Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

‘Nan mòn li yo n’a jwenn kuiv’

‘Nan mòn li yo n’a jwenn kuiv’

Pandan yon ekip akeyològ t ap fè rechèch nan flan mòn ak gwòt ki nan dezè Jide, yo t al tonbe sou yon gwòt ki te sou tèt yon falèz. Èske yo te jwenn bagay ki gen anpil valè, petèt kèk bagay moun te konn itilize nan tan lontan oubyen kèk ansyen maniskri tankou woulo yo te jwenn nan zòn Lanmè Mòt yo? Yo te sezi lè yo te dekouvri yon vrè trezò, yo te vin rele trezò sa a Nahal Michma.

YO TE jwenn trezò sa a nan yon twou, li te vlope nan yon nat ki fèt ak wozo. Yo te jwenn li nan mwa mas 1961. Te gen plis pase 400 objè nan trezò sa a e pifò ladan yo te fèt an kuiv. Pami yo te gen yon koleksyon kouwòn, te gen sèp ak zouti. Te gen yon seri epe ki gen pwent won ak lòt kalite zam ankò. Trezò yo te jwenn nan enterese moun ki konn li Labib yo, lè n konsidere sa yo di nan Jenèz 4:22 a ki pale de Toubal Kayen kòm yon ‘bòs fòjewon ki te konn travay kuiv ak fè’.

Gen anpil kesyon moun ap poze sou orijin trezò sa a ak sou istwa l e anpil nan kesyon sa yo poko jwenn repons. Sepandan, dekouvèt sa a montre depi lontan moun nan tan biblik yo te abitye ak min kuiv, yo te konn fonn metal e yo te konn vide yo nan moul pou yo fè tout kalite bagay avè yo.

KOTE KI TE GEN KUIV NAN LATÈ PWOMIZ

Lè Izrayelit yo te pare pou yo antre nan Latè pwomiz, Moyiz te di yo: “N’a jwenn [kuiv] nan mòn li yo.” (Detewonòm 8:7-9). Nan Izrayèl ak nan Jòdani, akeyològ yo te dekouvri yon kantite kote ki te gen min nan tan lontan ak kèk kote yo te konn fonn metal tankou Kibatan Nahaz, Timna, ak Feynan. Ki sa kote sa yo revele?

Tè nan zòn Feynan ak Timna chaje ak twou ki pa twò fon, kote kèk moun ki t ap travay nan min te konn vin pran kuiv sou yon peryòd ki plis pase 2 000 an. Menm jodi a, vizitè yo ka jwenn pakèt moso wòch ki gaye toupatou ki gen tach vèt sou yo ki montre yo gen kuiv ladan yo. Moun ki te konn travay nan min lontan yo, te konn pran san yo pou yo koupe wòch yo avèk yon seri zouti yo te fè ak wòch pou yo te ka pran kuiv kote yo te wè tras kuiv. Lè yo te fin pran tout kuiv yo te ka wè yo, yo te itilize yon seri zouti ki fèt ak metal pou yo ka fouye pi fon, yo fè gwòt yo vin pi laj, konsa yo vin fouye yon seri pi ki fon ak yon seri tinèl (Jòb 28:2-11). Travay sa a te di anpil e l te mande anpil fòs. Anfèt, soti nan twazyèm syèk epòk nou an pou rive nan senkyèm syèk epòk nou an, kòm santans, otorite women yo te konn fè pi gwo kriminèl yo ak lòt prizonye travay nan min kuiv ki te Feynan yo.

Yo te jwenn yon pakèt dechè ki soti nan founo yo te konn fonn metal nan Kibatan Nahaz (non sa a vle di, “Retay kuiv”), sa montre te gen endistri kote yo  te konn fonn kuiv nan zòn sa a. Espesyalis yo kwè, te gen minrè ki soti nan min ki te toupre yo, tankou nan min ki te Feynan ak Timna, yo te bwote lage la a. Pou yo te ka retire kuiv la nan minrè a, yo te sèvi ak aparèy ki gen tiyo ki bay van sou presyon ansanm ak pye yon aparèy yo rele soufleri pou yo soufle dife chabon an dekwa pou yo ka ogmante tanperati a a 1 200 degre Sèlsiyis anviwon, pandan uit a dis èdtan. Souvan yo bezwen itilize 5 kilogram minrè pou yo ka pwodui yon mas kuiv ki peze 1 kilogram. Apre sa yo te ka mete kuiv la nan moul pou yo fè tout kalite objè avè l.

