Al gade sa k anndan l

Tribinal distri Pèvomayiski, nan Bichkèk, Kigistan.

1ye DESANM 2021
KIGISTAN

Yon tribinal nan Kigistan eseye entèdi 13 nan piblikasyon Temwen Jewova yo

Yon tribinal nan Kigistan eseye entèdi 13 nan piblikasyon Temwen Jewova yo

Jedi 2 desanm 2021 an, tribinal distri Pèvomayiski nan Bichkèk, nan peyi Kigistan, ap pran desizyon konsènan 13 nan piblikasyon nou yo pou di si yo se piblikasyon ki ekstremis. Dokiman anrapò ak ka sa a montre objektif yo se fè menm jan ak Larisi pou yo pa sèlman entèdi piblikasyon nou yo, men pou yo fè plis pase sa. Pa egzanp, nan yon lèt Komite nasyonal sekirite peyi a te ekri Komisè gouvènman an, li fè konnen pou yo “konsidere posiblite pou yo entèdi piblikasyon òganizasyon an e si posib pou yo entèdi òganizasyon an fonksyone nan Kigistan”.