Al gade sa k anndan l

ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ

Matye 11:28-30 — “Vini jwenn mwen, […] m’a soulaje nou”

Matye 11:28-30 — “Vini jwenn mwen, […] m’a soulaje nou”

 “Vin jwenn mwen, nou tout ki bouke e ki gen chay n ap pote, e m ap ban nou fòs. Pran jouk mwen an met sou zepòl nou, e aprann nan men m, konsa n ap jwenn fòs, paske mwen gen tanperaman dou e mwen gen imilite nan kè m. Paske, jouk mwen an fasil pou moun pote e chay mwen an lejè.” — Matye 11:28-30, Tradiksyon monn nouvo a.

 “Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m’a soulaje nou. Pran jouk mwen, mete l’ sou zepòl nou. Pran leson nan men mwen. Paske mwen dou, mwen toujou soumèt mwen tout bon devan Bondye. Konsa, n’a viv ak kè poze. Paske, jouk m’ap ban nou an fasil pou pote, chay m’ap ban nou an pa lou.” — Matye 11:28-30, Bib la.

Sa Matye 11:28-30 vle di

 Avèk lanmou, Jezi te envite moun ki t ap koute l yo pou yo vin jwenn li. Li te ba yo asirans si yo te aprann nan men l, li t ap ba yo soulajman e li t ap ba yo fòs.

 “Vin jwenn mwen, nou tout ki bouke e ki gen chay n ap pote.” Moun sa yo Jezi te bay envitasyon sa a te santi yo gen yon “chay lou” y ap pote akoz règ ak tradisyon chèf relijye yo te fòse yo suiv (Matye 23:4; Mak 7:7). Moun yo te santi yo strese anpil akoz yo te dwe travay di jis pou yo ka pran swen fanmi yo.

 “M ap ban nou fòs.” Jezi te pwomèt moun ki t ap aksepte envitasyon sa a l ap ba yo soulajman oswa repo. Li te fè sa lè li te ede yo konprann sa Bondye te vle yo fè toutbonvre (Matye 7:24, 25). Konesans sa a te libere yo anba yon seri manti ak tradisyon ki t ap toupizi yo (Jan 8:31, 32). Menm lè sa te mande efò pou yo aprann e pou yo aplike sa Jezi t ap anseye yo, lè yo te fè sa, yo te jwenn soulajman.

 “Pran jouk mwen an met sou zepòl nou, e aprann nan men m.” Nan tan lontan, yon moun ki t ap pote yon chay lou te konn sèvi ak yon jouk, oswa yon moso bwa sou zepòl li pou ede l pote chay la. Donk, mo lè yo tradui l yo mete “jouk” pou li a konn vle di tou suiv oswa aksepte otorite yon lòt moun (Levitik 26:13; Ezayi 14:25; Jeremi 28:4). Ekspresyon “aprann nan men m” nan ka vle di tou “vin disip mwen”. Donk, Jezi te ankouraje moun ki t ap koute l yo pou yo vin disip li lè yo suiv li e yo imite egzanp li. — Jan 13:13-15; 1 Pyè 2:21.

 “N ap jwenn fòs.” Jezi pa t pwomèt pou l elimine tout pwoblèm yo lamenm, men li te ede moun ki t ap koute l yo jwenn rekonfò e li te ba yo espwa (Matye 6:25-32; 10:29-31). Moun ki te aksepte ansèyman l yo e ki te vin disip li te aprann li pa yon chay pou yo sèvi Bondye, okontrè lè yo fè sa, yo jwenn bonjan kè kontan. — 1 Jan 5:3.

 “Paske, jouk mwen an fasil pou moun pote e chay mwen an lejè.” Kontrèman ak chèf relijye yo nan epòk Jezi a, Jezi te gen imilite e li te gen yon tanperaman ki dou (Jan 7:47-49). Li pa t janm aji yon fason ki di, ni li pa t egzijan avèk moun yo. Olye de sa, li te aji avèk jantiyès e li te abòdab. Li te rezonab avèk disip li yo, li pa t atann pou yo aji yon fason ki pafè (Matye 7:12; Mak 6:34; Lik 9:11). Li te montre yo fason yo ka jwenn byenfè grasa mizèrikòd Bondye ak fason yo ka jwenn soulajman lefètke yo gen yon konsyans ki klè (Matye 5:23, 24; 6:14). Nonsèlman bèl kalite Jezi yo te atire moun, men tou kalite sa yo te pouse yo aksepte jouk li a epi vin disip li.

Kontèks Matye 11:28-30

 Jezi te di pawòl nou jwenn nan Matye 11:28-30 lan lè l t ap preche nan Galile nan ane 31 epòk nou an. Se sèlman apot Matye ki se youn nan moun ki te ekri Evanjil yo ki pale de envitasyon sa a Jezi te fè a. Piske Matye te yon ansyen pèseptè e l te yon juif tou, li te byen konnen fason moun nan pèp la te santi yo. Women yo t ap toupizi yo anba taks e sistèm relijye juif la te kòwonpi. Donk, sandout, lè Matye te wè fason Jezi te sèvi avèk otorite Jewova a, Papa l, te ba li a, sa te ankouraje l. Jezi te envite moun ki gen imilite yo ak moun ki santi yo kraze pou yo vin jwenn li. — Matye 11:25-27.

 Nan Evanjil Matye te ekri a, li mete aksan sou bèl kalite Jezi te demontre antanke Mesi Bondye te pwomèt la e antanke moun ki pral dirije Wayòm Bondye a alavni. — Matye 1:20-23; Ezayi 11:1-5.

 Gade videyo sa a ki tou kout pou w wè yon rezime sou liv Matye a.

a Jewova se non Bondye (Sòm 83:18). Gade atik “Kiyès Jewova ye?” a.