YO TE KONN ITILIZE KUIV NAN IZRAYÈL TAN LONTAN AN

Nan mòn Sinayi, avèk presizyon, Jewova te mande pou yo itilize metal atiran ki nan min nan zòn nan pou yo konstwi tabènak la e kèk tan apre yo te fè menm bagay la pou yo te konstwi tanp Jerizalèm nan (Egzòd, chapit 27). Izrayelit yo ka te gen konesans nan fewónri anvan yo t al ann Ejip, oubyen petèt yo te vin gen konesans sa a pandan yo te ann Ejip. Apre Izrayelit yo te fin kite peyi Ejip, yo te anmezi pou yo fonn metal pou yo fè yon ti bèf annò. Anplis de sa, yo te fè anpil bagay an kuiv, bagay yo te bezwen pou yo fè sèvis nan tabènak la, tankou gwo basen an, mamit, kaswòl, pèl, ak fouchèt. — Egzòd 32:4.

Kèk tan apre, pandan Izrayelit yo t ap mache nan dezè a, petèt nan zòn Pounon (sanble se kote sa a yo rele Feynan jodi a), yon kote ki te chaje ak kuiv, pèp la t ap plenyen akoz lamàn nan e yo t ap plenyen pou dlo. Pou Jewova te pini yo, li te voye yon seri koulèv ki gen pwazon vin mòde yo e anpil moun te mouri. Lè Izrayelit yo te repanti, Moyiz te priye Jewova pou yo, e Jewova te ba l enstriksyon, li te di l pou l fè yon koulèv an kuiv epi pou l mete l anlè sou yon poto. Men sa Labib di: “Konsa, depi yon sèpan mòde yon moun, moun lan va annik gade pòtre sèpan an, epi li p’ap mouri.” — Nonb 21:4-10; 33:43.

KUIV WA SALOMON TE GENYEN YO

Gen anpil pati nan tanp Jerizalèm nan yo te fè an kuiv.

Wa Salomon te sèvi ak yon bon kantite kuiv pou l te meble tanp Jerizalèm nan. Se David, papa l, ki te jwenn pifò nan kuiv sa yo lè l te anvayi peyi Siri (1 Kwonik 18:6-8). ‘Lanmè yo te fè ak metal yo fonn’ nan, yon gwo basen an kuiv prèt yo te konn itilize pou yo te lave kò yo, te gen kapasite pou l kenbe 17 500 galon dlo e petèt li te peze 30 tòn (1 Wa 7:23-26, 44-46NW). Apre sa, te gen de gwo poto an kuiv nan antre tanp lan. Yo te mezire 8 mèt wotè. Tèt poto yo te gen yon pati ki pi laj, yo te mezire 2,2 mèt wotè. Poto yo te epè, yo te mezire 7,5 santimèt e dyamèt poto yo te mezire 1,7 mèt (1 Wa 7:15, 16; 2 Kwonik 4:17). Nou ka rete bouch ouvè lè nou reflechi ak kantite kuiv yo te sèvi pou yo te fè twa bagay sa yo sèlman.

Mete sou sa, moun nan tan biblik yo te konn itilize kuiv nan aktivite y ap mennen chak jou. Pa egzanp, Bib la fè nou konnen yo te konn sèvi ak kuiv pou yo fè zam, chèn, enstriman mizik ak pòt (1 Samyèl 17:5, 6; 2 Wa 25:7; 1 Kwonik 15:19; Sòm 107:16). Jezi te pale konsènan lajan yo te fè ak “kuiv” moun yo te konn mete nan bous yo. Apot Pòl te pale de “Aleksann, bòs ki konn travay kuiv la”. — Mat. 10:9; 2 Tim. 4:14.

Gen anpil kesyon moun ap poze ki poko jwenn repons sou orijin pakèt kuiv ki te gen nan tan biblik yo ak sou trezò Nahal Michma a e akeyològ yo ak istoryen yo bezwen fè rechèch sou yo. Sepandan, verite a sèke, jan Bib la konfime sa, peyi Izrayelit yo te eritye a se te ‘yon bon peyi, yon peyi kote yo te konn jwenn kuiv nan mòn li yo’. — Detewonòm 8:7-9.