen 500 moun. Pami moun sa yo, petèt te gen plizyè ladan yo ki pa t fin kwè Jezi te leve sot nan lanmò vre lè yo te tande sa (Lik 24:1-11). Pifò nan moun sa yo ki te wè Jezi apre Bondye te resisite l te toujou vivan nan epòk Pòl la. Konsa, apot Pòl te ka pale ak moun sa yo pou l te ka konnen si yo te wè Jezi vre (1 Korentyen 15:6). Li te ka fasil pou yon moun pa kwè sa youn oubyen de moun di yo te wè ak pwòp je yo, men moun sa a pa t ap ka demanti 500 moun oubyen plis moun toujou ki di yo te wè menm bagay la ak pwòp je yo.

Remake tou, an de fwa, Pòl te esplike ni lanmò Jezi, ni antere yo te antere l la, ni rezirèksyon l lan te ann “amoni ak Ekriti yo”. Evènman sa yo montre aklè pwofesi nan Ekriti ebrayik yo ki pale sou Mesi a te reyalize vre. Konsa, evènman sa yo pwouve Jezi se Mesi yo te pwomèt la.

Malgre temwayaj moun ki te wè Jezi ak pwòp je yo te bay e malgre bonjan prèv Ekriti yo bay sou rezirèksyon Jezi a, te gen moun ki te gen dout rezirèksyon Jezi a te fèt vre, e jis jounen jodi a gen moun ki gen dout sa te fèt vre. Gen kèk moun ki di se vòlè disip Jezi yo te vòlè kò Jezi epi yo vin di Bondye te leve l sot nan lanmò. Sepandan, te gen sòlda women ki te kanpe devan gwòt kote yo te antere Jezi a e disip Jezi yo pa t gen okenn mwayen pou yo fè sòlda sa yo anyen. Gen lòt moun ki di wè moun yo te wè Jezi parèt devan yo a se te yon aparisyon. Pawòl yo di a pa kanpe sou anyen paske se pa yon sèl fwa Jezi te parèt devan plizyè moun, men li te fè sa plizyè lòt fwa ankò. Anplis de sa, èske l t ap fè sans pou yon moun kwè yon aparisyon t ap rete pou l kuit pwason pou l bay moun manje, jan Jezi te fè sa nan Galile apre Bondye te fin resisite l la (Jan 21:9-14)? Èske yon aparisyon ki pran fòm yon moun t ap mande moun ki t ap gade l yo pou yo vin manyen l? — Lik 24:36-39.

Gen lòt moun ankò ki di rezirèksyon an se te yon konplo disip Jezi yo te monte. Men, ki sa disip yo t ap jwenn si yo te fè sa? Lefètke disip yo te fè konnen rezirèksyon an te fèt vre, sa te fè moun pase yo nan rizib, yo te fè yo soufri e yo te menm touye yo. Poukisa yo ta mete lavi yo an danje konsa pou yo te ka gaye yon manti kri? Dayè, premye fwa yo te bay temwayaj sou rezirèksyon an se te devan opozan yo nan Jerizalèm. Opozan sa yo pa t ap pa kondane disip yo si yo te jwenn okazyon pou yo fè sa.

Se te rezirèksyon an menm ki te bay disip yo kouraj pou yo te bay temwayaj sou Seyè yo a malgre yo te konnen yo ta pral jwenn gwo pèsekisyon. Rezirèksyon Jezi a vin yon pwen prensipal nan kwayans Kretyen yo. Se pa sèlman paske Jezi se te yon anseyan ki plen sajès e moun te touye ki fè kretyen ki t ap viv nan premye syèk la te mete lavi yo an danje pou bay temwayaj sou li. Yo te riske lavi yo paske rezirèksyon an te montre aklè se Jezi ki Kris la, Pitit Bondye a, yon moun ki te gen anpil pouvwa, yon moun ki te ede yo e ki te gide yo nan lavi yo. Lefètke Bondye te resisite Jezi, disip yo te konprann si yo ta mouri yo t ap gen pou yo resisite tou. An reyalite, si Bondye pa t leve Jezi sot nan lanmò, pa t ap gen moun ki kretyen. Si Jezi pa t resisite vre, nou te ka pa janm tande pale de li.

Men, ki sa rezirèksyon Jezi a vle di pou nou jodi a?

^ § 5 Nan Bib la, mo “rezirèksyon” an se tradiksyon yon mo grèk ki vle di literalman “leve kanpe ankò”. Li bay ide yon moun ki vin vivan ankò ak menm idantite l, menm pèsonalite l e menm memwa l te genyen yo.

^ § 13 Lè yo di “douz apot yo”, se yon lòt fason pou yo pale de “apot yo”. Apre Jida Iskaryòt te mouri, pandan yon ti tan, te gen sèlman 11 apot. Gen yon lè Jezi te parèt devan apot yo. Pi plis apot ki te ka la lè sa a se 10, paske Toma pa t la e Jida Iskaryòt te gentan mouri. Donk, 12 apot y ap pale nan vèsè a reprezante kantite apot ki te la yo. — Jan 20:24.